Koulè Blan
DEZYÈM DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE LEKTI
«Yon sèl kè ak yon sèl nam»
LEKTI TRAVAY APOT YO 4, 32-35
Foul moun ki te kwè yo te gen yon
sèl kè ak yon sèl nam; pèsòn nan yo pa t’ konsidere sa l’ te genyen kòm pwòp
byen pa l’, men tout bagay te ansanm pou yo. Avèk gran fòs, Apot yo t’ap sèvi rezireksyon Jezikri Granmèt
nou an temwen, te gen gran gras nan yo tout.
Nan pami yo pa t’ gen pèsòn ki te
nan bezwen; tout moun ki te gen jaden oubyen kay, yo vann yo, yo pote pri
lavant la, yo depoze l’ nan pye Apot yo; yo separe l’ bay yo chak, daprè sa
chak moun te bezwen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117, 2-4. 16ab-18. 22-24 (r.: 1)
R/ Fè lwanj
Granmèt la poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se pou Izrayèl di sa koulye a,
poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan
Se pou kay Aawon an di sa koulye a,
poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se pou sa yo ki respekte Granmèt la
di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men
dwat Granmèt la leve byen wo.
Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap
rakonte travay Granmèt la
Granmèt la korije m’ byen korije,
men li pa lage m’ nan lanmò.R.
Wòch la bòs mason yo te rejte a, se
li menm ki vin tounen tèt kwen an,
Se nan Granmèt la sa sòti pou l’
fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.
Sa a se jou Granmèt la fè a: se pou
nou fete, se pou nou kontan nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Tout sa k’ fèt sot nan Bondye, li ranpòte viktwa sou tè a»
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 5,
1-6
Nou menm mwen renmen anpil la:
Tout moun ki kwè Jezi se Kris la, se
nan Bondye li fèt; tout moun, ki renmen sa a ki bay nesans la, li renmen sa a
ki fèt nan li a tou. Se nan sa nou rekonèt nou renmen sa
yo ki fèt nan Bondye yo, se lè nou renmen Bondye epi nou fè kòmandman l’ yo;
kòmandman l’ yo pa lou.
Sèke tout sa ki fèt nan Bondye li
ranpòte viktwa sou tè a, epi men viktwa a, ki ranpòte viktwa sou tè a, se lafwa
nou. Kilès sa a ki ranpòte viktwa sou tè a, si se pa sa a ki kwè Jezi se Pitit
Bondye a?
Sa a se li menm ki vini nan dlo a ak
san an, se Jezikri; pa nan dlo a sèlman, men nan dlo a ak san an. Epi se Espri
a ki sèvi temwen Jezikri se verite a.
LEVANJIL
«Aprè ui jou, Jezi rive».
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 20,
19-31
Lè aswè rive, jou sa a, premye jou
semèn nan, tout pòt yo te fèmen, kote disip yo te rasanble poutèt yo te pè Juif
yo, Jezi rive, li kanpe nan mitan, li di yo: "Lapè pou nou". Pandan
l’ap di sa, li montre yo men yo ak bò kòt la. Disip yo kontan lè yo wè Granmèt
la.
Li di yo ankò: "Lapè pou nou.
Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen voye nou". Lè l’ fin di
sa, li soufle, li di yo: "Resevwa Espri Sen an. Moun nou renmèt peche yo,
peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo, y’ap ret kenbe".
Toma menm, youn nan douz yo, sa yo
rele Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an. Lòt disip yo di l’:
"Nou te wè Granmèt la".
Li menm li di yo: "Si m’ pa wè
mak klou yo nan men l’, si m’ pa met dwèt mwen nan plas klou yo, si m’ pa met
men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè".
Aprè ui jou, disip li yo te anndan
an ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te fèmen, li kanpe nan mitan, li
di: "Lapè pou nou". Aprè sa, li di Toma: "Met dwèt ou isit, gade
men m’, lonje men ou mete l’ nan bò kòt mwen, sispann ret san lafwa, se pou ou
gen lafwa".
Toma reponn, li di l’: «Granmèt mwen
ak Bondye m’»!
Jezi di l’: "Paske ou wè m’,
Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè men ki kwè".
Jezi fè anpil lòt siy ankò devan
disip li yo, yo pa ekri nan liv sa a. Sa yo, yo ekri yo, pou nou kwè Jezi se
Kris Pitit Bondye, epi pou antan nou kwè a, nou gen lavi o non l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a,
nou wè ki jan premye kominòte kretyen yo t’ap byen viv ansanm. Pa t’ gen nèg rich ak
nèg malere nan mitan yo. Yo tout te yon sèl fanmi. Te gen tèt ansanm, tout sa
yo te genyen, yo te pataje l’ youn avèk lòt.
Pou nou menm, sa ka sanble enposib. Nou abitye di yon
seri de pwovèb pou montre jan bagay yo pa sanble menm ak jan Bib la prezante
lavi premye apòt yo: «Chak koukouy klere
pou jè l’», «nèg pa fye nèg depi nan Ginen», «zafè kabrit pa zafè mouton». Tout
tan nou pa chanje mantalite sa a, peyi a p’ap janm vanse. Nan moman sa a, gen
anpil pèsèkisyon kote n’ap viv, fò n’ ini nou.
Nan dezyèm lekti a Sen Jan ap di nou si nou pa gen tèt
ansanm, si kòmandman youn renmen lòt la sanble twò lou pou nou, se paske nou
manke renmen Bondye tou. Si ou pa renmen frè ak sè ou, ke ou wè ak de grenn jè
w’, epoutan ou plede di ou renmen Bondye, se manti.
An nou mande Bondye padon, an nou kite l’ plen kè nou
ak gras Lespri Sen an k’ap montre nou byen viv ansanm, konsa n’a jwenn kè poze
n’ap chache a.
Tèlman nou chaje pwoblèm, li ka difisil pou n’ aksepte
bòn nouvèl sa a. Ebyen, si nou bezwen wè mak klou yo pou n’ kwè, tankou Toma,
nou pa bezwen chache twò lwen, paske toupatou nan mitan nou gen moun ki klouwe
sout tout kalite kwa, se yo menm ki Kris la tou vivan nan mitan nou, se ak yo
menm pou nou montre si nou renmen Bondye.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt,
fè n’ wè ou vivan nan mitan nou, plen kè nou ak Lespri Sen ou lan, pou nou youn
renmen lòt.
PWOPOZISYON: Olye mwen chita ap
kritike tout sa k’ pa bon, m’ap chèche fè sa ki bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario