Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Lespri Sen an avèk nou deside pou yo pa poze okenn lòt chaj sou nou pase
bagay sa yo ki nesesè yo".
LEKTI TRAVAY APOT YO 15, 22-31
Jou sa yo : Apot yo ak ansyen yo
deside ansanm ak tout Legliz la pou yo chwazi kèk mesye nan pami yo, pou yo
voye yo Antyòch avèk Pòl ak Banabe, se Jid, sa yo bay ti non Basabas la, epi
Silas, moun ki gen gran konsiderasyon nan pami frè yo ; yo ekri pa lantremiz yo
:
"Apot yo ak ansyen yo, frè yo,
pou sila yo ki Antyòch, Siri ak Silisi yo, frè yo ki nan pami nasyon yo, sali.
Kòm nou tande gen kèkzen ki sòti nan pami nou bò isit la, k’al twouble nou lòt
bò a, yo boulvèse nam nou avèk pawòl yo, men se pa nou menm ki te bay lòd; nou
deside, nou tout ansanm tankou yon sèl moun pou nou chwazi kèk mesye, pou nou
voye yo kote nou ansanm avèk Banabe ak Pòl nou renmen anpil yo, se moun ki bay
lavi yo pou non Granmèt nou Jezikri. Konsa nou voye Jid ak Silas, yo menm y’a
rapòte nou menm bagay sa yo nan pawòl yo.
Lespri Sen an deside avèk nou, pou
yo pa opoze okenn dòt chaj sou nou pase bagay sa yo ki nesesè yo: pou nou evite
bagay yo sakrifye bay zidòl, ni san, ni vyann toufe, ni move plezi, n’a aji
byen antan nou prezève tèt nou sot nan bagay sa yo. Kouraj".
Yo menm menm, yo pati, yo desann
Antyòch; yo rasanble foul la, yo renmèt lèt la. Lè yo li l’, yo kontan avèk
konsolasyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 56, 8-9. 10-12 (r.: l0a)
R/ M’ap fè
lwanj ou nan pèp yo, Granmèt.
Kè m’ pare, Bondye kè m’ pare; m’ap
chante, m’ap resite sòm.
Leve, bèlte m’, leve, gita bandyo,
m’ap reveye devan jou a.R.
M’ap fè lwanj ou nan pèp yo, Granmèt,
m’ap resite sòm pou ou nan nasyon yo,
Paske ou gran, kè sansib ou rive jous
nan syèl yo, fidelite ou rive jous nan nyaj yo.
Leve anlè syèl yo, Bondye, anlè tout tè
a bèlte ou.R.
LEVANJIL
«Sa m’ kòmande nou, se pou nou youn renmen lòt».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
15, 12-17
Lè sa a : Jezi di disip li
yo :
"Men kòmandman m’, se pou nou youn
renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an.
Pèsòn pa renmen pi plis pase moun ki
bay lavi l’ pou zanmi l’ nan.
Nou menm nou se zanmi m’, si nou fè sa
mwen kòmande nou yo. Mwen p’ap rele nou sèvitè ankò, paske sèvitè a pa konnen
sa mèt li ap fè ; men mwen rele nou zanmi, paske tout sa m’ tande kot Papa
m’, mwen fè nou konnen yo.
Se pa nou menm ki chwazi m’ ; men se
mwen menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou nou ale, pou nou pote fwi, pou fwi
nou an dire ; konsa, pou nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, Li ba nou l’.
Men sa m’ kòmande nou, se pou nou youn remnen lòt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen
renmen nou-an ». Si nou fè sa tout bon vre, nou menm kretyen, tè a
chanje lontan. Lè w’ renmen tout bon vre ou bliye tèt ou pou w’ sonje lòt la. Pawòl
sa klè, men li konplike anpil.
Nou ta ka poze tèt nou kesyon sa a: Kijan nou dwe
renmen pou n’ rive renmen jan Bondye renmen? Si nou fouye
nan Bib la n’ap wè kòman Bondye tèlman renmen nou li bay sèl Pitit li a pou nou
(Jn 3, 16). Li bliye pwòp tèt li pou l’ bese byen ba pou sove nou chak. Pòl di
nou konsa ke renmen Bondye a tèlman gran ke pa gen okenn bagay ki ka separe nou
de li (Rm 8, 35). Li kontinye pou di nou pa kenbe anyen nan kè nou pou lòt yo
sof dèt renmen an (Rm 13, 8), paske renmen an akonpli tout lalwa a.
Frè ak sè m’, nou anfas yon reyalite ki depase nou men ki
nesesè pou nou. Li pa fasil pou renmen. Men sila a ki mande nou sa, ban nou yon
modèl. A pati de modèl sa a, nou tout ki vle swiv li pou sèvi l’ kòm temwen,
nou sèten ke n’ap ranpòte laviktwa sou fòs mal la. Konsa n’ap rete zanmi Bondye
paske nou fè sa l’ mande nou.
Renmen rezime tout sa pwofèt yo te konn di ak tout sa ki
ekri nan Lalwa a. Nan Legliz la tout sa n’ap fè se pou n’ kapab fè renmen an
rive gaye sou tout fas tè a. Sa vle di, misyon Legliz la gen pou rasin renmen
Bondye. Se paske Bondye renmen nou, se paske li gen kè sansib pou nou ki fè li
chwazi nou kòm misyonè.Misyon sa a nou resevwa l’ nan batèm nou. An nou pa rete
chita, an nou ale fè patizan pou Jezi, pou di kòman li gran e kòman li renmen
nou chak.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè nou favè pou nou
konfime konduit nou byen nan mèvèy pak yo, pou sa n’ap rapousuiv ak kè kontan
yo, yo pwoteje nou, yo sove nou ak pouvwa tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap kite Bondye renmen
mwen pou mwen ka transmèt lanmou sa bay lòt yo, antan m’ap sèvi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario