Páginas

DIMANCH 14-10-2018


Koulè Vèt
VENTUITYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE B
PREMYE LEKTI
"Mwen konsidere richès yo kòm anyen devan bon konprann nan".
LEKTI LIV SAJÈS 7, 7-11
Mwen lapriyè, epi yo ban m’entelijans; mwen rele, epi lespri sajès la vin nan mwen; mwen pito l’ pase peyi wa yo ak fotèy wa yo; mwen konsidere richès yo kòm anyen devan l’. Mwen pa mete l’ sou balans avèk bijou ki gen anpil pri; paske tout lò ki genyen se yon ti kras sab, konpare avèk li; devan l’, lajan se tankou labou.
Mwen renmen l’ pase lasante ak bèl figi; mwen pito l’ pase limyè, paske limyè l’ pa kapab etenn.
Avèk li se tout kalite byen ki vin jwenn mwen, se yon richès yo pa kapab konte ki vini pa lantremiz li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Plen nou ak kè sansib ou, Granmèt, epi n’a danse.
Aprann nou konte jou nou yo
pou nou kondui kè nou nan sajès la.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Pran pitye pou sèvitè ou yo.R.
Plen nou granmaten ak kè sansib ou,
N’a danse, n’a gen kontantman tout lavi nou.
Fè kè nou kontan pou jou yo ou te rabese nou an, pou ane yo nou te wè malè yo.R.
Se pou travay ou parèt pou sèvitè ou yo, ak bèlte ou pou pitit yo.
Se pou klète Granmèt Bondye nou sou nou, asire travay men nou yo sou nou, travay men nou yo, asire l’.R.
DEZYÈM LEKTI
"Pawòl Bondye a jije panse ak entansyon kè a".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 4, 12-13
Pawòl Bondye a vivan, li fè sa pou l’ fè, li pi file pase tout sab ki koupe de bò, li touche jous nan separasyon nam ak lespri, jous nan jwenti ak jous nan mwèl, li jije panse ak entansyon kè a. Okenn kreyati pa ret kache devan l’; tout bagay aklè, yo tou louvri devan je l’, nou gen pou nou rann li kont.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Tout sa ou genyen, vann li, epi suiv mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ  SEN MAK 10, 17-30
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap sòti sou wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li met jenou atè devan l’, li t’ap lapriyè l’: "Bon mèt, ki sa pou m’ fè pou m’eritye lavi ki p’ap janm fini an?"
Jezi menm di l’: «Pouki sa ou rele m’ bon an? Pèsònn pa bon, sof yon sèl Bondye a. Ou konnen kòmandman yo: 'Pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa sèvi temwen-manti, pa fè moun ditò, respekte papa ou ak manman ou' ».
Men li menm li reponn, li di: "Mèt, tout bagay sa yo, mwen te obsève yo depi m’ tou jèn".
Jezi menm gade l’, li renmen l’, li di l’: "Yon sèl bagay manke ou; ale, tout sa ou genyen, vann li, bay pòv yo, epi w’a gen yon richès nan syèl la; aprè sa, vini, suiv mwen". Li menm li vin tou tris nan pawòl sa a, li pati ak min li dekonpoze, paske li te gen anpil byen.
Jezi menm gade toutalantou, li di disip li yo: "Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre nan peyi Bondye ki wa a!" disip yo menm sezi poutèt pawòl li yo. Jézi rekòmanse pale, li di yo: "Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans yo nan richès yo antre nan peyi Bondye ki wa a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegui, pase pou moun rich antre nan peyi Bondye ki wa a".
Yo menm yo te pi sezi toujou, youn t’ap di lòt: "Epi kilès ki kapab sove?"
Jezi gade yo, li di: "Pou lèzòm, sa enposib, men pa pou Bondye: sèke tout bagay posib pou Bondye".
Pyè kòmanse di l’: "Men nou kite tout bagay epi nou suiv ou" !
Jezi pran lapawòl, li di: "An verite mwen di nou, pa gen pèsòn k’ap kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt mwen menm ak poutèt levanjil la, san l’ pa jwenn san fwa plis depi koulye a nan tan sa a nan kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, avèk pèsekisyon, epi nan tan k’ap vini an lavi ki p’ap janm fini an".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye Lekti a fè nou konprann enpòtans sajès la. Pito ou gen sajès pase lajan. Pito ou gen sajès pase bèl figi. Lajan an ka fini, bèlte a pase; men si Bondye ba w’ sajès, ou p’ap janm pèdi.
Lè w’ gen sajès, w’ap ka jere tout sityasyon nan lavi w’. Lè w’ gen sajès, w’ap konn viv byen ak moun, ou p’ap manke zanmi, nenpòt kote ou pase. Lè w’ gen sajès, w’a rive pi lwen.
Pawòl Bondye a bèl, men li gen yon bò difisil tou. Se sa k’ fè dezyèm moso Labib la di Pawòl Bondye a se yon kouto 2 bò li ye. Jan nou wè ak jenn gason ki te vle jwenn lavi etènèl la, Jezi ofri nou sa, men li gen ekzijans tou.
Anpil moun di, “m’ pa vole, m’ pa fè krim, m’ pa gen pwoblèm ak Bondye”.  Men se pa sa. Bondye ap envite nou nan yon lòt kalite lavi. Se pa yon kesyon evite fè sa k’ pa bon. Se tout sa k’ andan kè nou pou nou chanje.
Jezi di si nou vle jwenn kè kontan tout bon, se pou nou swiv li. Sa vle di, se pou nou viv menm jan avè l’. Se pou nou renmen sa l’ renmen. Sa Jezi renmen an, se jistis, se lapè, se sèvi moun ki nan bezwen.
Men pafwa, nou menm jan ak jenn gason nan Levanjil la. Nou ta renmen swiv Jezi, men gen yon bagay ki anpeche nou. Nou ta renmen jwenn tout sa l’ pwomèt nou, san nou pa lage lòt lavi n’ap mennen an. Nou ka twonpe frè ak sè legliz nou an, e anpil fwa se pwòp tèt nou n’ap twonpe ; men nou pa ka twonpe Granmèt la.
Nou pa ka sèvi 2 Bondye. Chen gen kat pat, li pa ka kouri nan kat chemen!  Se yon chwa pou nou fè, chak jou.
Frè m’, sè m’, kisa w’ap chwazi ?  Si ou chwazi chemen Jezi a, sa ap mande sakrifis, men ou p’ap regrèt.
Ann mande Granmèt la fè nou kado sajès, pou nou ka chwazi byen.
LAPRIYÈ: Granmèt, voye Lespri Sen w’ lan ranpli m’ak sajès, pou m’ ka viv daprè volonte w’. Lè sa a m’ap gen kè kontan ak kè poze. Amèn.
PWOPOZISYON:Kisa k’ap anpeche w’ swiv Jezi tout bon ? Lage l’ !

No hay comentarios:

Publicar un comentario