koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
«Nou tout
nou se pitit Bondye gras a lafwa».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
GALAT YO 3, 22-29
Frè m’
yo:
Labib la fèmen tout bagay anba
peche, pou yo te kapab bay pwomès la nan men moun ki kwè yo gras a lafwa
Jezikri a.
Anvan
lafwa a te vini, se lalwa a ki te sèvi nou gad, nou te fèmen ap tann pou lafwa
a ki te pou devwale a. Se pousa lalwa a se te mèt lekòl nou nan Jezikri, pou
nou te kapab vin kòrèk gras a lafwa a. Men lè lafwa a rive, nou pa anba men mèt
lekòl la ankò; sèke nou tout nou se pitit Bondye gras a lafwa a, ki nan Jezikri
a.
Reyèlman vre, nou tout ki batize nan Jezikri, nou abiye ak Jezikri. Pa
gen kesyon Juif ni Grèk, nan pwen ni esklav ni moun lib, pa gen ni gason ni fi:
sèke nou tout se yon sèl nou fè nan Jezikri. Si nou pou Jezikri, konsa nou se
ras Abraam, eritye daprè pwomès la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 104, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Granmèt la sonjé kontra-l la pou tout tan.
Chante pou
li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.
Fè lwanj
nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.R.
Chèche
Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.
Sonje
mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras
Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a, se li menm Granmèt Bondye
nou;
sou tout
tè a jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
«Se
chans pou vant ki te pote ou la. Se chans
pito pou moun ki koute pawòl Bondye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
LIK 11, 27-28
Lè sa a:
Pandan
Jezi t’ap pale ak foul yo, yon madanm leve vwa l’ nan foul la, li di l’: «Se
chans pou vant la ki te pòte ou la, ak tete ou te souse yo».
Li menm
menm, li di: «Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe l’».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Apot Pòl
di nou ak asirans: «Reyèlman vre, nou
tout ki batize nan Jezikri, nou abiye ak Jezikri. Pa gen kesyon Juif ni Grèk,
nan pwen ni esklav ni moun lib, pa gen ni gason ni fi: sèke nou tout se yon sèl
nou fè nan Jezikri» (Gal 3,27-28).
Zanmi
Bondye yo, gras ak batèm nou nou tounen pitit Bondye e li fè nou tounen Wa,
Pwofèt ak Pè nan Jezikri.
Nou tounen
Wa pou nou gouvène, pou nou sèvi frè
ak sè nou yo; se pa pou nou kraze yo, men pou nou pwoteje yo, paske nan Jezikri
nou fè yon sèl kò.
Nou tounen Pwofèt pou nou anonse sa ki byen, denonse sa ki pa bon nan sosyete
a, tout bagay ki fè moun soufri, ki rann nou divize, ki rann youn ap kraze lòt.
Wòl nou kòm pwofèt, se fè konnen wayòm Bondye a, se anonse pawòl li a ak tout
moun, se fè konnen lanmou Bondye pou pèp li a.
Nan batèm
nan, nou tounen pè pou nou anseye
epi sanktifye pèp Bondye a, pou nou sèvi modèl. Kòm batize, nou dwe kole sou
Bondye, nou dwe fè l’ tounen ranpa pou nou, nou dwe pran l’ pou Sovè nou.
Nou dwe
pran modèl sou Jezi antan n’ap kite pawòl Bondye a gide nou, pawòl sa a ki pote
delivrans la, limyè pou klere chemen lavi nou.
Sèke nou tout nou se pitit Bondye gras ak lafwa a, ki nan Jezikri a.
Ebyen kòm pitit, nou dwe aji daprè volonte Papa nou, nou dwe fè sa l’ mande nou
fè. Paske l’ pa janm bliye kontra li pase ak nou an, li p’ap janm trayi nou,
nou tout se pitit li, kit nou rich kit nou pòv, kit nou blan kit nou nwa.
Se pou nou mete
tèt nou ansanm pou nou fè lwanj Granmèt la, paske se nan li lavi nou asire. Fè lwanj non l’ ki sen an, se pou kè nou k’ap chèche Granmèt la kontan.
Yon fason, menm jan ak madanm sa ki fè gwo deklarasyon lafwa sa a, « Se
chans pou vant la ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo», konsa Jezi va di
nou tou: «Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe l’».
Se chans
pou nou chak jodi a ki aksepte vin tande pawòl sa, ki aksepte plante l’ nan kè
nou pou nou fè l’ donnen. Se chans pou nou ki gade pawòl sa a nan kè nou pou
jan l’ pwòp, pou jan l’ bon. Wi frè m’ak sè m’ yo, se chans pou nou chak ki
kontan mache daprè lòd Granmèt la, paske peyi wa ki nan syèl la se pou nou. Se chans
pou nou jodi a ki gen kè nou pòv nan Bondye, paske peyi wa ki nan syèl la se
pou nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa ou menm ki fè nou fè yon sèl nan
Pitit ou a, Jezikri, gras ak batèm nou an, tanpri fè nou rete kole sou ou, pou
nou aji jan ou mande nou sa. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen
p'ap fè silans fas ak enjistis sosyete a, m'ap ranpli wòl pwofetik mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario