Koulè Vyolèt.
PREMYE DIMANCH TAN LAVAN- ANE C.
PREMYE LEKTI
"M’ap fè yon jèm jistis jèmen pou David".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 33, 14-16
"Men jou k’ap vini, deklarasyon
Granmèt la, m’ap reyalize bon pawòl la mwen te pale ak kay Izrayèl la, epi kay
Jida a.
Nan jou sa yo ak nan tan sa a, m’ap fè
yon jèm jistis jèmen pou David, l’ap fè jijman ak jistis sou tè a.
Nan jou sa yo Jida ap sove, Jerizalèm
ap abite avèk asirans; men ki non y’ap rele l’:
Granmèt nou an ki kòrèk la".
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab, 8-9. 10.14
R/ Se kote ou,
Granmèt, mwen leve nanm mwen.
Montre m’ chemen ou yo.
Granmèt, aprann mwen santye ou yo.
Kondui m’ nan verite ou la, ban m’
leson, paske se ou menm ki Bondye delivrans mwen. R.
Granmèt la bon, li dwat, se pou sa li
aprann moun ki nan peche yo chemen l’;
L’ap kondui moun ki pòv yo nan jijman
an, l’ap aprann moun ki dosil yo chemen l’ yo. R.
Tout chemen Granmèt la se kè sansib ak
verite pou moun ki obsève kontra l’ak temwayaj li.
Granmèt la aji kòm zanmi avèk moun ki
respekte l’ yo, poul’ montre yo kontra l’ la. R.
DEZYÈM LEKTI
"Granmèt la ap asire kè nou pou lè Kris la ap vini an".
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 3, 12-4, 2
Frè m’ yo:
Se pou Granmèt la fè nou vin pi plis,
se pou l’ fè la charite nou debòde youn pou lòt epi pou tout moun, tankou sa
nou menm nou gen pou nou an; pou l’asire kè nou san repwòch nan sa k’ fè nou
sen an devan Bondye ak Papa nou, pou lè Granmèt nou Jezikri ap vini an ansanm
ak tout sen l’ yo. Amèn.
Pou rès la, frè m’ yo, nou mande nou,
nou ensiste nan Granmèt Jezi, jan nou te resevwa nan men nou fason pou nou
mache, pou nou fè Bondye plezi a, se konsa pou nou mache, pou nou kapab fè plis
pwogrè. Nou konnen reyèlman vre ki lòd nou te ba nou pa pouvwa Granmèt Jezi.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Delivrans nou an tou pre".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK
21, 25-28. 34- 36
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Ap gen siy nan solèy la, lalin
nan ak zetwal yo, epi sou tè a boulvèsman nasyon yo, akoz bwi lanm lanmè a ak
dlo yo, moun yo ap seche ak kè sote, antan y’ap tann sa k’ap rive sou tout fas
tè a; sèke pouvwa syèl yo ap tranble. Lè sa a atò y’ap wè Pitit moun nan k’ap
rive nan nyaj la avèk gran pouvwa avèk bèlte.
Lè bagay sa yo ap kòmanse rive, gade,
leve tèt nou, paske delivrans nou an tout pre.
Fè atansyon sèlman, pou kè nou pa vin
lou nan libètinaj ak bwason ak okipasyon lavi sa a, pou jou sa a pa tonbe sou
nou san nou pa atann; sèke tankou yon filè l’ap tonbe sou tout moun ki enstale
sou fas tout tè a. Konsa, se pou nou veye antan n’ap lapriyè tout tan, pou nou
merite chape sot anba tout bagay sa yo ki gen pou yo rive a, epi pou nou merite
kanpe devan Pitit moun nan".
Annou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se premye dimanch Tan Lavan, Ane C;
kidonk, nou kòmanse yon lòt ane nan lavi litiji Legliz la. Se yon tan ki mande
nou pou n’ fè anpil jefò pandan n’ap prepare kè nou pou n’ tann sovè a k’ap
vini an. Preparasyon sa a dwe fèt anndan kè nou.
Nan
Levanjil Sen Lik la, nan chapit 7 la, nou wè kòman Jezi aprann disip li yo
dekouvri siy delivrans la ki gen pou rive a. Lè nou pale de siy delivrans
Granmèt la, nou wè pouvwa ak bèlte Bondye ki anwo nan syèl la.
Jezi
avèti nou: lè delivrans nou an tou prè pou rive, ap gen boulvèsman k’ap
prezante sou anpil fòm, pa ekzanp ap gen siy nan solèy la, zetwal yo,
boulvèsman nasyon yo, bwi lanmè a ak dlo k’ap bay anpil kè sote sou fas tè a
(Lik, 21, 25-27). Men tou, Jezi bay
patizan l’ yo asirans: nou pa dwe pè, nou dwe rete fèm, nou dwe pran anpil
prekosyon pou nou pa benyen nan peche, nan pran move plezi k’ap mete nou dozado
ak Bondye. Sa ki pi enpòtan pou nou fè, se toujou mete nou nan kondisyon korèk
ak Bondye, se pou nou rete fèm nan lapriyè chak jou san rete.
Lapriyè
san rete se baz lavi, lafwa ak lesperans tout kretyen. Sa vle di tou, si nou
lapriyè anpil n’ap vin gen anpil lafwa e n’ap rete fèm; e si nou gen yon lafwa
ki gwo e ki fèm, nou p’ap janm pè lè siy tan yo (siy pouvwa Granmèt la)
manifeste.
Nou
dwe toujou viv yon fason pou n’ fè Bondye plezi, paske se li menm sèl ki kapab
delivre n’ anba gwo menas ki pandye sou tèt nou yo, se li menm sèl ki kapab ban
nou sajès ak kè poze nan touman lavi a, e ki kapab gide nou nan chemen verite
ak delivrans la, paske “tout chemen Granmèt la se kè sansib ak
verite pou moun ki obsève kontra l’ ak temwanyaj li yo, e li aji tankou zanmi
avèk moun ki respekte l’ yo e li montre yo kontra l’ la” (Sòm 24).
Kòmansman
Tan Lavan an mande nou pou n’ fè anpil sakrifis. Nou dwe rete toutan ap veye
nan lapriyè paske nou pa konnen kilè jou Granmèt la ap rive. Pwofèt Jan Batis
t’ap preche nan dezè a, li t’ap mande moun yo pou yo chanje kè yo, pou yo
prepare wout pou Granmèt la k’ap vini an, nou menm tou se pou n’ pare chemen
pou Granmèt la, bouche twou peche ki nan lavi nou yo, konble ravin peche ki nan
nou yo pou n’ kapab byen resevwa Jezi ki vle abite nan kè nou. Yave te pwomèt
pèp Izrayèl la ak kay Jida a Jistis ak
Lapè, se konsa tou li pwomèt nou jijman ak jistis sou tè sa a (Izayi 33, v 14-15). Granmèt la ap vini
ak pouvwa delivrans li a ak kè sansib li a.
An
nou veye nan lapriyè pandan n’ap mande li pou li fè lacharite a grandi nan nou
youn pou lòt, pou l’ asire kè nou san repwòch nan sa k’ fè nou sen devan Bondye
Papa a, pou lè Jezi Granmèt nou ap vini ak pawòl li yo, li jwenn nou pwòp.
LAPRIYÈ:Vini Granmèt, vini abite nan
kè m’; vini Granmèt vin okipe premye plas nan lavi m’. Prese vini. Amèn.
PWOPOZISYON: Rete soude
nan lapriyè, pandan n’ap pwofite Tan Lavan an, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario