SETYEM DIMANCH
ODINE, ANE C.
Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Granmèt la te renmèt ou nan men m’,
men mwen pa t’ vle lonje men m’".
LEKTI PREMYE
LIV SAMYÈL 26, 2. 7-9. 12-13. 22-23
Jou sa yo:
Sayil leve, li
desann nan dezè Zif la, te gen twa mil moun avèk li nan pi bon sòlda Izrayèl
yo, pou yo chèche David nan dezè Sif la.
David avèk
Abisayi rive nannuit kot pèp la, yo jwenn Sayil kouche, ap dòmi nan tant la,
lans la plante nan tè a bò tèt li, Abnè menm ak pèp la t’ap dòmi alantou l’.
Abisayi di David: "Bondye fèmen lènmi ou nan jodi a nan men ou; koulye a
kite m’ pèse l’ak yon sèl kout lans atè a, mwen p’ap bezwen ba l’ yon dezyèm".
David di Abisayi: "Pa touye l’; ki moun ki t’a lonje men l’ sou Kris
Granmèt la pou l’ t’a inosan"?
David pran lans
la ak boutèy dlo a ki te bò tèt Sayil, epi yo pati; pa t’ gen pèsonn ki te wè
ni ki te tande, ni ki te reveye, men yo tout t’ap dòmi, paske somèy Granmèt la
te tonbe sou yo.
Lè David travèse
an fas, li kanpe sou tèt mòn nan, byen lwen, te gen yon gran espas antre yo,
David di: "Men lans wa a: se pou youn nan sèvitè wa a travèse vin pran l’.
Granmèt la ap renmèt chak moun daprè jistis li ak lafwa l’; jodi a menm Granmèt
la te renmèt ou nan men m’, men mwen pa t’ vle lonje men m’ sou kris Granmèt
la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 8 e 10. 12-13
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nanm mwen;
Tout sa k’
andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki
padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo,
li menm ki delivre
lavi ou sot nan fòs la,
ki kouwonnen ou
ak mizerikòd, ak pitye.R.
Granmèt la pran
pitye li gen mizerikòd,
li pran pasyans,
li gen anpil mizerikòd.
Se pa daprè peche
nou yo li trete nou,
ni daprè fot
nou yo li renmèt nou.R.
Otan olevan lwen
okouchan, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.
Tankou papa
sansib pou pitit li yo,
Granmèt la
sansib pou moun ki krenn li yo. R.
DEZYÈM LEKTI
"Menm jan nou te pote pòtre bagay
ki sot nan tè a, se pou nou pote pòtre bagay ki sot nan syèl la".
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 15, 45-49
Frè m’ yo:
Premye moun nan
Adan te vin tounen yon souf vivan, dènye Adan an ap vin tounen yon espri k’ap
bay lavi.
Sèlman se pa sa
k’ espri a ki parèt anvan, se sa k’ gen souf la, apre sa se sa k’ espri a ki
vini. Menm jan sa a ki te sot nan tè a ye a, konsa tou sa yo ki sot nan tè a y’ap
ye; menm jan sa a ki sot nan syèl la ye a, konsa tou sa yo ki sot nan syèl la y’ap
ye.
Konsa, menm jan
nou te pote pòtre bagay ki sot nan tè a, se konsa tou pou nou pote pòtre bagay
ki sot nan syèl la.
LEVANJIL
"Se pou nou gen mizerikòd, tankou
Papa nou gen mizerikòd".
MEN BON NOUVEL
JEZIKRI A DAPRE SEN LIK 6, 27-38
Lè sa-a: Jézu
di disip li yo:
"Mouin di
nou, nou minm k-ap kouté-a: sé pou nou rinmin ènmi nou yo, sé pou nou fè dibyin
pou moun ki rayi nou yo, fè konpliman pou moun k-ap madichonnin nou yo, lapriyè
pou sa yo k-ap di manti sou nou yo. Si yon moun frapé-ou sou bò machoua,
lonjé lòt la ba li, moun ki pran manto-ou nan min-ou, pa réfizé-l chémiz la non
plis tou. Tout: moun ki mandé-ou, ba li, moun ki pran sa-k pou ou, pa mandé-l
li. Tou sa nou vlé pou lézòm fè pou nou, sé pou nou fè-l pou yo tou.
Si nou rinmin
sa yo ki rinmin nou, ki gras k-ap pou nou? Sèké minm péchè yo youn rinmin lòt.
Si sé moun ki fè nou dibyin n-ap fè dibyin, ki gras k-ap pou nou? Sé konsa tou
minm péchè yo yo fè sa. Si nou prété moun nou éspéré résévoua nan min yo, ki
gras k-ap pou nou? Sèké ni péchè yo yo prété péchè yo, pou yo résévoua minm
jan.
Vréman, sé pou
nou rinmin ènmi nou yo, sé pou yo nou fè dibyin, sé pou prété, san nou pa
éspéré anyin; konsa rékonpans nou ap anpil, n-ap vi-n tounin pitit Sa-a ki anro
nèt la, paské li bon ni pou moun ki pa gin rékonésans, ni pou moun ki mové yo.
Sé pou nou gin mizérikòd, tankou Papa nou gin mizérikòd la.
Pa jijé, yo pap
jijé nou; pa kondané, yo pap kondané nou; padonnin, y-ap padonnin nou; bay,
y-ap ba nou; sé yon mézi ki bon, ki foulé, ki byin souké, k-ap débòdé, y-ap
vidé nan léstomak nou. Ak minm mézi n-ap méziré-a, sé avèk li y-ap rinmèt
nou".
▬ REFLEKSYON ▬
Nan
setyèm dimanch tan òdinè Ane C sa, levanjil la prezante nou Jezi ki lanse yon
bonm sou moun ki te viv nan menm tan ak li yo, se pa yon bonm pou detui, men se
bonm renmen an: Jezi mande nou renmen tout moun, menm moun ki lènmi nou, moun
ki pa vle wè nou, moun ki pa tolere nou, moun ki pa ka pran sant nou. «Se pou nou renmen ènmi nou yo, se pou nou
fè dibyen pou moun ki rayi nou yo si yon moun vòlè afè w’, kite l’
pou li». Vrèman
vre sa se te yon nouvo kòmandman. Anpil ekriven konfime «avan Jezi, pèsonn moun pa t’ pale de renmen an yon fason radikal e
total konsa». Selon Flusser, yon ekriven juif, Jezi te ale pi lwen pase
farizyen yo; nan epòk li a, li te sèl moun ki te preche yon lanmou pou pechè a
ak pwochen an san kondisyon».
Petèt pou nou menm ki deja abitye tande kòmandman
renmen an, li ta kapab difisil pou nou imajine yon sosyete ki te fonksyone sou
yon prensip legal vanjans kont lènmi. Se konsa sa te ye nan tan Jezi. Akoz soufrans pèp juif la te andire lè li te
anba dominasyon lòt pèp, sa te fè pèp sa te gen degoutans pou tout moun ki te
gen relasyon ak sitiyasyon politik pèp sa a: gouvènè yo, sòlda women yo, grèk
payen ki te vini tabla nan peyi a. Se nan kontèks sa Jezi lanse bonm li an; se
yon fason pou li te di moun ki te viv nan menm tan ak yo a, pou yo pa rayi moun
k’ap rapousuiv yo, paske mal la, vyolans la p’ap gen dènye mo.
Se renmen an sèlman k’ap gen dènye mo a. Mesaj sa se
pou nou menm tou k’ap viv nan tan jodi a. Kòman nou kapab rive renmen moun ki
rayi nou, moun ki swete malè rive nou, e plis toujou moun ki fè nou mal. Pafwa
nou tèlman santi nou mal lè yon moun ofanse nou, nou tèlman santi kè nou
dechire, e menm anpil tan apre nous anti sa pa rete nou byen. Li sanble
totalman enposib pou nou renmen moun sa ki te ofanse nou an. Kòman nou kapab
mande yon fanmi pou li renmen yon moun ki te touye yon lòt nan fanmi an? Kòman
ou kapab mande yon moun renmen yon lòt ki te fè l’ mal? Ѐske kòm moun nou pa ta kapab panse sa
kòm yon bagay enposib? Ѐske nou kapab resevwa lansèyman Jezi a san nou pa
defòme li?
Premyèman, Jezi pa mande nou rete pasif kont mal la.
Li pa ekzije nou konpòte nou tankou mouton pou nou kite yo fè nou sa yo vle san
nou pa di anyen ni fè anyen. An nou pa konfonn dousè levanjil la ak lachte ki
sèlman la pou ankouraje vyolans! Nan
moman li t’ap soufri a, fizikman Jezi pa t’ vire lòt bò bay sèvitè Gran Prèt la
lè li te ba li kalòt la. Li te reponn san rayisans, ak
diyite, antan li mande nèg la pou ki rezon li ba li kalòt la. Jezi resevwa
anpil kout fwèt, men li te fè Pilat konprann se abize li te abize pouvwa li te
genyen an.
Jezi pa mande nou rete tankou zonbi lè yon moun manke
nou respè, lè yo leve men sou nou, lè nou sibi enjistis, kòm si nou t’ap
ankouraje moun nan k’ap komèt aksyon an. Non, Jezi ankouraje nou nan batay kont
mal la, men san nou pa fè mal. Kidonk, lè w’ renmen lènmi ou se viktwa ou pote
sou mal la ak byen ou fè a. Avèk kòmandman nouvo sa a, Jezi envite nou sispann
fè vanjans, pou nou pa kite kè nou plena k move santiman k’ap alimante rayisans
nan fanmi nou yo ak nan sosyete nou yo. Granmèt la mande nou gade reyalite a
yon lòt jan.
Plis pase 20 syèk apre lanmò Jezi, ki kote nou ye ak
lanmou pou lènmi nou yo nan mond nou an? Chak jou enfòmasyon ki sòti nan jounal
se sou vyolans, asasina. Nan plizyè zòn sou planèt anpil nasyon pa sispann fè
lagè. Rayisans la okipe yon plas lonè nan sosyete nou an. E sa ki pi tris, menm
moun ki di yo se kretyen, pami yo gen viktimim ak bandi.
An nou konstui yon
mond lapè kote ki gen lanmou ak padon. An nou kòmanse kounye a, avèk konkou
lagras Bondye. Ak kouraj an nou fè yon koudèy sou relasyon nou nan vwazinaj la
ak nan travay la, sou jan n’ap batay pou enterè, menm nan mitan fanmi
nou.Levanjil pou dimanch sa montre nou ki chemen pou nou nou pran. Nou pa dwe
rann mal pou mal, men nou dwe fè byen.
LAPRIYE : Granmèt, tanpri vide Lespri w’ la
nan kè nou, pou nou kraze baryè rayisans nou yo, pou nou kapab libere ak
rankin, ak santiman kif è nou panse nou pi enpòtan pase lòt yo. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : Jodi a, moun nou te sèmante pou nou pa byen ak
li a, an nou lonje lamen ba li, an nou fè lapè ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario