Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"M’ap mete
ark mwen an nan nyaj yo, l’ap sèvi siy kontra a ant mwen menm ak tè a".
NAN LIV LAJENÈZ 9, 1-13
Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo:
"Devlope, vin anpil, plen tè a. Se pou sezisman nou ak krent nou
sou tout bèt yo ki sou tè a ak sou tout zwazo syèl la, ak sou tout sa ki nan
mouvman sou tè a; tout pwason lanmè a, mwen renmèt yo nan men nou. Tout sa k’
gen mouvman, ki gen lavi, l’ap sèvi nou kòm manje: mwen renmèt nou tout bagay
sa yo menm jan ak pye legim yo.
Sèlman pa manje chè a avèk san an. San lavi nou, m’ap mande tout bèt yo
kont pou li; m’ap mande moun nan kont pou lavi moun parèy li a ki frè l’. Tout
moun ki vide san moun, y’ap fè san l’ koule; paske se pòtre Bondye moun nan te
fèt.
Kanta nou menm se pou nou devlope, se pou nou vin anpil, se pou nou gaye
sou tè a, se pou nou plen li".
Men sa Bondye di Noe ankò ak pitit li yo avèk li: "Men m’ap pase
contra m’ avèk nou, epi avèk ras nou aprè nou, ni ak tout vivan ki avèk nou, ni
ak zwazo ni ak bèt chaj ni ak bèt gadinaj sou tè a, yo tout, sa k’ sòti nan ach
la, ni ak tout bèt sou tè a. M’ap pase contra m’ avèk nou, dlo delij la pa gen
dwa janm touye tout chè ankò, ni p’ap gen delij k’ap detwi tè a".
Bondye di: "Men siy kontra a, sa mwen bay ant mwen menm ak nou menm
nan pou tout vivan. M’ avèk nou nan jenerasyon tout tan yo: m’ap mete ark mwen
an nan nyaj yo, l’ap sèvi kontra a ant mwen menm ak tè a".
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 101,
16-18. 19-21. 29 e 22-23 (r.: 20b)
R/ Granmèt la
gade sou tè a, antan l’ nan syèl la.
Nasyon yo ap respekte non ou Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte
bèlte ou la;
Paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’.
L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an,
pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Sèke li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a,
Granmèt la gade sou tè a, antan l’ nan syèl la;
Pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
Pitit sèvitè ou yo ap abite, ras yo ap asire devan fas ou,
Pou yo anonse non Granmèt la nan Siyon, avèk lwanj li nan Jerizalèm
lè pèp yo ap rasanble pou yo fè yon sèl, avèk rèy yo, pou yo sèvi
Granmèt la. R.
LEVANJIL
«Ou se Kris la... Pitit moun nan gen pou l’
soufri anpil »
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 27-33
Lè sa a :
Jezi sòti avèk disip
li yo nan direksyon Sezare Filip yo: sou wout la, li poze disip li
kesyon, li di yo : «Ki sa moun yo di mwen ye » ?
Yo reponn li,
yo di : «Jan Batis, genyen se Eli, gen dòt menm se kòmsi youn nan pwofèt
yo».
Lè sa a li di yo:
«E nou menm, ki moun nou di mwen ye»?
Pyè pran
lapawòl, li di l’: «Ou se Kris la». Li menase yo, pou yo pa pale pèsòn sou li.
Li kòmanse
aprann yo, Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt
yo ak skrib yo rejte l’, pou yo touye l’, epi aprè twa jou pou l’ leve vivan.
Se aklè li t’ap deklare pawòl la.
Pyè menm pran
l’, li kòmanse fè l’ repwòch. Li menm li vire epi li wè disip li yo, li menase
Pyè, li di: «Al fè wout ou dèyè m’, Satan; paske ou pa goute bagay ki sot nan
Bondye, se bagay lèzòm ou goute».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Aprè
Delij la (gwo inondasyon an) Bondye
vin gen yon nouvo nasyon.
Chak
peyi, chak pèp gen yon règ ak yon lwa, se sa ki fè chak pèp gen idantite l’.
Nan
premye lekti a, Liv Lajenèz la montre pèp la kòman pou l’ viv ak fason pou l’
konpòte l’ pou l’ pa tonbe anba chatiman Bondye.Youn nan kondisyon Bondye mete
devan yo rezime nan fraz sa : «M’ap mande moun nan kont pou lavi moun
parèy li a ki frè l’. Tout moun ki vide san moun, y’ap fè san l’ koule; paske
se pòtre Bondye moun nan te fèt».
Lè nou gade sosyete n’ap viv jounen jodi a,
nou wè mal la prèske ranpòte laviktwa sou byen an. Paske nou wè youn vle touye
lòt pou ti krik ti krak, youn pa ka antann ak lòt, youn pa vle tande lòt, youn
pa vle wè lòt. Lide mal la sanble plis abite nan nou ke lide byen an. Petèt, se
paske nou poko rankontre ak Jezi, oubyen se paske nou poko konnen kilès li ye
tout bon vre.
Jodi a, nan Levanjil la, kesyon Jezi a se pou nou
tout: «Ki sa moun yo di
mwen ye »? Se yon
kesyon ki enpòtan e fondamantal. Tankou tout pwofesè, Jezi pran tan pou evalye
disip li yo sou sa yo tande ak sa yo panse de pwòp idantite li.Li poze yon
kesyon ki pa sèlman bezwen yon repons ki fonde sou sa moun di (opinyon piblik),
men tou yon repons endividyèl, pèsonèl, ki nesesè.
«E
nou menm, ki moun nou di mwen ye»?
Se
kòm si nou te ka di Jezi itilize langaj ki popilè an Ayiti, pou l’ di disip yo
avèk dezyèm kesyon sa, pa gen wout pa bwa. Se konsa
Pyè pran lapawòl pou l’ di ou se kris la pitit Bondye vivan. Jezi te
felisite Pyè pou kalite repons sa antan li te rekonèt zèv Lespri Bondye a nan
li.
Pandan
Jezi kòmanse eksplike yo kòman li gen pou l’ mouri, yo di nou Pyè kòmanse ap fè
l’ repwòch. Reyaksyon Pyè a natirèl puiske an reyalite pa gen yon moun ki
ta gen yon zanmi oubyen yon manb fanmi pou l’ ta renmen li mouri. Men kòm lojik
Bondye diferan ak lojik lezòm, li montre l’ fòk li pase nan chemen sa pou l’
sove lezòm anba peche. Se sa k’ fè mwen men’m avèk ou jounen jodi a nou gen
rezon ki fè nou se kretyen. Puiske avèk san l’ ki koule a li ba nou kat
idantite nou kòm Kretyen (1ko 15,14).
LAPRIYÈ:Bondye
ou men’m ki rele tout moun antre nan piyay lavi ou a, aprann nou respekte lavi
ki se yon don sakre ou fè nou, antan n’ap batay pou nou detwi tout jèm lanmò
nan antouraj nou. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON:Si m’ konprann tèt mwen, sa ka fè konprann
pwochen mwen pi byen. Se nan vizaj pwochen mwen m’ap konprann kilès Jezikri ye
tout bon vre.
No hay comentarios:
Publicar un comentario