Koulè Vèt
MARI KI SIN, KI VIÈJ, NOTRE-DAM DE
LOUD.
JOUNEN
MONDYAL LAPRIYÈ POU MALAD
PREMYE LEKTI
"Bondye pale, sa fèt konsa".
KÒMANSMAN LIV
LAJENÈZ 1, 1-19
Nan kòmansman,
Bondye te kreye syèl la ak tè a. Tè a menm te san konsistans, li te vid, fènwa
yo te sou fas bafon-an, Espri Bondye t’ap plane anlè dlo yo.
Bondye di:
"Se pou limyè fèt". Epi limyè-a fèt. Bondye wè limyè-a bon, li separe
limyè-a ak fè nwa yo. Li rele limyè-a "jou", epi fènwa yo
"nuit". Vin gen yon aswè ak yon maten, premye jou.
Bondye di ankò:
"Se pou vin gen yon sipò nan mitan dlo yo, pou l’ separe dlo yo ak dlo
yo". Bondye fè sipò a, li separe dlo yo, ki te anba sipò a, avèk sa k’ te
anlè sipò-a. Sa fèt konsa. Bondye rele sipò-a "syèl". Vin gen yon aswè
ak yon maten, dezyèm jou.
Bondye di:
"Se pou dlo yo ki anba syèl la rasanble yon sèl kote, pou pati sèk la
parèt". Sa fèt konsa. Bondye rele pati sèk la "tè", dlo yo ki
rasanble yo, li rele yo "lanmè". Bondye wè sa bon.
Bondye di:
"Se pou tè a jèmen zèb vèt ki fè semans, ak pye bwa ki kapab bay fui, ki
donnen fui daprè ras yo, ki gen semans nan yo sou tè a". Sa fèt konsa. Tè a
bay zèb vèt, ki fè semans daprè ras yo, ak pye bwa ki donnin fui, ki gen semans
yo yo chak daprè éspès yo. Bondye wè sa te bon. Vin gen yon aswè ak yon maten,
twazyèm jou.
Bondye di:
"Se pou gen limyè nan sipò syèl la, pou yo separe lajounen ak lannuit; se
pou yo klere nan sipò syèl la, pou yo klere tè a". Sa fèt konsa. Bondye fè
de gran limyè: pi gran limyè-a, pou kòmande jou a, pi piti limyè-a, pou kòmande
nannuit la, epi li fè zetwal yo tou. Li mete yo nan sipò syèl la, pou yo klere
sou tè a, pou yo kòmande sou lajounen ak lannuit, epi pou yo separe limyè-a ak
fènwa yo. Bondye wè sa te bon. Vin gen yon aswè ak yon maten, katriyèm jou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 103, l-2a. 5-6. 10 e 12. 24
é 35c (r.: 31b)
R/ Se pou Granmèt la kontan nan travay li
yo.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nam mwen:
Granmèt Bondye m’,
ou gran anpil.
Ou abiye ak lwanj,
ak glwa, ou vlope ak limyè tankou yon rad.R.
Ou menm ki fikse
tè a sou baz li, li p’ap panche pou tout tan k’ap gen tan.
Bafon an kouvri
l’ tankou yon rad, anlè mòn yo dlo yo te ret kanpe.R.
Ou menm ki voye
sous yo nan ravin yo; nan mitan mòn yo y’ap travèse.
Anlè yo zwazo syèl
yo ap abite, nan mitan branch yo y’ap fè tande vwa yo.R.
Ala anpil
travay ou yo anpil, Granmèt: yo tout se ak sajès ou fè yo, tè a plen
ak kreyati ou.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nam mwen.R.
LEVANJIL
"Tout moun ki te touche l’, yo te
sove".
MEN BÒN NOUVЀL
JEZIKRI A DAPRЀ MAK KI SEN 6, 53-56
Lè sa-a:
Lè Jezi avèk
disip li yo fin travèse lòt bò lanmè a, yo rive nan peyi Jenezarèt la, yo akoste.
Pandan y’ap sòti
nan batiman an, menm lè a yo rekonèt yo; moun yo kouri nan tout rejyon sa-a, yo
kòmanse pote moun ki te malad yo sou kabann, kote yo te tande li te ye. Kote l’
te antre, nan bouk yo, nan abitasyon yo oubyen nan vil yo, yo te konn plase
malad yo sou plas yo, yo te konn ap priye l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad
li. Tout moun ki te konn touche l’, yo te konn sove.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl
Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Sa fè deja anpil ane depi Lavyèj te fè aparisyon
nan vilaj «Loud» nan peyi Lafrans.
Vizyonè a se «Bènadèt» ki te resevwa
plizyè mesaj nan men manman Mari. Nan kòmansman, te gen resistans pou aksepte
mesaj yo men Lavyèj te fè plizyè lòt aparisyon. Mesaj aparisyon Lavyèj nan
«Loud» travèse tan yo.
Jodi a, se yon bon okazyon pou nou kontinye fè
lwanj ak konpliman pou Bondye nan bèlte Manman Mari ki vyèj. Li se Manman nou,
li se manman tout Legliz la. Nan «Loud» Bondye kontinye fè mirak pou moun k’ap
soufri tout kalite maladi, se yon kote anpil peleren vizite tout tan pou al
lapriyè epi pote soufrans yo nan pye Mari pou li kapab entèsede pou yo jan li
te fè sa nan nòs Kana a.
Jan nou toujou lapriyè, nou kapab di:«Mari ou plen favè, Granmèt la avèk ou, li
beni w’ pase tout fi... ». Mari se ekzanp pou nou nan lavi lafwa a.
LAPRIYÈ : Bondye, ou gen mizerikòd pou malere. Nou
fèb, pòte nou sekou. N’ap fè sonje Manman ou ki fèt nan vant san peche. Fè
priyè l’ ede nou, pou nou sòti nan peche nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a se yon bon jou pou nou vizite malad, lapriyè ak yo, ofri yo
kichòy, ba yo ti blag pou fè kè yo kontan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario