Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt Bondye pran moun nan, li mete l’ nan
paradi plezi a".
LEKTI LIV LAJENÈZ 2, 4b-9. 15-17
Jou Granmèt Bondye te fè syèl la ak tè a, pa t’
gen okenn ti pye bwa ki te leve sou tè a, ni okenn zèb jaden pa t’ ko jèmen;
sèke Granmèt Bondye pa t’ fè lapli tonbe sou tè a, pa t’ ko gen moun pou te
travay tè a; men yon ti sous t’ap monte sot nan tè a pou l’ wouze tout fas tè
a.
Konsa Granmèt Bondye fòme moun nan ak labou tè a,
li soufle yon souf lavi nan fas li, moun nan vin tounen yon nam ki vivan.
Granmèt Bondye plante yon paradi plezi depi nan
kòmansman, li mete moun nan li te fòme a ladan l’. Ak tè wouze a, Granmèt
Bondye fè tout kalite pye bwa pouse, ki bèl pou gade, ki dous pou manje; menm
pye bwa lavi a te nan mitan paradi a ak pye bwa syans byen ak mal la.
Granmèt Bondye pran moun nan, li mete l’ nan
paradi plezi a, pou l’ travay li, pou l’ gade l’, li pase l’ lòd, li di:
"Nan tout pye bwa paradi a ou mèt manje; men nan pye bwa syans byen ak mal
la, pa manje; paske jou ou ap manje ladan l’, w’ap mouri byen mouri».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 103,
l-2a. 27-28. 29bc-30
R/ Fè konpliman pou Granmèt
la, nam mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen:
Granmèt Bondye m’, ou gran anpil.
Ou abiye ak lwanj, ak glwa, ou vlope ak limyè tankou yon
rad.R.
Yo tout ap tann ou, pou ou ba yo manje nan tan yo.
Antan ou ba yo, yo rasanble, antan ou ouvri men ou, ou
plen yo ak byen.R.
Lè ou raple espri yo, y’ap mouri, se nan pousyè yo y’ap
tounen.
W’ap voye espri ou, y’ap kreye, w’ap refè fas tè a.R.
LEVANJIL
"Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa ki sal
moun nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, 14-23
Lè sa a:
Jezi rele foul la ankò, li t’ap di yo: "Koute m’,
nou tout, epi chèche konprann. Nan pwen anyen ki andeyò moun nan ki antre nan li,
ki kapab sal li; men se sa k’ sòti nan moun nan, se bagay sa yo ki sal moun
nan. Si yon moun gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande".
Lè l’antre nan kay la, lwen foul la, disip li
yo poze l’ kesyon sou parabòl li a. Li
di yo: "Konsa ni nou menm tou nou pa gen konprann? Nou pa konprann, kijan
tout sa k’ deyò ki antre nan moun nan pa kapab sal li, paske li pa antre nan kè
l’, men se nan vant li 1’ale, epi li sòti al nan kote ki separe, pou l’ pwòpte
tout manje"?
Li t’ap di: "Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa k’
sal moun nan. Sèke se anndan an, nan kè moun nan move panse ap sòti, adiltè,
move plezi, touye moun, vòlè, renmen lajan, mechanste, riz, move konduit, move
je, blasfèm, pran pòz, manke refleksyon. Tout bagay sa yo ki move yo, se anndan
yo sòti, yo sal moun nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
▬ REFLEKSYON▬
Premye lekti a ke nou li nan Liv Lajenèz la pale nou
sou kreyasyon moun. Jounen jodi a genyen de gwo kouran ki eksplike orijin moun:
youn se kreyasyon, lòt la se evolisyon. Sa mete de gwoup moun
kanpe fas a fas. Sa lakòz de pozisyon diferan. Kidonk gen yon pwoblèm ki poze depi lontan.
Ebyen istwa nou sot li a nan liv Lajenèz la, li rezoud pwoblèm nan: sèke se
Bondye ki kreye moun aprè li te fin kreye tout sa li te konnen moun nan ta pral
bezwen.
Kidonk, moun se zèv lanmou Bondye. Sa ki pi enteresan
toujou, sèke Bondye fè moun nan sanble avèk li epi li ba l’ pouvwa sou tout
bagay sou latè. Sa kapab pèmèt nou konprann kijan Bondye renmen nou kòm moun.
Men konsa tou, li montre nou byen ak mal, epi l’ kite nou lib pou n’ chwazi.
Nan Levanjil la, Jezi ap anseye nou ke tout sa Bondye
fè bon. Se movèz entansyon nou yo ki ka kòwonp sa n’ap
fè. Poutèt
sa Jezi di nou: «Se sa k’ sòti nan moun
nan, se sa k’ sal moun nan.» (Mt 7,15). Eksperyans ofanse Bondye a, se yon
reyalite. E se avèk anpil fasilite ke kretyen an kapab dekouvri tach mal la epi
wè yon mond ki redui an esklavaj akòz peche a. Misyon Jezi konfye nou an, se
netwaye tout salte movèz entansyon lèzòm pote nan mond lan, ak konkou lagras
Bondye.
Sèl bagay ki kapab fè plan Bondye echwe, se volonte nou.
Kidonk nou dwe pran anpil prekosyon pou sa pa rive.
Anpil fwa nou melanje lanmou avèk vanite, dekourajman,
mank lafwa, enpasyans pou nou tann rezilta k’ap vini. Se poutèt sa Sen Gregwa
Le Gran mete nou an gad lè li di:
«Ala egare vwayajè
sa a egare, lè li wè bèl ti jaden flè sou chemen li, li bliye kote li ta prale
a!».
Nou kapab rive reyalize gwo bagay si nou rann nou
kont ke chak aksyon n’ap poze, li dwe yon aksyon pou sove nan mezi li makonnen
ak pwòp aksyon Kris la.
LAPRIYÈ: Tanpri, Granmèt, voye limyè Lespri Sen w’
nan vin dirije panse mwen ak aksyon mwen.
PWOPOZISYON: Santiman mwen genyen
vizavi lòt yo anpil fwa fè m’ pa ka dekouvri vizaj Bondye nan yo. Jodi a, m’ap libere kè
mwen, m’ap kiltive bon santiman antan m’ap kwape move santiman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario