Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"N’ap tankou dye yo ki konn ni byen ni
mal".
LEKTI LIV LAJENÈZ
3, 1-8
Sèpan an se te pi rizèz nan tout bèt yo sou tè a,
sa Granmèt Bondye te fè yo. Li di madanm nan: "Pouki sa Bondye pase nou
lòd, pou nou pa manje nan okenn pye bwa paradi a”?
Madanm nan reponn: "Nan fwi pye bwa yo, ki
nan paradi a, nou gen dwa manje; men nan fwi pye bwa, ki nan mitan paradi a,
Bondye pase nou lòd pou nou pa manje ladan l’, pou nou pa menm touche l’,
otreman n’ap mouri". Sèpan an menm di madanm nan: "Sa pa vre
ditou, nou p’ap mouri okenn. Se paske Bondye konnen jou n’ap manje ladan l’
nan, je nou ap louvri, n’ap vin tankou dye yo ki konnen ni byen ni mal".
Madanm nan wè kijan pye bwa a te bon pou manje, li
te bèl pou je, aspè l’ te bay plezi, li pran nan fwi a, li manje, li bay mari
l’ la tou, ki manje. Je yo tou le de vin louvri. Lè yo rekonèt yo te nikò, yo
koud fèy fig frans, yo fè rad pou pase nan tay yo.
Kon yo tande vwa Granmèt Bondye k’ap mache nan paradi a
nan van an aprè midi a, Adan kache kò l’ ak madanm li sot devan fas Granmèt
Bondye a nan mitan pye bwa paradi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 31,
1-2.5. 6. 7 (r.: la)
R/ Ala kontantman pou moun yo
padonnin fot li.
Ala kontantman pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri
peche l’.
Ala kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm
koupab,
ki pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen
an.
Mwen di: "M’ap deklare fot mwen an devan Granmèt
la".
Ou menm ou padonnen fot
peche m’ nan.R.
Se pousa tout sen ap priye kote ou nan tan gras la.
Nan delij gran dlo yo yo p’ap pwoche kote l’.R.
Ou se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la;
W’ap vlope m’ak fèt sove ou sove m’ nan.R.
LEVANJIL
"Li fè moun soud yo tande, li fè bèbè yo
pale"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, 31-37
Lè sa a:
Jezi sòti nan teritwa Tir la, li travèse Sidon, li rive
jous nan lanmè Galile a, nan mitan teritwa Dekapòl la.
Yo mennen yon moun soud ba li, moun nan te baba tou, yo
t’ap priye l’ pou l’ poze men sou li. Li pran l’ apa sot nan foul la, li met
dwèt li nan zòrèy li, li krache, li touche lang li; li leve je nan syèl la, li
pouse yon ti souf, li di l’: "Efeta", sa vle di "Louvri".
Menm lè a zòrèy li louvri, kòd lang li lage, li t’ap pale kòrèk.
Li pase yo lòd pou yo pa di pèsòn sa. Men plis li t’ap
pase lòd, se plis yo t’ap preche sa.
Moun yo te sezi anpil, yo t’ap di: "li fè tout bagay
byen: li fè moun soud yo tande, li fè bèbè yo pale".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
▬ REFLEKSYON ▬
Jodi a ankὸ nou kontinye li nan liv Lajenѐz yon pati nan istwa
Adan ak Èv, pati ki rakonte dezobeyisans
Adan ak Èv aprè Bondye te fin mete yo nan paradi a. Yo te pito obeyi satan
olye pou yo te konfὸme yo avѐk plan Bondye.
Dezobeyisans fѐ yo gate zanmi ak Bondye, yo vin pa ka
gade l’ nan je, yo te oblije kache lѐ yo tande vwa Bondye. Se konsa nou menm
tou lѐ nou tonbe nan peche, li fѐ nou pa ka gade Bondye, peche fѐ nou tounen
lènmi Bondye.
Nan levanjil la nou wѐ kote Jezi geri yon nѐg ki te soud
epi ki te bѐbѐ an menm tan. Avan li fѐ sa pou li fѐ, li priye epi li leve je l’
nan syѐl la. Se yon siy ki montre ke Jezi pa janm fѐ anyen pou kont li, men
avѐk ѐd Papa l’ ki nan syѐl la. Si Jezi li menm ki Bondye pa fѐ anyen san lapriyѐ,
nou menm ki se pechѐ nou dwe toujou lapriyѐ Bondye pou nou mande l’ direksyon
nan tout sa n’ap fѐ.
Si nan premye lekti a, Adan ak Èv te tounen esklav peche
jiskaske yo te gate zanmi ak Bondye, nan Levanjil la, Jezi ki geri nѐg ki te
soud epi bѐbѐ a, li libere l’anba esklavaj maladi kote li pa t’ ka tande ni
pale pawὸl Bondye. Jezi te mande yo pa di pèsonn sa men plis li t’ap di yo sa,
se plis yo t’ap rakonte sa yo te wѐ a.
Sa vle di, lѐ Bondye fè yon mѐvѐy nan lavi nou, nou pa
kapab rete san nou pa pale, nou pa kapab pa fѐ lὸt moun konnen sal’ fѐ pou nou.
An nou pa kite peche fѐ nou tounen esklav pou n’ rive
gate zanmi ak Bondye men pou rive fѐ zanmi avѐk li menm jan ak nѐg nan Levanjil
la pou nou kapab rive libere anba tout kὸd peche ki vini sou tout fὸm nan lavi
nou.
LAPRIYE: Bondye Papa, tanpri ede nou suiv
lòd ou yo pou nou pa janm vire do ba ou.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap evite tout bagay ki
ka fѐ m’ gate zanmi ak Bondye, tankou lògèy, renmen pouvwa, renmen lonè, renmen
lajan, elatriye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario