Koulè Blan
FOTÈY PIÈ KI
SIN, Apot.
Fèt.
PREMYE LEKTI
« Mwen ansyen ansanm avèk nou,
mwen temwen soufrans Jezikri yo ».
NAN PREMYE LÈT
APOT PYÈ KI SEN 5, 1-4
Nou menm mwen
renmen anpil la:
Ansyen yo, ki
nan pami nou yo, mwen priye nou, mwen menm ki ansyen ansanm avèk nou, ki temwen
soufrans Jezikri yo, k’ap kominike glwa l’ la ki gen pou l’ devwale apre a:
okipe bann mouton Bondye yo ki nan mitan nou yo, prevwa sa l’ bezwen san yo pa
bezwen fòse nou, men avèk tout kè nou daprè Bondye, san nou pa chèche avantaj
malonnèt, men ak tout bòn volonte nou; san nou pa kòmande kòm mèt sou moun yo
nou responsab la, men antan nou vin tounen modèl pou bann mouton yo ak tout kè
nou. Konsa, lè chèf gadyen yo ap parèt, n’a resevwa kouwòn glwa ki p’ap fennen
an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, 1-3. 4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke
anyen.
Granmèt la ap
kondui m’, anyen p’ap manke m’;
nan zèb vèt li
enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nam mwen.
Li kondui m’
nan santye jistis poutèt non l’.R.
Sèke menm si
m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò,
mwen p’ap pè
malè, paske ou avèk mwen.
Baton ou ak
bagèt ou, se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab
devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray la;
ou swen tèt
mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon
kè ak mizerikòd k’ap rapousuiv mwen
tout tan lavi
m’ m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
«Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa syèl
la».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive nan
rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: «Ki sa moun yo di
Pitit moun nan ye»?
Yo menm yo di:
«Genyen se Jan-Batis, dòt menm se Eli, dòt ankò se Jeremi oubyen youn nan
pwofèt yo».
Jezi di yo: «E
nou menm ki sa nou di mwen ye»?
Simon Pyè
pran lapawòl, li di: «Ou se Kris, Pitit Bondye vivan an».
Jezi pran
lapawòl, li di l’: «Ala kontantman pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè
ni san ki fè ou konn sa, men Papa m ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se
Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa
kont li; m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare
nan syèl la, tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
▬ REFLEKSYON ▬
Jodi a 22 fevriye, Legliz la ap fete Fotѐy Sen Pyѐ. Pyѐ ak Fotѐy li a tounen wὸch Granmѐt la bati Legliz li a,
avѐk pwomѐs ke menm pouvwa lanfѐ p’ap ka fѐ l’ anyen. De mil an aprѐ yon senp eleksyon de Pyѐ, kretyen nan tan pa nou
an, nou temwen ke devan tout fὸs advèsѐ, tout tantasyon, devan
tout sa nou pa ka konprann, Legliz Jezkri a kanpe pi rѐd e li kontinye ap
pwoklame avѐk menm fὸs la, ke Jezi se Mesi a,
Pitit Bondye vivan an, pandan n’ap tann jou l’ap retounen an.
Nan gran fѐt sa a n’ap fete
ekzistans Legliz ke JeziKri te fonde a, Legliz sa a ke y’ap atake chak jou,
tout kote nan lemond, men ki pa janm ebranle, ki toujou rete solid paske li gen
rasin li plante nan Jezikri. N’ap selebre Legliz katolik ki fѐ nou sonje sa Jezi te di
Pyѐ: «Ou se wὸch e se sou wὸch sa a m’ap bati Legliz
mwen an.» Vrѐman, depi Jezi te fin jwe avѐk mo sa a yo, pou l’ te
bay Pyѐ gwo responzabilite sa a, sa vle di, li te rele l’ ansanm ak tout
moun k’ap vini aprè l’ yo pou yo dirije avѐk anpil renmen nan kѐ yo Legliz sa a, Legliz
katolik ke Jezi sѐl chѐf li. Wi
se Jezi ki chѐf Legliz la epi Pap la li
menm, se tѐt vizib Legliz la a.
Jezi
te chwazi Pyѐ pou dirije Legliz la, aprè
Pyѐ fin mouri, fὸk te
gen lὸt moun ki ranplase l’ pou
kontinye travay la; ebyen se sa k’ fѐ
nou gen pѐsonaj sa a nan tѐt
Legliz la ki rele Pap e chak fwa youn mouri, yo eli yon lὸt
pou ka kontinye sa Jezikri li menm li te fѐ
pou mete Legliz li a kanpe. Donk sou tout sa nou konn
tande kѐk moun ki pa konnen reyalite Legliz katolik la ap di, jodi a reyalite a
se sa li ye. Chѐz Sen Pyѐ a nan vil Wὸm, kote moun ki vini aprè l’ la chita,
men li anbrase tout Legliz atravѐ lemond, se sa k’ fѐ nou di, Legliz katolik la
li inivѐsѐl (Se sa mo katolik la vle di menm, depi nan rasin li).
Nou
menm ki se kretyen katolik, lѐ nou gade kὸman Legliz nou an pran nesans, lѐ nou
sonje ki moun ki chѐf dirѐk Legliz sa a e moun ki dirije l’ la se siksesѐ moun
Jezi menm te mete nan tѐt li a, nou dwe fyѐ pou nou di nou se kretyen katolik.
Men anpil fwa nou pito kache idantite nou, nou wont di se katolik nou ye, paske
nou pѐ yon seri de moun k’ap atake nou ke menm yo menm yo pa konnen
fondman Legliz pa yo a.
An
avan kretyen katolik, li Labib nou, chѐche konn reyalite Legliz nou an, konsa
n’ap ka defann nou, defann Legliz nou an, bѐl Legliz sa a Jezi te kite pou nou
an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou plen pouvwa,
n’ap priye ou. Pa kite okenn kontraryete frape nou. Ou deja fin poze nou fèm
sou wòch temwayaj Apot yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap angaje mwen nan yon sèvis nan Legliz.
No hay comentarios:
Publicar un comentario