Koulè
Vyolèt
PREMYE DIMANCH
KARÈM, ANE-C
PREMYE
LEKTI
"Deklarasyon lafwa pèp ki chwazi a".
NAN LIV DETEWONÒM 26,4-10
Moyiz
pale ak pèp la, li di:
"Prèt la ap
resevwa premye fwi yo nan men w’, l’ap poze yo devan lotèl Granmèt Bondye w’
la, w’a
di devan fas Granmèt Bondye w’ la:
'Siri
te pèsekite papa m’, ki desann nan Lejip, lè l’ rive la, li vwayaje kòm pèlren,
yo te yon ti kras kantite moun, men li vin devlope nan yon nasyon ki gran, ki
gen fòs, ki vin yon kantite yo pa kapab konte.
Ejipsyen
yo fè nou pase tray, yo pèsekite nou, yo met chaj ki lou anpil sou do nou, nou
rele kot Granmèt Bondye papa nou yo, ki tande nou, ki wè mizè nou ak lapenn
nou, ak kè sere nou; li fè nou sòti Lejip ak men l’ plen fòs, ak bra l’ leve,
ak sezisman ekstrawòdinè, ak pwodij, li fè nou antre nan kote sa a, li renmèt
nou tè a kote se lèt ak myèl k’ap koule a.
Konsa
koulye a m’ap ofri premye fwi tè a, sa Granmèt la ban mwen an. W’a kite yo
devan fas Granmèt Bondye w’ la, w’a adore Granmèt Bondye w’ la".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
90, 1-2. 10-11. 12-13.
14-15
R/ Ret avèk mwen,
Granmèt, nan tray la.
Moun ki abite nan pwoteksyon Sila a ki
anwo nèt la,
l’ap rete anba
lonbraj Sila a ki gen tout pouvwa a.
L’ap di Granmèt
la: "Kachèt mwen, ak fòs mwen,
Bondye mwen, m’ap
espere nan ou".R.
Malè p’ap pwoche
kote ou, chatiman p’ap pwoche nan joupa ou.
Paske l’ap pase mesaje l’ yo lòd osijè ou,
pou yo veye sou ou
nan tout chemen w’ yo.R.
Se sou men yo y’ap
pote ou, pou pye w’ pa riske frape sou wòch.
Sou koulèv mechan
yo rele aspik ak bazilik w’ap mache,
w’ap foule lyon ak
dragon anba pye ou.R.
Paske li kole kò
l’ sou mwen, m’ap delivre l’;
m’ap resevwa l’,
paske li konnen non m’.
L’ap rele m’, m’ap
koute l’;
M’ap avèk li nan
tray la, m’ap delivre l’, m’ap fè l’ jwenn bèlte.R.
DEZYÈM
LEKTI
"Deklarasyon
lafwa moun ki kwè nan Jezikri yo".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 10, 8-13
Frè m’ yo:
Kisa Labib la di? "Pawòl la tou pre nan bouch ou
ak nan kè ou"; se pawòl lafwa a, sa n’ap preche a. Sèke, si w’ rekonèt ak
bouch ou Jezi se Granmèt la, epi nan kè ou ou kwè Bondye leve l’ sot nan pami
mò yo, w’ap sove. Ak kè ou, ou kwè pou jistis la, ak bouch ou menm ou fè
deklarasyon pou delivrans la. Sèke Labib la di: "Tout moun ki kwè nan li,
yo p’ap wont".
Pa gen distenksyon ant Jwif ak Grèk, sèke se menm
Granmèt tout moun yo, li rich pou tout moun k’ap rele l’yo."Sèke nenpòt ki
moun k’ap rele non Granmèt la, l’ap sove.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Lespri
a t’ap pouse l’ nan savann nan, yo t’ap eseye l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 1-13
Lè sa a:
Jezi plen ak Lespri Sen an, li tounen sot nan Jouden
an, Lespri a t’ap pouse l’ nan savann nan pandan karant jou, dyab la t’ap eseye
l’. Li pa manje anyen jou sa yo, lè jou yo fin
rive bout yo, li grangou. Dyab la di l’: "Si w’ se Pitit Bondye, di wòch
sa a pou l’ tounen pen".
Jezi reponn li:
"Labib ekri: 'Se pa ak pen sèlman moun viv, men ak tout pawòl
Bondye".
Dyab la kondui l’ sou yon mòn ki wo anpil, li montre
l’ tout peyi wa ki sou fas tè a nan yon moman-tan, li di l’: "M’ap ba ou
tout pouvwa sa a ak bèlte yo, paske se mwen menm yo renmèt yo epi se moun mwen
vle m’ bay yo. Ou menm, si ou adore m’, yo tout ap pou ou".
Jezi reponn, li di l’: "Labib ekri: 'Se Granmèt
Bondye ou pou w’ adore, se li menm sèl pou ou sèvi".
Li kondui l’ Jerizalèm, li mete l’ kanpe sou tèt kwen
kay sakre a, li di l’: "Si se Pitit Bondye ou ye, lage kò w’ la a anba a.
Labib ekri 'li pase mesaje l’ yo lòd osijè ou, pou yo pwoteje w', epi 'se sou
men yo y’ap pote w’, pou w’ pa riske frape pye w’ sou wòch' ".
Jezi
reponn, li di l’: "Yo di: 'Pa eseye Granmèt Bondye w' ".
Lè tout kalite mòd jan tantasyon
fini, dyab la pati kite l’ jous pou tan an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Karèm,
tan penitans, tan pou nou fè jèn. Moman pou nou pran tan pou nou reflechi, pou
nou wè ki kote nou ye, moman pou nou mete sou kote tout banbòch, tout plezi
mond lan, pou nou kapab mete nou pi pre Bondye, se yon moman pou nou kwape tout
move lespri k’ap fè nou tonbe nan tantasyon ki pou fè nou gate zanmi ak Bondye.
Nan
premye lekti a, nan liv Detewonòm, nou wè kòman Moyiz t’ap pale ak pèp Izrayèl
la, l’ap mande yo pou rekonesan ak Bondye, li menm ki te fè yo sòti nan peyi
Lejip anba esklavaj. Nou sonje istwa pèp sa a: travèse dezè a te rèd pou yo, yo
te grangou, yo te swaf, chalè t’ap touye yo, sab la te cho anba pye yo. Nan
mitan tout difikilte sa yo, Moyiz ankouraje pèp la pou yo kenbe lafwa yo nan
Bondye. Konsa si nou mete nou anba zèl li, si nou abite anba pwoteksyon li, li
va delivre nou anba tout antrav (sòm 90).
Nan
dezyèm lekti a, Sen Pòl, nan lèt li ekri Women yo, ap fè nou sonje kisa ki ka
fè yon moun konnen li gen lafwa. Si ou rekonèt Jezi se Granmèt la, si ou kwè li leve byen vivan sot nan pami
mò yo, w’a sove. (Wom 10).
Lespri
a pouse l’ nan savann nan, dyab la t’ap eseye l’ (Mt 4,1). Se pa ak pen sèlman
moun viv, men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye (Mt 4, 4).
Levanjil
premye dimanch Karèm nan rezime mesaj nou jwenn nan premye ak nan dezyèm lekti
a. Lespri
a pouse Jezi nan dezè a, li pase karant jou san manje, l’ap lapriyè. Dyab vin
tante Jezi pandan twa fwa. Men devan tout tantasyon sa yo, Jezi kenbe fèm paske
li genyen yon lafwa rèk, yon lafwa ki
gen rasin li nan Bondye.
Nou menm tou, nan
dezè lavi nou, nou jwenn anpil difikilte, nan mitan difikilte sa a yo nou jwenn
anpil tantasyon. Pafwa pwoblèm sa a yo fè nou tonbe nan pyèj pouvwa, lajan,
plezi. Konbyen fwa nou fè sa k’ pa sa poutèt nou pa gen travay, poutèt nou pa
gen manje, poutèt nou pa ka voye pitit nou lekòl. Jèn ki pa ka ale nan
inivèsite, ki pa ka jwenn sa yo bezwen pou yo viv, devan tout bagay sa yo, èske
nou kenbe fèm menm jan ak Jezi? Se pa yon bagay ki fasil, men avèk konkou
lapriyè, avèk fòs Lespri Sen an, n’a rive kenbe lafwa nou fèm nan Bondye, konsa
n’a repouse tout fòs mal sa yo nan lavi nou.
An
nou pa pran Karèm ane sa a tankou yon woutin, men pou se vrèman yon tan pou nou reflechi sou
lavi nou, sou relasyon nou avèk Bondye, konsa nan jou Rezirèksyon an, n’a va
leve avèk Jezi.
LAPRIYÈ:
Bondye
Papa, ede m’, chanje kèm, lavi m’ tout bon pandan Karèm ane sa a, konsa m’a repouse tout tantasyon mond sa a.
PWOPOZISYON:
Kore w’ sou Bondye pou fòs tantasyon pa lage w’ atè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario