Koulè
Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH KARÈM,
ANE-C
PREMYE
LEKTI
"Granmèt
la pase kontra avèk Abraam ki fidèl".
NAN
LIV LAJENÈZ 15, 5-12. 17-18
Jou sa yo:
Bondye kondui Abraam deyò, li di l’:
"Leve je ou gade syèl la, konte zetwal yo, si ou kapab". Li di l’:
"Se konsa desandans ou ap ye". Abraam kwè nan Bondye, yo konte sa pou
li kòm jistis.
Li di l’: "Se mwen menm Granmèt la,
ki te fè w’ sòti nan Our Kaldeyen yo, pou ba ou tè sa a, pou ou posede
l’".
Li di l’: "Granmèt Bondye, kòman m’ap
fè konnen m’ap posede l’"?
Granmèt la reponn, li di: "pran yon
gazèl twazan, yon kabrit twazan, yon belye twazan, epi yon toutrèl ak yon
pijon, pote yo ban mwen".
Li pran yo tout, li separe yo nan mitan,
li poze chak pòsyon devan l’ tou lè de bò, men li pa separe zwazo yo. Malfini
yo desann sou kò yo, Abraam chase yo. Lè solèy la t’ap kouche, yon gwo dòmi lou
tonbe sou Abraam, yon gran sezisman fènwa anvayi l’.
Lè solèy la fin
kouche, vin gen fènwa epe, yon founèz k’ap fè lafimen vin parèt, yon flanbo
dife pase nan mitan bèt yo ki te separe yo. Jou sa a Granmèt la pase yon kontra
avèk Abraam, li di: "Se ras ou m’ap bay tè sa a sot depi nan larivyè Lejip
la rive jous nan gran larivyè Lefrat la".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
26, 1. 7-8a. 8b-9abc.
13-14
R/
Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen,
kilès ki pou fè m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki
moun pou m’ tranble? R.
Granmèt, koute vwa m’ k’ap rele, pitye pou
mwen, reponn mwen.
Osijè ou kè m’ di: "Chèche fas
li", se fas ou, Granmèt, m’ap chèche.R.
Pa vire fas ou
lwen m’, pa vire do nan kòlè bay sèvitè ou.
Ou menm k’ap pote
m’ sekou, pa rejte m’.R.
Mwen kwè m’ap wè
byen Granmèt la sou tè vivan yo.
Tann Granmèt la,
aji avèk kouraj, se pou kè ou pran kouraj, konte sou Granmèt la.R.
DEZYÈM LEKTI
"Jezikri ap
fè nou sanble avèk kò bèlte l’ la".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 3, 17-4, 1
Frè m’ yo, pran
modèl sou mwen, konsidere sila yo k’ap mache jan nou gen modèl nou an. Gen
anpil moun k’ap mache yon fason, mwen te deja di nou sa anpil fwa, koulye a
m’ap di sa ak dlo nan je, y’ap mache kòm lènmi lakwa Jezikri a, finisman yo se
lanmè, dye yo se vant yo, yo met bèlte a nan lawont yo, se bagay tè a yo goute.
Kanta nou menm, se
nan syèl la peyi nou ye, se la n’ap tann sila a k’ap vin sove nou an, Granmèt
nou Jezikri, li menm k’ap refè kò feblès nou an pou l’ fè l’ sanble ak kò bèlte
l’ la, daprè aksyon l’ ki kapab met tout bagay anba pouvwa l’.
Se pousa, frè m’
yo mwen renmen anpil la, nou menm mwen anvi anpil la, nou menm ki kè kontan
m’ak kouwòm mwen, ret kanpe konsa nan Granmèt la, nou menm mwen renmen anpil
la.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Pandan l’ap lapriyè, aparans figi l’
chanje".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 28b-36
Lè sa a:
Jezi pran Pyè, Jak
ak Jan, li monte sou mòn nan pou l’ lapriyè. Rive, pandan li t’ap lapriyè,
aparans figi l’ vin chanje, rad li vin blan, vin klere. Vin gen de mesye k’ap
pale avèk li. Se te Moyiz ak Eli, ki
parèt nan bèlte a, yo t’ap pale osijè sòti l’ la, sa l’ te gen pou l’ reyalize
nan Jerizalèm nan. Pyè menm ak sila yo ki te ansanm avèk li a, yo te lou ak
dòmi. Yo reveye, yo wè bèlte l’ ak de mesye yo ki te kanpe ansanm avèk li.
Rive, lè yo pati kite
l’, Pyè di Jezi: "Mèt, li bon pou nou ret isit la, an nou fè twa joupa,
youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli"; li pa t’ konnen sa pou l’ te
di. Pandan li t’ap di sa, gen yon nyaj ki rive, li kouvri yo; yo vin pè, antan
y’ap antre nan nyaj la.
Yon vwa rive sot nan nyaj la, li di:
"Sila a se Pitit mwen an mwen renmen an, koute l’". Pandan vwa a ap
pale a, yo wè Jezi pou kont li.
Yo pe bouch yo, yo pa di pèsòn anyen jou
sa yo, nan sa yo te wè yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Frè ak sè m’ yo,
jodi a se jou Granmèt la (dies Domini),
chak moun dwe kite aktivite travay li pou rann Bondye Granmèt la omaj ke li
merite, pou tout mèvèy li reyalize nan lavi nou chak jou. Se tout kreyati nan
syèl la, sou tè a ak anba lanmè a ki dwe chante lwanj Granmèt la.
Nan dezyèm Dimanch Tan
Lavan-an, etan n’ap avanse sou wout lakwa a avèk Jezi, litiji Legliz ba nou yon
avangou gwo fèt limyè Rezireksyon an. Jodi a, Pawòl Bondye mande nou adopte 2 atitid: se pou nou genyen lafwa (menm jan ak Abraam); se pou nou lapriyè (menm jan ak Jezi sou tèt mòn nan).
Labib ede nou konprann enpòtans lafwa a genyen nan
lavi moun: anpil mirak ak gerizon Jezi te fè nan lavi moun lè li t’ap viv sou
tè a, se gras a lafwa moun yo te genyen nan li. Lapriyè ak lafwa, se 2 bagay ki
mache ansanm: se lè w’ priye
ou kapab gen plis lafwa e se lafwa ki pèmèt ou priye. Bondye te reyalize pwomès
li te fè Abraam, paske li te gen anpil lafwa epi li te renmen Bondye. Renmen li
te gen pou Bondye a te pèmèt ke li pa t’ pè sakrifye pwòp pitit li, Izaak. Se poutèt sa li vin tounen papa tout moun ki
gen lafwa, li se papa tout moun ki kwè nan Bondye. Lapriyè se mwayen ki pèmèt nou rete konekte ak Bondye.
Jodi a, n’ap kontanple Jezi sou tèt mòn nan ki pran yon
atitid lapriyè pou li kapab antre nan entimite Papa a. Se kalite atitid sa ke
Legliz la mande nou viv tou nan tan Karèm nan. Se sèlman nan atitid sa a n’ap
kapab rive fè ekperyans Rezireksyon an. Antan l’ap lapriyè a, Jezi transfòme,
li chanje figi nan prezans Pyè, Jak ak Jan ki te akonpanye li sou tèt mòn nan.
Transfòmasyon sa a, se yon avangou gwo Dimanch Rezireksyon Granmèt la ki pral
kase chenn ki mare pitit Bondye yo nan tonbo lanmò a. Limyè Jezikri a klere nan
fènwa lavi nou pou li kapab disparèt tout sa ki mete nou dozado ak Bondye papa
a. Lè nou lapriyè nou jwenn limyè pou nou kapab klere nan fènwa ki vlope mond
lan, fènwa ki vlope pwòp lavi nou. Lè nou rete soude sou Granmèt la, nou kapab
chanje figi, antouraj nou kapab chanje figi, mond lan kapab chanje figi. E nou
fè eksperyans rezireksyon.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ rete kole sou ou pou mwen kapab tounen
limyè tout bon vre pou mond lan.
PWOPOZISYON: Chèche viv nan kominyon avèk Bondye pou lavi nou ak
sosyete a kapab gen yon lòt vizaj.
No hay comentarios:
Publicar un comentario