Páginas

MADI 12-3-2019


Koulè Vyolèt
MADI PREMYE SEMÈN KARÈM
PREMYE LEKTI
«Pawòl mwen fè tout sa m’ vle ».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 55, 10-11
Men pawòl Granmèt la:
«Menm jan lapli ak lanèj desann sot nan syèl, epi li pa tounen la, san l’ pa wouze tè a, san l’ pa enbibe l’, pou l’ jèmen, pou l’ bay semans pou moun k’ap simen an ak pen pou moun ki bezwen manje a, se konsa tou pawòl ki sòti nan bouch mwen an, li pa tounen vin jwenn mwen vid, men l’ap fè tout sa m’ vle, l’ap reyisi misyon l’ nan, sa m’ voye l’ fè a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
33, 4-5. 6-7. 16-17. 18-19
R/ Nan tout tray yo Bondié sové moun kòrèk yo.
Fè lwanj Granmèt la ansanm avèk mwen,
an nou fè wè jan non l’ gran nou tout ansanm,
Mwen chèche Granmèt la, li koute m’,
anba tout sa k’ fè m’ pè li delivre m’.R.
Gade kote l’, pou nou klere, fas nou p’ap wont.
Pòv la rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li yo li sove l’.R.
Je Granmèt la sou moun kòrèk yo, zòrèy li nan rèl yo.
Figi Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo,
pou l’ pèdi souvni yo sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la koute, anba tout tray yo li delivre yo.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze,
sa k’ gen lespri yo kraze yo, l’ap sove yo.R.
LEVANJIL
“Se konsa pou nou lapriyè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè n’ap lapriyè, pa pale tankou payen yo; yo konprann reyèlman vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa sanble ak yo; sèke Papa nou konnen sa nou bezwen, anvan menm nou mande l’. Se konsa pou nou lapriyè:
«Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak tou sa ki mal. Amèn».
Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa nou p’ap padonnen nou peche nou yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lapriyè «PAPA NOU KI NAN SYÈL» la, se lapriye Jezi te montre disip li yo lè yo te mande l’ pou l’ montre yo lapriyè (Lk 11, 2ss). Jodi a nou jwenn lapriyè sa a nan levanjil Matye a (Mt 6, 9ss) men nan yon kontèks ki diferan. Se kontèks tan Karèm nan, kote Legliz la envite nou viv Konvèsyon nou pou nou kapab rive yon moun nouvo nan Dimanch Pak la.
Nou kapab medite sou kòman Levanjil Matye a ap ede nou nan fason n’ap lapriyè, nan fason n’ap ede moun pòv yo epi nan fason nou fè jèn. Se twa pratik relijyez Legliz la mande nou pou nou viv nan senserite pandan tan Karèm nan. Nan sans sa a, Jezi ankouraje nou nou pou nou sispann viv nan ipokrizi. Lapriyè se moman ki enpòtan nan lavi yon kretyen. Se okazyon pou nou fè verite sou lavi nou devan Bondye, sèl Jij ki konnen sa ki nan kè nou. Kidonk lapriyè Jezi montre nou an dwe tounen yon eksperyans nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak tout sa ki mal. AMEN.
PWOPOZISYON: Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa nou p’ap padonnen nou peche nou yo».

No hay comentarios:

Publicar un comentario