Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Nou p’ap rele travay men nou “Bondye nou’’ ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl Granmèt la:
«Izrayèl, tounen vin jwenn Granmèt
Bondye ou la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk nou, tounen vin
jwenn Granmèt la, di l’: «Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap ofri sakrifis
bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò, paske òfelen ki
nan ou a, ou pran pitye pou li».
M’ap geri yo pou yo sispann vire do ban
mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’ vire kite yo; m’ap
tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap eklate tankou
Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap tankou Liban.
Y’ap tounen vin chita anba lonbraj li,
y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen; souvni l’ap tankou diven Liban.
Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò ? M’ap koute, m’ap renmen l’
tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
80, 6c-8a. 8bc-9. 10-llab. 14 e 17
R/ Se mwen menm
Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.
Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande.
Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men
l’ kite panye a.
Nan tray la, ou rele m’, mwen delivre
ou.R.
Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an,
mwen eseye ou bò dlo Meriba a.
Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon,
Izrayèl, pa pito ou koute m’.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap
adore dye etranje.
Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou,
ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si
Izrayèl te mache nan chemen m’ yo,
mwen ta fè yo manje nan ble ki gra,
mwen ta plen vant yo ak myèl wòch la.R.
LEVANJIL
«Granmèt Bondye ou la se yon sèl Bondye, se pou ou renmen l’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi,
li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn li: «Premye
kòmandman an, se: «Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye ou la se yon sèl Bondye a; se
pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout
lespri ou, ak tout fòs ou». Sa a se premye kòmandrnan an. Dezyèm nan menm
sanble ak li: «Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm». Pa gen lòt
kòmandman ki pi gran pase sa yo».
Pwofesè a di l’: «Se byen, Mèt, ou
pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak
tout kè, ak tout entelijans, ak tout nam, ak tout fòs; epi renmen pwochen an
tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis».
Jezi menm wè li te reponn avèk
sajès, li di l’: «Ou pa lwen rèy Bondye a». Pèsòn pa t’ pran chans poze l’
kesyon ankò.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè pwofesè lalwa yo
panse yo te kapab pran Jezi nan pyèj, se
li menm ki pran yo nan pyèj: paske daprè farizyen yo, yon Jwif te gen anpil
kòmandman pou l’ te swiv si l’ te fè volonte Bondye tout bon vre; se poutèt sa
yo ta vle konnen kilès ki pi enpòtan nan kòmandman yo; se konsa pwofesè lalwa
yo te pwoche kot Jezi epi yo mande l’ kilès nan kòmandman yo ki pi enpòtan.
Jezi
menm reponn yo konsa : premye kòmandman an, men li:se «Koute Izrayèl, Bondye w’ la se yon sèl li
ye, se pou ou renmen l’ ak tout kè ou ak tout nanm ou ak tout lespri ou, epi ak
tout fòs ou, sa a se premye a. Koute dezyèm nan, ki sanble tèt koupe ak
premye a, li di yo w’a renmen pwochen ou
menm jan ou renmen pwòp tèt pa ou ; pa gen yon lòt kòmandman ki pi
gran pase 2 sa yo.
Zanmi
mwen yo, pandan tout ekzistans nou, nou ta sipoze bay Bondye premye plas nan
lavi nou, paske se li menm ki fè nou, se li ki ba nou tout sa nou bezwen pou
nou viv, se li menm ki pèmèt nou respire. Nou pa kapab mete anyen nan plas
Bondye. An nou chèche imite renmen Bondye a, paske se renmen an k’ap pèmèt nou
viv nan amoni. Ann chèche idantifye epi divòse ak tout sa ki fè nou pa renmen
Bondye ak tout kè n’, tout fòs ak tout lespri nou, epi si nou renmen Bondye
Granmèt la tout bon vre, n’a kòmanse renmen pwochen nou. Konsa, li enpòtan pou
nou chèche fè Bondye plezi nan jan n’ap viv ak tout moun ki bò kote nou, paske
si nou di nou renmen Bondye ke nou pa wè, epi sila yo ki bò kote nou, nou pa
kab wè yo ni sipòte yo, sitou sila yo ki pi fèb, se men nou nou lave epi souye
l’atè. Se pou nou ouvri kè nou pou n’ fè plas pou sila a ki renmen nou an
premye e k’ap toujou renmen nou an.
LAPRIYÈ:Granmèt tanpri
ede m’ debarase kè m’ ak tout sa ki
anpeche m’ renmen ou ak pwochen mwen.
PWOPOZISYON:Mwen p’ap kite anyen pran plas Bondye nan lavi mwen, paske se li menm sèl
ki ka sove mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario