Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Yo p’ap tande vwa kriye ak vwa rèl ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 65, 17-21
Men pawòl Granmèt la:
«Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè
nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a.
Men n’ap kontan, n’ap fete pou tout
tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm «Fèt» ak pèp li a
«Kè kontan». M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap
tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl.
P’ap gen timoun k’ap mouri tou piti
ladan l’ ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo, paske timoun nan
se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive santan, se moun
madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen,
y’ap manje fwi yo».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
29, 2 e 4. 5-fi. 1 l-12a e 13b
R/ M’ap fè
lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou
delivre m’,
ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi
sou do m’.
Granmèt, ou delivre nam mwen sot
anba pouvwa lanfè,
ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan
pyèj bafon an.R.
Chante pou Granmèt la, sen yo fè
lwanj pou souvni l’ ki sen.
Sèke se pou yon ti moman li te
fache, men se pou tout lavi li renmen.
Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten
se kè kontan.R.
Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen,
Granmèt, pote m’ sekou.
Ou fè rèl dèy mwen an vin tounen
dans pou mwen.
Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap
fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Ale, pitit ou a ap viv".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54
Lè sa a:
Jezi sòti
Samari, 1’al nan Lagalile. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo
resevwa byen lakay li. Lè l’ rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen,
poutèt tout sa yo te wè l’ fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo
t’al nan fèt la.
Konsa li
tounen Kana Lagalile, kote li te fè dlo a vin tounen diven an. Te gen yon
ofisye wa a, pitit li te malad Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi te vin sot Lajide
pou l’ antre Lagalile, 1’al kote l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit
li a: sèke li te prèske mouri.
Li di Jezi:
"Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri".
Jezi di l’:
"Ale, pitit ou a ap viv". Mesye a kwè
pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.
Pandan l’ap
desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di l’ pitit li a ap
viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’: "Se yè, a inè nan
laprèmidi, lafyèv la kite l’". Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te di
l’ "Pitit ou a ap viv"; li kwè ni li menm ni tout kay li a.
Sa a se
dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pwofèt Izayi te viv moman dezolasyon pèp Izrayèl la. Bondye Granmèt la
voye yon pawòl espwa, yon pawòl konsolasyon pou pèp la, pa mwayen pwofèt la. «Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè nouvo ; yo p’ap
sonje premye yo ankò». Nan moman detrès yo, pèp la pi souvan dekouraje, panse
kè Bondye lage l’ poutèt li peche. Sepandan Bondye di l’ l’ap vin refè l’, l’ap
vin padone peche l’ yo, lanmò p’ap pote laviktwa sou li ankò. Nan Levanjil sen
Jan an, Jezi tounen lakay li, Nazarèt, kote l’ te fè premye mirak li, se pa aza
Jan bay presizyon sa a. Li te fè premye mirak li la paske se te sou demand
manman l’, dezyèm mirak sa a li fè l’ sou demand yon moun ki pa t’ moun zòn
nan. Sa k’ pi enpòtan pou nou reflechi nan tèks sa a se lafwa ki pèmèt mirak yo
posib pou moun ki kwè yo ; se pa paske nan Nazarèt pa t’ gen nesesite, pa
t’ gen maladi. Sila yo ki moun zòn nan pa t’ rekonèt Jezi kòm Mesi yo t’ap tann
nan, se nan mitan yo Jezi grandi, yo pa t’ gen lafwa nan li ; kidonk yo pa
t’ janmen mande l’anyen, yo pa t’ janmen konfye l’ mizè yo, maladi yo, touman
yo. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li.
Sepandan ofisye wa a, non sèlman li tande pale de Jezi, li chèche konnen l’, li
konfye l’ pwoblèm li, li kwè ke li kapab sove pitit li ki malad. Mirak Jezi ale
nan mezi lafwa nou, nan mezi konfyans nou plase nan li.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè tè a vin tou
nèf, gras a sakreman yo nou pa kapab di sa yo ye a, tanpri, fè Legliz ou a
pwofite òganizasyon tout tan yo, fè l’ pa manke sekou nan tan k’ap pase yo. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Lafwa se pa yon bagy ke ou kapab manyen, men li pi konsekan, li pi fò pase sa
w’ ka wè ak sa w’ ka manyen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario