Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen wè yon dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo
sa a sove yo».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-9. 12
Jou sa yo,
Mesaje a fè m’
vire jous nan pòt kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti anba papòt la nan direksyon
solèy leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon solèy leve, dlo yo menm
t’ap desann bò kote dwat kay sakre a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti nan
chemen ki t’ap gade nan direksyon solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule anpil
sot nan kote dwat la.
Lè mesye a sòti
nan direksyon solèy leve a, li te gen yon mèt nan men l’, li konte senk-san
mèt, li fè m’ travèse nan dlo a, jous nan talon. Aprè sa, li konte senk san
mèt, li fè m’ travèse nan dlo a jous nan jenou; li konte senk-san epi li fè m’
travèse nan dlo a jous nan ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’
kapab travèse, paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li
di m’:
«Sètènman ou wè,
pitit moun». Li kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan.
Lè m’ vire, mwen
wè anpil pye bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: «Dlo sa yo, k’ap
sòti pou y’al nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan,
y’ap antre nan lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd: tout bèt vivan k’ap
mouvmante, y’ap viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo
sa yo rive kote sa a, tout bagay kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv.
Anlè ravin nan, sou bò l’ chak bò, ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi;
fèy yo p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi; chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske
dlo ravin nan se nan kay sakre a y’ap sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo
ap sèvi remèd».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
45, 2-3. 5-6. 8-9
R/ Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Bondye se yon kachèt pou nou ak
fòs,
sekou nou jwenn tout tan nan
tray.
Se pousa
nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante,
pandan mòn
yo ap transpòte nan kè lanmè a.R.
Bò larivyè a mete kontantman nan vil Bondye a,
joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo.
Bondye nan mitan l’, li p’ap bouke;
Bondye prete l’ sekou depi granmaten.R.
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Vini, gade aksyon Granmèt la, mèvèy li mete sou tè a.R.
LEVANJIL
«Menm lè a mesye sa a vin geri».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
JAN KI SEN 5, 1-3a. 5-16
Se te yon
jou fèt Juif yo, Jezi monte Jerizalèm.
Jerizalèm gen yon basen pou mouton yo, yo rele l’ nan langaj ebre
«Betsayid», li gen senk galri. Nan yo te gen yon pakèt foul moun ki te kouche,
ak maladi, avèg, moun k’ap bwate, moun ki gen men yo seche. Te gen yon mesye ki
te la, li te gen trantuitan depi l’ te malad. Lè Jezi wè l’ kouche, li te
konnen sa te fè anpil tan deja, li te gen maladi a, li di l’: «Èske ou vle
geri»?
Malad la reponn li: «Granmèt, mwen pa gen pèsòn, pou voye m’ nan basen
an, lè dlo a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon lòt gen tan desann anvan m’, Jezi
di l’: «Leve, pran nat ou, al mache». Menm lè a
mesye sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se te yon jou saba, Juif yo di moun nan ki te geri a: «Se saba; ou pa
gen dwa pran nat ou». Li reponn yo: «Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di
m’: «Pran nat ou, mache».
Yo poze l’ kesyon: «Kilès moun sa a ki di ou «Pran nat ou, mache a»? Sila a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki moun sa; Jezi te wete kò l’
sot nan foul la ki te la a.
Aprè sa Jezi jwenn li nan kay sakre a, li di l’: «Men ou geri, pa fè
peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou». Mesye a ale, li bay Juif yo nouvèl,
li di se Jezi ki te fè l’ geri. Se pou sa Juif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li
te fè bagay sa yo jou Saba a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jezi
gade li ki kouche; li mande li: èske w’ vle geri? »
Frè ak sè m’ yo, zanmi Jezikri yo, jodi a Sen
Jan ap prezante nou sèn pisin Betsayid la. Li plis sanble ak sal datant nan yon
lopital, tèlman gen malad k’ap tann pou yo lage yo nan dlo a. «Yon pakèt moun malad kouche, sa ki avèg, sa
ki bwate, sa ki paralize» (Jn 5,3).
Epi Jezi vin ap pase. Se konsa li fè yon entèvansyon, li pote gerizon, li pote
liberasyon pou mesye sa a ki te malad depi trantuitan. Ou menm tou, pwoblèm ki
nan lavi w’ la, remèt li nan men Jezi, paske li gen solisyon, Li se Solisyon an
menm. Jezi toujou prezan, paske li
vle libere nou.
Farizyen yo menm, se sèlman afè Saba y’ap
regle. Movèz fwa yo pafwa yo fè yo pa kapab grandi, mechanste bouche je yo, yo
soud tèlman kè yo di ! Sa fè lontan ke nèg sa a te malad : trantwitan
(38) depi l’ap soufri ak maladi sa a, e Jezi mande l’,
«èske
w’ vle geri ?» (Jn 5,6).
Jezi toujou sou wout nou pou l’ delivre
nou ; men sèlman fòk nou dakò resevwa gerizon sa a. Depi lontan moun sa a
t’ap soufri e li pa t’ jwenn pèsonn ede li men lè li vin rankontre ak Granmèt
la, lavi li te chanje, li tounen yon moun nouvo, li soti nan gwo soufrans li te
ye a pou li antre nan kè kontan. Li sòti nan lanmò pou li antre nan lavi. Li fè
yon pasaj. Se mesaj Pak la. Si nou soufri ak Jezi, nou va resisite ak li tou.
Nèg paralize a, sila ki di li : «leve
pran branka w’ epi mache » (Jn
5,8).
Jodi a, Jezi vle geri w’; èske w’ dispoze
oubyen èske vle geri tou ? Vwa Kris la, se vwa Bondye. Menm jan ak nèg sa
ki te kokobe a, tout moun ki tande vwa Kris la, li va libere. Tout bagay vin
nouvo pou paralize a ki te fatige paske li te dekouraje. Aprè sa, Sen Jan
Krizostòm ta pral di nou ke nan pisin Betsayid tout maladi po te geri epi
avèk batèm
nan tout maladi nanm geri. Nan pisin nan se tanzantan epi se pou
yon sèl malad; nan batèm nan, se pou tout tan epi se pou tout
moun. Nan tou 2 ka sa yo, pouvwa Bondye manifeste a travè dlo, Bondye itilize
dlo a ni pou lave kò nou ni pou lave nanm nou. Paralize a te san fòs bò pisin
nan, èske sa pa fè nou sonje pwòp eskperyans nou ak pwòp enpwisans nou pou nou
fè byen ? Frè ak sè m’ yo, èske nou
toujou rann nou kont chak jou, nan antouraj nou, nan vwazinaj nou, gen yon
pakèt paralize k’ap lite ki pa janm rive sove nan manke libète yo ?
Fòk nou gade Jezi. Paske li enpòtan epi li
nesesè pou nou plonje nou nan dlo lagras la, dlo lapriyè a, dlo konfesyon an,
dlo konvèsyon an, pou nou ouvè lespri nou, pou nou tout ansanm kapab plonje epi
benyen nan pisin lagras Bondye a.
LAPRIYÈ: Granmèt, nan tan penitans sa a, fè
kè fidèl ou yo louvri byen louvri pou yo sèvi ou. Se konsa y’a byen dispoze pou
yo resevwa Mèvèy Sakre Pak la epi tou pou yo gaye Bòn Nouvèl Delivrans ou a bay
tout moun. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap dekouvri paralizi ki
nan lavi mwen, ak sa ki anpeche mwen plonje nan sous lagras Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario