Páginas

JEDI 24-10-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Koulye a nou delivre anba peche a, nou vin tounen sèvitè Bondye”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 6, 19-23
Frè m’ yo:
M’ap pale langaj lèzòm poutèt feblès chè nou. Menm jan nou te ofri manb nou yo nan sèvis sa ki pa pwòp, ki pa kòrèk la, pou mal la, konsa tou koulye a, ofri manb nou yo nan sèvis jistis la pou nou vin sen.
Lè nou te nan sèvis peche a, nou te lib parapò a jistis la. Epi ki rezilta nou te jwenn lè sa a, nan bagay yo k’ap fè nou wont la? Sèke finisman bagay sa yo, se lanmò a.
Koulye a menm nou lib parapò a peche a, nou vin tounen sèvitè Bondye, nou gen fwi nou nan sa k’ fè nou vin sen an, finisman an se lavi tout tan an. Epi travay peche a se lanmò; men favè Bondye a, se lavi tout tan an nan Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou moun ki mèt konfyans li nan Granmèt la.
Se chans pou moun, ki pa al suiv konsèy mechan yo,
ki pa kanpe nan chemen moun peche yo,
ki pa chita nan reyinyon moun k’ap derespekte Bondye yo,
men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’;
fèy li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou mechan yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap vòltije.
Sèke Granmèt la konnen wout moun kòrèk yo, men chemen moun peche yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Mwen pa vin bay lapè men separasyon”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 49-53
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Mwen vin voye dife sou tè a, epi ki sa m’ vle si se pa pou l’ boule. Mwen gen yon batèm pou m’ resevwa, epi se pa ti kras anvi mwen anvi pou l’ reyalize.
Èske nou konprann se lapè mwen vin bay sou tè a? Non, mwen di nou, men se divizyon. Sèke senk moun nan yon sèl kay, y’ap divize: twa kont de, epi de kont twa: papa kont pitit, epi pitit kont papa l’; manman kont pitit fi a, pitit fi a kont manman l’; bèlmè kont bèlfi, epi bèlfi kont bèlmè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario