Páginas

LENDI 9-12-2019


Koulè ble (Blan)
IMAKILE KONSEPSYON
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“M’ap poze rayisans ant ras ou ak ras madanm nan”
NAN LIV LAJENÈZ 3, 9-15. 20
Lè Adan fin manje nan pye bwa a, Granmèt Bondye rele l’, li di l’: “Kote ou?”
Adan di: “Mwen te tande vwa ou nan paradi a, mwen te pè, paske mwen te nikò, mwen kache kò m’”.
Bondye di: “Ebyen kilès ki te montre ou ou te nikò, sinon paske ou manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa t’ manje ladan l’ nan?”
Adan di: “Se madanm nan ou te ban mwen kòm asosye a, se li menm ki ban m’ nan pye bwa a, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di madanm nan: “Pouki ou fè sa?”
Li reponn: “Se sèpan an ki twonpe m’, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di sèpan an: “Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan tout vivan ak tout bèt ki sou tè a: sou vant ou w’ap mache, epi se tè w’ap manje pandan tout tan lavi ou. M’ap mete rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras li; li menm l’ap kraze tèt ou, ou menm w’ap met pyèj nan talon l’”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3c-4
R/ Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Glwa sove a parèt gras a men dwat li, ak bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove l’ la, devan fas nasyon yo li devwale jistis li.
Li sonje mizerikòd li ak verite l’ pou kay Izrayèl.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
DEZYÈM LEKTI
“Bondye te chwazi nou nan Jezikri anvan tè a te fèt”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 1, 3-6.  11-12
Konpliman pou Bondye, Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki beni nou nan tout benediksyon Lespri a nan syèl la nan Jezikri; se konsa li te chwazi nou nan li anvan tè a te fèt, pou nou te kapab sen, san tach devan fas li nan renmen an; li menm ki te destine nou davans pou nou te vin tounen pitit adoptif pa lentèmedyè Jezikri pou li menm, daprè desizyon volonte l’, pou lwanj glwa gras li, gras li sa a li fè nou jwenn nan Pitit li a li renmen an.
Se nan li menm menm yo te rele nou kòm eritye, nou menm yo te mete apa depi davans, selon desizyon l’ k’ap kondui tout bagay selon plan volonte li a, pou nou vin sèvi lwanj bèlte li, nou menm ki t’ap espere davans nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Sali, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile, yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse ak yon mesye, yo rele Jozèf, nan ras David, non vyèj la se te Mari.
  Zanj la antre kote l’, li di: “Sali, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi”.
Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl zanj la, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’: “Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent w’ap fè yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan ras Jakòb la pou tout tan, peyi wa l’ la p’ap janm fini”.
Mari menm di zanj la: “Kijan sa ap fèt, paske lèzòm mwen pa konnen?”
Zanj la reponn, li di l’: “Se Lespri Sen an k’ap vin desann nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa, sa a k’ap fèt sot nan ou a, sen an, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Gade Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason pandan l’ tou vye a; mwa sa a se sizyèm nan, pou sa a yo rele pa ka fè pitit la; sèke pa gen anyen ki enposib kot Bondye”.
Mari menm di: “Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Epi zanj la kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete Imakile Konsepsyon Lavyèj Mari (Sa vle di n’ap sonje manman Sovè nou Jezikri, ke Bondye te prezève de peche a, sila ke Granmèt la te mete apa depi syèk tan yo pou li te sèvi kanal pou sous gras li yo te kapab koule rive jwenn limanite). Se yon opòtinite pou nou reflechi sou lavi manman Jezi, ki se manman nou tou: manman ki toujou kanpe la pou l’ akonpaye tout pitit li yo, pou li pote yo sekou nan tout danje. Se sa ki fè nou rele li «Manman Pèpetyèl Sekou».
Nan premye lekti a, nou wè jan Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, yo te kite Satan pran tèt yo epitou yo manje fwi pye bwa Granmèt la te pase yo lòd pou yo pa t’ manje ladan li a. Nan tèks sa, nou wè se Èv ki te tonbe an premye nan pyèj satan epi li fè Adan tonbe tou. Men Lavyèj Mari vin tounen fanm modèl Bondye te vle fè ak Èv la; Mari se yon ekzanp total nan obeyi lòd Granmèt la, e nan akeyi volonte l’ nan lavi l’.
Sa k’ pi enpòtan nan fèt sa, se pa sèlman paske Lavyèj te fèt san peche; men se paske okenn mak peche pa t’ tache sou li, paske li te kontinye nan eta lagras sa a pandan tout lavi l’ sou tè a. Li te rekonèt  Bondye te chwazi l’, epi li te viv selon volonte Granmèt la. Se poutèt sa lè Anj Grabriyèl te anonse li pral anfante Jezi, li aksepte ak tout kè l’, paske li te toujou prè pou l’ fè volonte Granmèt la malgre tout enkonvenyan (malgre li te pran angajman ak Jozèf, li te konprann ke angajman ak Bondye pi konsekan pou li). Mari se yon gwo ekzanp lafwa ak imilite.
Anpil fwa nou pito reyalize pwojè pa nou yo olye nou kite pwojè Bondye reyalize nan lavi nou. Menm jan ak Lavyèj, nou dwe toujou pare pou nou fè sa Bondye vle; se konsa tout kretyen dwe viv, paske depi nan batèm nou, Granmèt la te chwazi nou kòm pitit li renmen anpil. Se pou sa li pwòpte nou pou wete salte peche orijinèl la nan nou. Men anpil fwa nou vire do bay Papa nou e nou pèdi gras nou te resevwa  nan batèm nan.
Jodi a, an nou fè pawòl anj Gabriyèl tounen pawòl pa nou pou nou salye Mari, antan n’ap rekonèt enpòtans li kòm «pon», kòm «kanal» ki fè nou jwenn liberasyon Granmèt la nan Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye, ou te vle pare yon kay alawotè Pitit ou a. Se pousa ou fòme Mari san tach; li Vyèj, li Sen. Ou prezève l’ pou okenn peche pa touche l’, gras a lanmò Pitit ou a ou te prevwa a. L’ap priye pou nou. Tanpri, pwòpte nou; fè nou gras, pou nou rive vin jwenn ou. Pa kite nou tonbe nan tantasyon bèl bagay mond la ap ofri nou ki pou anpeche nou fè volonte ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Salye Lavyèj Mari nan jounen jodi a avèk menm pawòl zanj Gabriyèl la, pwofite jounen an pou ou fè yon dizèn chaplè antan w’ap mande.

No hay comentarios:

Publicar un comentario