Páginas

MADI 17-12-2019


Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Yo p’ap wete baton kòmandman an sot nan Jida".
NAN LIV LAJENÈZ  49, 2. 8-12
Jou sa yo: Jakòb rele pitit li yo, li di yo:
"Rasanble, pou m’anonse nou sa k’ap rive nou nan jou yo k’ap vini yo. Rasanble, koute, pitit Jakòb yo, koute Izrayèl papa nou.
Jida, frè w’ yo ap fè lwanj ou; men ou sou kou ènmi w’ yo, pitit papa w’ yo ap ajenou devan ou. Se pitit lyon Jida ye. Pitit mwen, ou te monte pou lachas, ou repoze, ou kouche tankou yon lyon, tankou yon femèl lyon: kilès k’ap reveye l’? Yo p’ap wete baton kòmandman an sot nan men Jida, ni chèf la sot nan jenou l’, joustan sa  y’ap voye a ap rive; se li menm nasyon yo ap tann nan".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2. 3-4ab. 7-8. 17
R/ Jistis ap fleri nan tan l’avèk lapè an kantite pou tout tan.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Mòn yo ap pote lapè pou pèp la, ti wotè yo ap pote jistis.
L’ap jije pòv yo nan pèp la, l’ap sove pitit malere yo.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè an kantite joustan lalin nan disparèt.
L’ap kòmande sot nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran rivyè a jous nan bout fas tè yo.R.
Se pou non l’ beni pou tout tan, devan solèy la se pou non l’ dire.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li. Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
LEVANJIL
"Ras Jezikri, Pitit David".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN  1, 1 17
Liv jenerasyon Jezikri, pitit David, pitit Abraam.
Abraam anfante Izaak, Izaak anfante Jakòb, Jakòb anfante Farès ak Zara pa lentèmedyè Tama, Farès anfante Eswòm, Eswòm anfante Aram, Aram anfante Aminadab, Aminadab anfante Naason, Naason anfante Salmon, Salmon anfante Bòz pa lentèmedyè Raab, Bòz anfante Obèd pa lentèmedyè Rit, Obèd anfante Jese, Jese anfante wa David.
Wa David anfante Salomon pa lentèmedyè sa a ki te madanm Iri a. Salomon anfante Woboam, Woboam anfante Abya, Abya anfante Asa, Asa anfante Jozafat, Jozafat anfante Joram, Joram anfante Ozyas, Ozyas anfante Jowatan, Jowatan anfante Akaz, Akaz anfante Ezekyas, Ezekyas anfante Manase, Manase anfante Amòn, Amòn anfante Jozyas, Jozyas anfante Jekonyas ak frè l’ yo lè ekzil Babilòn nan.
Aprè ekzil Babilòn nan, Jekonyas anfante Salatyèl, Salatyèl anfante Zowobabèl, Zowobabèl anfante Abiyoud, Abiyoud anfante Elyasim, Elyasim anfante Azò, Azò anfante Sadòk, Sadòk anfante Akim, Akim anfante Eliyoud, Eliyoud anfante Eleyaza, Eleyaza anfante Matan, Matan anfante Jakòb.
Jakòb menm anfante Jozèf, ki te marye avèk Mari, se nan Mari Jezi vin pran nesans, li menm yo rele Kris la.
Konsa tout jenerasyon yo sot nan Abraam jous nan David, sa fè katòz jenerasyon; epi sot nan David jous nan ekzil Babilòn nan, katòz jenerasyon; epi sot nan egzil Babilòn nan jous nan Kris la, katòz jenerasyon.
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bon­dye a.
REFLEKSYON: Frè m’ak sè m’ yo, ann louvri kè nou bay Granmèt la. Konsa n’a fini pa dekouvri se li ki vrè sous kè kontan an. Yon kè kontan ki va pouse; konsa n’a dekouvri tout bon vre menm jan sa nan sòm 23 a : «Granmèt la se gadò mwen, mwen pa manke anyen». Li konble m’ ak kè kontan ak lanmou san limit li an. Yon lanmou ki gen 2 aspè: premye a pèsonèl: mwen menm avèk li; li rele m’nan non mwen, l’ap mande m’ resevwa l’ lakay mwen, nan lavi mwen.
An menm tan tou lè m’ akeyi l’ m’ap akeyi tout frè m’ ak sè m’ yo ki fè youn avè l’ menm jan avè m’ tou. Sa se dezyèm aspè a ki enplike lanmou youn pou lòt la. Se nan menm lanmou sa a nou eritye nan Bondye a frè m’ak sè m’ yo ke n’ap rive bati sosyete nou swete a, yon sosyete ki va chita sou jistis,  verite ak renmen youn pou lòt, konsa n’a va rive viv chak jou pi plis nan fason ki fè Bondye plezi.
LAPRIYÈ: Bondye o, nou p’ap janm sispann di ou mèsi pou kalite renmen w’ sa ou pèmèt nou pran konsyans de li jodi a; nou sèten ke se nan li sèlman nou ka jwenn kè kontan tout bon an. Tanpri fè nou gras pou n’ rive viv li nèt ale. Nou mande w’ sa nan non Jezikri gran frè nou an. Amèn
PWOPOZISYON: Pou jounen sa a, m’vle bay tèt mwen obligasyon pou m’evite fè moun k’ap viv bò kote m’ yo soufri.

No hay comentarios:

Publicar un comentario