Páginas

SAMDI 7-12-2019


Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
Y’ap pran pitye pou ou, lè yo tande vwa rèl ou a.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI
30, 19 - 21. 23- 26.
Men pawòl Granmèt Bondye, Sen Izrayèl la:
"Pèp Siyon an ap abite Jerizalèm; li p’ap kriye ankò, y’ap pran pitye pou ou, lè yo tande vwa rèl ou a; kan yo tande, menm lè a y’ap reponn ou, Granmèt la ap ba nou pen nan tray nou, ak dlo nan kè sere nou, li p’ap fè moun k’ap ba ou lansèyman an kite ou ankò, je ou ap wè mèt ou a, zòrèy ou ap tande pawòl sila a k’ap ba ou avètisman dèyè do ou la: "Men wout li: mache ladan l"; nou p’ap devye ni adwat ni agoch. L’ap bay semans ou a lapli, kote ou te simen nan peyi w’ la; pen an tè a ap bay la l’ap rich, l’ap gra; jou sa a, mouton an ap jwenn anpil kote pou l’ manje zèb nan eritaj ou a, bèf ou yo ak ti bourik ou yo, k’ap travay tè a, y’ap manje yon bon manje ki byen melanje, ki byen vante sou glasi. Sou tout mòn ki wo ak sou tout ti wotè ki gran, ap gen rivyè dio k’ap kouri, jou y’ap touye anpil moun nan, lè kay defans yo ap tonbe yo. Limyè lalin nan ap tankou limyè solèy la, limyè solèy la ap klere sèt fwa plis tankou limyè sèt jou, jou Granmèt la ap panse blese pèp Li a, jou l’ap geri kote l’ te blese yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 146, 1- 2. 3- 4, 5- 6.
R/ Se chans pou tout moun k’ap tann Granmèt la.
Fè lwanj Granmèt la, paske sa bon pou yo chante pou Bondye nou, paske sa bon pou fè lwanj li. Granmèt la bati Jerizalèm, li rasanble moun Izrayèl yo ki te gaye yo.R.
Li menm ki geri kè ki kraze, ki panse blese yo; ki konte kantite zetwal yo, ki rele yo tout sou non yo.R.
Granmèt nou an gran, pouvwa l gran, yo pa kapab sonde bon konprann li.
Granmèt la soutni moun ki dosil yo, men li rabese moun peche yo jouska tè.R.
LEVANJIL
«Lè l’ wè foul yo, li pran pitye pou yo»
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ MATYE 9, 35-10, 1.6-8
Lè sa a: Jezi t’ap mache nan tout vil yo ak bouk yo, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon yo, li t’ap preche levanjil rèy lan, li t’ap geri tout maladi ak tout feblès; lè l’ wè foul yo, li pran lapenn pou yo, paske yo te bouke, yo te kouche tankou mouton ki pa gen gadyen. Lè sa a li di patizan l’ yo: ‘‘Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye, lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a’’. Li rele douz patizan l’ yo, li ba yo pouvwa sou lespri pa pwòp yo, pou yo chase yo, pou yo geri tout maladi ak tout fèblès. Patizan sa yo, Jezi voye yo, antan l’ ba yo konsiy, li di: "Ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di: ‘‘Rèy syèl yo rive’’. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp yo, chase demon yo’’. Nou te resevwa gratis, se pou nou bay gratis".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a fè yon semèn depi nou kòmanse prepare gwo fèt Nesans Pitit Bondye a, Sovè nou an, Jezikri; nou deja konnen youn nan vèti nou dwe ankouraje pandan Tan Lavan an, se ESPERANS. Men se pa yon fason imobil, tankou yon moun ki kanpe ap tann yon tren pou li monte; okontrè yon se yon esperans ki dwe mete nou an aktivite, ki pouse nou fè tout sa ki nesesè, dekwa pou Jezi kapab pran nesans nan kè nou yon lòt fwa ankò.
Nou kapab pa eseye rete pou kont nou nan espwa nou yo, men nou kapab chèche konnen kisa Bondye ap tann nan men nou. Tankou douz apot yo, Bondye rele nou tou pou nou mache nan wout li trase. Si sèlman nou te kapab tande vwa Granmèt la ki prete bouch pwofèt Izayi pou di nou nan premye lekti a: «Men wout li: mache ladan l’! » (Izayi 30, 21). Antan nou chak nan chemen pa nou, Bondye ap tann nou tout anonse ak pwòp lavi nou ke «Wayòm Bondye a pa lwen rive» (Mt 10, 7).
Matye ap di nou Jodi a kòman Jezi te pran pitye pou foul yo lè li wè kijan yo te fatige, yo te dekouraje, li pran pitye pou yo e li di disip li yo: «Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye, lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a» (Mt 9, 37-38). Se yon fason Jezi vle di nou li konte sou nou e li vle nan divès sikonstans lavi a nou reponn ak vokasyon nou kòm apot, kòm disip-misyonè nan mond nou an. Bondye Papa a vle nou kontinye misyon li te bay Pitit la lè li te voye li sou tè a.
Jodi a, nou kapab rankontre ak yon foul ki twonpe e ki san lespwa, ki swaf Bòn Nouvèl Kris la ke nou dwe pote bay lòt yo. Se yon misyon ke nou tout genyen. Men, antan nou rekonèt feblès nou ak mankman nou yo, ann chèche pran fòs nan lapriyè san rete, epi an nou viv ak kè kontan puiske nou se moun k’ap kolabore nan plan Bondye pou sove mond lan.
LAPRIYÈ: Granmèt ou vle nou jwi yon bèl lavi. Ou bay nou chak anpil kapasite pou nou kreye, pou nou kolabore avèk ou pou sa w’ vle pou nou yo kapab tounen reyalite. Tanpri, fè nou pran angajman sa a oserye. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Mete talan pa w’ ansanm ak pa yon lòt zanmi pou konstwi yon bagay k’ap itil sosyete a. Yon sèl dwèt pa manje kalalou!

No hay comentarios:

Publicar un comentario