Páginas

JEDI 16

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Ou gen pou ou sèvi temwen a Wòm tou".
NAN TRAVAY APOT YO 22, 30; 23, 6-11
Jou sa yo:
Lyetnan an te vle konnen pi byen poukisa Juif yo te akize Pòl la, li lage l’, li pase lòd pou fè prèt yo rasanble ak tout tribinal la; li kondui Pòl, li mete l’ kanpe nan mitan yo.
Pòl menm te konnen gen yon pati se te sadiseyen, lòt la se te farizyen, li rele byen fò nan tribinal la: "Frè m’ yo, mwen se farizyen, pitit farizyen; se pou esperans ak leve vivan mò yo y’ap jije m’".
Kon l’ di sa, vin gen divizyon nan pami farizyen yo ak sadiseyen yo; foul la defèt. Sadiseyen yo di pa gen leve vivan, ni mesaje, ni lespri; farizyen yo menm kwè nan tou lede. Vin gen yon gran rèl, gen kèk farizyen ki leve, yo diskite, yo di: "Nou pa jwenn anyen ki mal nan mesye sa a; si se yon lespri ki te pale avèk li a, oubyen yon mesaje"?
Kòm diskisyon an t’ap vin pi gran, lyetnan an te pè pou yo pa t’ chire Pòl, li pase sòlda yo lòd pou yo desann, pou yo pran l’ sot nan mitan yo, pou yo kondui l’ nan prizon an.
Nan nuit ki suiv la, Granmèt la kanpe kote l’, li di: "Pran kouraj; menm jan ou sèvi m’ temwen Jerizalèm nan, se konsa tou w’ap sèvi m’ temwen a Wòm".
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: “Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen”.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen toutan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout anndan fon kè m’ap danse; menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen nan lanfè a, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou toutan.R.
LEVANJIL
"Se pou yo fè yon sèl nèt"!
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
17, 20-26
Lè sa a: Jezi leve je l’ nan syèl la, li lapriyè, li di:
"Papa ki sen, se pa pou yo menm sèlman mwen lapriyè, men pou sila yo tou k’ap kwè nan mwen gras a pawòl yo a, pou tout moun fè yon sèl, tankou ou menm, Papa, ou nan mwen, epi mwen nan ou, pou yo menm tou yo fè yon sèl nan nou, pou tè a kwè se ou menm ki voye m’.
Mwen menm bèlte a ou te ban mwen an, mwen ba yo l’, pou yo fè yon sèl tankou nou menm nou fè yon sèl la. Mwen menm nan yo, epi ou menm nan mwen, pou yo fè yon sèl nèt, pou tè a rekonèt se ou menm ki voye m’, epi mwen renmen yo, tankou ou renmen m’.
Papa, sila yo ou te ban mwen an, mwen vle pou kote m’ ye a se la yo ye tou avè m’, pou yo wè bèlte m’ nan, sa ou te ban mwen an; paske ou renmen m’ depi anvan tè a fèt.
Papa ki kòrèk, tè a pa t’ rekonèt ou; mwen menm mwen konnen ou, epi sila yo rekonèt se ou menm ki voye m’. Mwen fè yo konnen non ou, m’ap fè yo konnen l’ ankò, pou renmen ou renmen m’ nan, li kapab nan yo, ni mwen menm nan yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a vrèman enteresan, paske li montre nou kòman lapriyè se yon bagay ki enpòtan anpil nan lavi yon kretyen. Li prezante nou Jezi k’ap lapriyè. Si Jezi, ki se pitit Bondye ka pran tan pou li lapriyè, se paske li konnen li enpòtan pou lavi yon kretyen. Nou menm tou, de tanzantan, li bon pou nou pran ti tan espesyal sa a, osinon toutan nan lavi chèche genyen atitid yon moun k’ap lapriyè. Viv tankou moun k’ap lapriyè toutan pa vle di sèlman w’ap resite fòmil ou te aprann nan ti katechis oubyen vèsè ki nan Labib la, men li kapab tou yon dispozisyon kote ou santi prezans Bondye abite nan ou. Nan lapriyè Jezi a genyen anpil bèl bagay ki atire atansyon nou e nou kwè ki enpòtan anpil nan lavi nou tankou kretyen. Nap konsidere de nan yo: Jezi mande pou moun k’ap gen pou tande pawòl apot li yo gen pou pataje ak yo rive kwè nan li. Nou konstate li jous konye a: genyen moun ki pa kwè nan pawòl Bondye a. Sa envite nou kontinye fè menm lapriyè sa a, pou tout moun rive kwè nan Jezikri. Jezi mande tou pou disip li yo viv nan tèt ansanm, menm jan li menm ak Papa li ansanm ak Lespri a fè youn. Viv nan tèt ansanm se yon gran defi pou nou menm jounen jodi a. Mwen kwè Jezi kontinye ap lapriyè pou nou menm, pou nou sispan viv nan chirepit, men pou nou rive byen konprann youn lòt, antann nou dekwa pou nou ka bay pi bon temwanyaj Bòn Nouvèl la.
 
LAPRIYÈ: Granmèt fè m’ lagras pou m’ viv nan tèt ansanm ak frè ak sè m’ yo, nou menm ki se disip ou, dekwa pou plis moun ka rive kwè nan ou. Amen!
 
PWOPOZISYON: Pandan jounen an m’ap fè plis jefò pou m’ pi pozitif nan apwòch m’ap fè ak nan pataj m’ap gen pou m’ fè ak frè m’ yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario