Páginas

JEDI 23

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Papa m’ Sayil ap chèche touye ou »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 18, 69 ; 19, 1-7
Jou sa yo :
Lè David tounen, aprè l’ fin touye Filisten an, medam yo sot nan tout vil Izrayèl yo, y’ap chante, y’ap kondui dans, pou yo vin rankontre wa Sayil, ak tanbou k’ap mèt kè kontan, epi ak bandyo. Medam yo t’ap chante devan, yo t’ap jwe, yo t’ap di : « Sayil touye mil, David menm di mil ». Sayil fache anpil, pawòl sa a pa fè l’ plezi devan je l’ ; li di : « Yo bay David di mil yo, epi mwen menm yo ban m’ mil, sa k’ manke l’ si se pa peyi wa a sèlman » ? Sayil pa t’ gade David ak bon je depi jou sa a ankò.
Sayil pale ak Jonatan, pitit li a, ak tout sèvitè l’ yo, pou yo touye David. Men Jonatan, pitit Sayil la, te renmen David anpil ; Jonatan avèti David, li di : « Sayil, papa m’, ap chèche touye ou ; se pousa, fè atansyon, tanpri, demen, ret kache, fèmen kò ou yon kote. Mwen menm m’ap sòti, m’ap kanpe bò kot papa m’ nan jaden an nenpòt kote ou ye ; m’ap pale osijè ou ak papa m’, epi sa m’a wè, m’a anonse ou li ».
Jonatan pale osijè David an byen ak Sayil, papa l’, li di l’ : « Mon wa, pa fè peche, kont sèvitè ou David, paske li pa fè peche kont ou, aksyon l’ yo bon pou ou anpil. Li riske lavi l’ nan men l’, li touye Filisten an, Granmèt la fè gran sove pou tout Izrayèl : ou wè sa, kè ou kontan. Pouki sa w’ap fè peche kont san inosan an antan w’ap touye David, ki san fot la » ? Lè Sayil tande sa, li vin kalme akòz pawòl Jonatan an, li fè sèman : « Sou lavi Granmèt la, yo p’ap touye li ».
Konsa Jonatan rele David, li montre l’ tout pawòl sa yo ; Jonatan mennen David kot Sayil, li vin devan l’ tankou li te ye yè avèk avantyè.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 55, 2-3. 9-10ab. 10c-ll. 12-13
R/ Nan Bondye mwen espere, mwen p’ap pè.
Pitye pou mwen, Bondye, paske moun nan ap foule m’anba pye, tout jounen sa k’ap fè m’ lagè a ap kraze m’. Ènmi m’ yo ap foule m’anba pye tout jounen, paske yo anpil sa k’ap batay kont mwen yo, ou menm ki anlè nèt la.R.
Ou konte demach mwen yo, mete dlo ki sot nan je m’ yo nan veso w’ la ; èske ou pa konte yo ? Lè sa a ènmi m’ yo ap vire dèyè, nan nenpòt ki jou m’ap rele : R.
Men mwen konnen se Bondye m’ ou ye. Nan Bondye, li menm m’ap fè lwanj pawòl li a, nan Granmèt la, li menm m’ap fè lwanj pawòl li a.R.
Nan Bondye mwen espere, mwen p’ap pè ; ki sa pou moun fè m’ ? Yo sou mwen, Bondye, pwomès mwen fè ou yo ; m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
« Espri papwòp yo t’ap rele : « Ou se Pitit Bondye a », Jezi t’ap menase yo pou yo pa fè rekonèt li ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 7-12
Lè sa a :
Jezi avèk disip li yo te rale kò l’ bò lamè a ; anpil foul te sot Galile ak Jide, yo te suiv li, ni sot Jerizalèm, sot Idime ak Transjòdani ; moun yo ki te alantou Ti ak Sidon, gran foul, lè yo tande sa l’ te fè, yo vin kote l’. Li di disip li yo pou yo pare yon ti batiman pou li poutèt foul la, pou yo pa kraze l’.
Li te geri anpil moun, atèl pwen yo t’ap kouri vin sou li, pou yo touche l’, nenpòt ki maladi yo te genyen. Lè espri papwòp yo wè l’, yo lage kò yo atè devan l’, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap di: “Ou se Pitit Bondye a”. Li t’ap menase yo ak yon men sevè pou yo pa fè rekonèt li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye lekti ap montre nou jis nan ki  pwen jalouzi kapab fè nou rive, poutèt medan yo t’ap fè lwanj pou David pake li te fè plis siksè nan batay li te genyen ak filisten yo pase  Sayil; Sayil te fache anpil, li  pale ak Jonatan, pitit li a, ak tout sèvitè l’ yo, pou yo touye David. David sove anba lanmò sa gras ak Jonatan ki te renmen li anpil. Frè ak sè m’, yo anpil fwa nou aji menn jan ak Sayil, lè nou wè bagay yo ap manche byen pou yon frè nou, sa pa fè nou byen, jalouzi anvayi kè nou jiskaske nou gen tan vle efase lavi li. Anpil fwa, poutèt nou wè pitit vwazen an ap fè pwogrè nan lekòl nou vle touye li. Sa ki fè nou pa kontan poutèt ak lòt la nan pwogrè l’ap fè, se paske nou pa gen renmen. Kote ki pa gen renmen, pa kapab gen pwogrè, yon moun ki gen renmen nan kè li, li toujou kontan lè li wè frè li ap pwogrese. Bondye ap toujou la pou l’ defann nou, l’ap toujou voye yon moun tankou Jonatan sou wout nou ki pou sove n’anba move komplo y’ap fè sou do ou pou yo kapab touye ou. Nan levangil jodi a pale nou de yon foul moun ki t’ap mache dèyè Jezi, paske yo te kwè se li menm sèl ki te kapab soulaje yo anba tout chay maladi yo t’ap pote. Li te geri anpil moun, atèl pwen yo t’ap kouri vin sou li, pou yo touche l’; nenpòt ki maladi yo te genyen. Aprè yo te fin geri yo te rekonèt Jezi kòm Pitit Bondye a. Nan epòk n’ap viv la gen anpil moun k’ap chèche gerizon tri bò pa bò. Frè ak sè m’ yo, si kè a malad kò a pa kab geri, se gerizon nanm nan pou chèche avan tout bagay; chèche gerizon nanm nan, se chache rekonsilye ak Bondye, se abandone tout sa ki anpeche nou viv tankou pitit Bondye, pou nou pran chenmen renmen ak konvèsyon. Se konsa n’a jwenn gerizon total n’ap chèche a. Amèn.
LAPRIYÈ:Granmèt Jezi, tanpri ede mwen dekouvri klète limyè w’ nan mitan tout kalamite m’ap andire chak jou yo; konsa mwen va jwenn yon soulajman nan mitan fènwa , tristès ak angwas ki vlope lavi mwen.

PWOPOZISYON:Kouman w’ap viv angajman pou swiv Jezi a? Nan ki fason w’ eksperimante prezans Bondye nan lavi w’?

No hay comentarios:

Publicar un comentario