Koulè Vèt ou
Blan
PREMYE MOSO
LABIB
« Granmèt
la sonje Án, li anfante Samyèl ».
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 1, 9-20
Jou sa yo :
Án leve, apre l’ fin manje, li fin bwè nan Silo, prèt Eli
te chita sou ti chèz la devan pòtay tanp Granmèt la. Kòm Án te gen
lapenn nan nanm li, li priye kot Granmèt la, antan l’ap kriye anpil, li fè ve,
li di:
« Granmèt lame yo, si ou te kapab voye je ou wè lapenn
sèvant ou a, pou ou sonje m’, pou ou pa bliye sèvant ou a, pou ou bay sèvant ou
a yon ti gason, mwen ta renmèt li bay Granmèt la pou tout jou lavi l’, razwa pa
t’ap monte sou tèt li ».
Rive, pandan l’ap priye anpil devan Granmèt la, Eli t’ap
obsève bouch li. Án t’ap pale nan kè l’, men se po bouch li sèlman ki t’ap bat,
yo pa t’ tande vwa l’ menm prèske. Konsa Eli te konprann li te sou, li di l’ :
« Jouskilè w’ap ret sou? Diven sa a ki fè ou sou a, fè l’ pase pandan yon
ti moman ».
Án reponn : « Pa ditou, mèt mwen ; sèke se
yon madanm ki pa gen chans menm mwen ye : diven ni tout bagay ki kapab fè
moun vin sou, mwen pa bwè sa, men se nanm mwen m’ap vide devan Granmèt la. Pa
konsidere sèvant ou a tankou youn nan pitit fi Belyal yo, se paske doulè m’ nan
anpil, epi ni lapenn mwen an tou ki fè m’ap pale jouskoulye a ».
Lè sa a Eli di l’ : « Ale ak lapè, se pou Bondye
Izrayèl la ba ou demann ou mande l’ la ».
Li di : « Si sèvant ou a te kapab jwenn gras
nan je ou ». Madanm nan al fè wout li, li manje, figi l’ pa chanje
ankò.
Yo leve granmaten, yo adore devan Granmèt la, yo tounen
yo rive lakay yo Ramata. Èlkana vin gen relasyon avèk Án madanm li, Granmèt la
sonje l’. Rive aprè kantite jou yo, Án vin ansent, li anfante yon ti gason, li
rele non l’ Samyèl, poutèt se Granmèt la li te mande l’.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS :
1 Sam 2, 1. 4-5. 6-7.
R/ Kè m’ap danse nan Granmèt la, sovè m’
nan.
Kè m’ap danse nan Granmèt la, kòn mwen leve nan Bondye m’
nan : bouch mwen louvri byen laj sou ènmi m’ yo, paske mwen kontan nan sove
ou sove m’ nan.R
Zam vanyan yo te konn tire flèch la, li depase, se fèb yo
ki mare ren yo ak fòs. Sa k’ te plen anvan yo, y’ap lwe tèt yo pou pen, sa k’ te
grangou yo vin gen vant plen, joustan sa k’ pa t’ kapab fè pitit la vin anfante
anpil pitit, epi sa k’ te gen anpil pitit la, li vin febli.R.
Granmèt la fè moun mouri, li fè moun viv, li kondui anba
tè yo, li fè remonte; Granmèt la fè moun vin pòv, li fè moun vin rich, li rabese,
li leve anlè.R.
Li leve malere a sot nan pousyè a, li leve pòv la sot nan
fatra a, pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ ba l’ twòn glwa a.R.
LEVANJIL
« Li t’ap
ba yo ansèyman tankou moun ki gen otorite »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 1, 21-28
Nan vil Kafanawòm nan, jou saba Jezi
antre nan sinagòg la, li t’ap ba yo ansèyman. Yo te sezi osijè ansèyman l’ nan ;
sèke li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen pouvwa, se pa tankou pwofesè yo.
Nan sinagòg yo a, te gen yon mesye
ki te gen espri papwòp, li rele byen fò, li di : « Ki sa k’ gen ant
nou menm ak ou menm, Jezi moun Nazarèt la? Èske ou vini
pou ou pèdi nou ? Mwen konnen kilès ou ye : Sen Bondye a ».
Jezi menase l’, li di: “Pè bouch ou, sòti nan mesye a”. “Espri
papwòp la souke l’, li rele byen fò, li pati sot nan li.
Tout moun te sezi, atèl pwen yo t’ap chèche ansanm antre
yo, yo t’ap di: “Ki kalite bagay sa a? Ki kalite ansèyman nouvo sa a? Sèke ak
pouvwa li kòmande menm sou espri papwòp yo, yo obeyi li”. Repitasyon l’ gaye menm
lè a nan tout rejyon Galile a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Zanmi Bondye yo, youn
nan bagay ki kapab atire atansyon nou nan finisman Levanjil la, se lefèt ke nou
wè gen yon atitid ki diferan ak sa nou abitye tande nan lantouray nou. Nan
anpil kote yon moun pa vrèman popilè paske li fè bagay ki byen sinon se paske
li fè yon erè. Lè yon moun fè yon bagay ki byen, donk li toujou konsidere
tankou yon bagay nòmal. Kidonk pou nou, li pa gen twòp enpòtans pase sa, anpil
fwa nou pa janm pran abitid felisite moun nan, di li: “zanmi m’ sa w’ fè a li
bon wi, li edifye m’ wi; kontinye kenbe konsa.” Sa ap ede m’ fè plis efò pou m’
avanse nan lavi m’. Non! Nou pa jwenn sa fasil. Men okontrè lè frè a oubyen sè
a fè yon erè, lè sa a li se yon atis, e sa pa bezwen yon gwo megafòn non, nan
yon fraksyon segond tout moun sou katye a gen tan okouran de sa ki pase a. Se
atitid sa nou adopte anpil fwa. Ebyen Levanjil jodi a montre nou byen klè ki
tip nouvèl nou dwe pataje ak lòt yo. Se nouvèl ki bay lavi, nouvèl ki edifye;
men se pa nouvèl k’ap detwi epi ki anpeche moun nan pwogrese nan sosyete a.
Nan Levanjil la nou kapab pran pou ekzanp atitid
Jezi a, li retire move lespri a nan nonm nan pou li kapab libere li, pou li
kapab ba li yon lavi tou nèf. Sa nèg move lespri a t’ap di a, se bon pawòl, men
li t’ap di li ak yon lespri egoyis, li pa t’ genyen tout bon nanm li sou li, li
t’ap di li ak yon lespri pou detwi. Ebyen lè Jezi chase move lespri a sou li,
li ba li yon lavi tou nèf li pèmèt li reprann konfyans. Se konfyans sa nou
bezwen ede lòt yo reprann pou yo kapab kontinye gaye lavi a toupatou sou tè a. Jezi
te aji avèk otorite sou move lespri a, nou menm tou nou bezwen aji ak otorite.
Nou deja konnen règ la deja, si nou genyen yon lafwa ki menm gwosè ak yon ti
grenn moutad ebyen tout sa n’a di nan non Granmèt la, y’a reyalize vre. Donk
nou bezwen kore nou chak jou pi plis sou Bondye pou li kapab ogmante lafwa nou,
pou chak sa nou rive di kapab genyen efè sou tout fòs mal yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki te chase move lespri a nan mesye a,
tanpri n’ap mande w’ pou w’ chase tout fòs mal ki devye nou sou bon wout la,
pou fwi travay nou kapab parèt aklè epi pote chanjman nan zòn kote n’ap viv yo.
Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap fè efò pou m’ ankouraje pwochen m’ yo nan tout sa yo
fè ki byen pou m’ ede yo grandi plis toujou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario