Koulè Blan
TOMA D’AKEN KI
SEN, Prèt e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
« David ak
tout Izrayèl t’ap kondui ach alyans Granmèt la avèk fèt »
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 6, 12b-15. 17-19
Jou sa yo :
David pati, li kondui ach Bondye a sot kay Obededòm nan
vil David la avèk kè kontan. Avèk David te gen sèt gwoup k’ap danse avèk
sakrifis towo. Moun yo k’ap pote ach Granmèt la, lè yo te fin fè sis pa, yo
ofri bèf ak kabrit. David menm t’ap vòltije ak tout fòs li devan Granmèt la ;
David te vlope tay li avèk yon etòf ki fèt ak twal koton. Ni David ni tout kay
Izrayèl la t’ap kondui ach alyans Granmèt la nan fèt avèk son twonpèt.
Yo fè ach Granmèt la antre, yo mete l’ nan plas li nan
mitan tant la, David te drese pou li a ; David ofri sakrifis antye ak
sakrifis lapè, li beni pèp la o non Granmèt lame yo. Li fè separasyon bay tout
foul Izrayèl la, ni gason ni fi, chak moun jwenn yon kouwòn pen, yon moso vyann
bèf griye, ak yon moso vyann bèf ki fri nan luil. Aprè sa tout pèp la tounen
chak moun nan kay li.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 23,
7. 8. 9. 10
R/ Kilès wa glwa sa a? se Granmèt la li menm.
Pòt yo, leve tèt nou, leve nou, pòt tout tan yo, pou wa
glwa a antre. Kilès wa glwa sa a ? Se Granmèt la ki gen pouvwa nan batay
la.R
Pòt yo, leve tèt nou, leve nou, pòt tout tan yo, pou wa
glwa a kapab antre. Kilès wa glwa sa a?, se Granmèt lame yo, se li menm wa glwa a.R.
LEVANJIL
« Moun ki
fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ak sè m’ak manman m’ ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 31-35
Lè sa a :
Manman Jezi ak frè l’ yo rive ; yo kanpe deyò a, yo
voye kote l’ pou yo rele l’. Te gen yon foul ki te chita alantou l’, yo di l’ :
« Men manman ou ak frè ou yo deyò a y’ap chèchè ou ».
Li reponn yo, li di: “Kilès ki manman m’ ak frè m’?” Li
vire gade alantou l’, sa yo ki te chita toutotou l’ yo, li di: “Men manman m’
ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak
manman mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN: SI YO VLE, YO KAPAB LI POU JOU SA
PITO:
PREMYE LEKTI: Sajès 7, 7-10. 15-16
SÒM REPONS: sòm 118, 9. 10. 11. 12. 13. 14
LEVANJIL: Matye 23, 8-12
REFLEKSYON: Pèsonn p’ap
rive jwenn vrè sans lavi li, si li pa chèche li nan relasyon ak Kreyatè a. Nan
premye lekti a nou dekouvri yon pèp ansanm ak tout wa li k’ap ekzèse yon sèvis
relijye pou fè lwanj ak konpliman pou Bondye. Se te nan tan wa David la, yon wa ki
t’ap viv daprè sa Bondye te mande l’, yon wa ki t’ap viv nan imilite ak nan
jistis. Nan gran pwosesyon sa a nou wè se tout yon fèt, kote Wa a rive beni pèp
la nan non Granmèt la epi li rejwi ak pèp la devan prezans Bondye nan Ach Alyans
la. Tout moun te reyini, yo t’ap pataje sa yo gen bezwen ki pou kenbe lavi yo
sou tè sa a men yo te kenbe kontak tou avèk Sila a ki te ba yo lavi a. Kilè nou
te kapab rive viv nan kominote nou yo bèl manifestasyon sa a? Kòman nou kapab
fè pou n’ ede pèp nou yo konsyan de sa yo ye, sa Bondye rezève pou yo, kòman yo
kapab viv nan kè kontan nèt ale? Nou kwè se yon reyalite ki posib si nou tout
nou bay Bondye premye plas nan lavi nou, lè nou kite se limyè pawòl Bondye a ki
klere chemen n’ yo, ki klere relasyon n’ yo, lè sa a nou kwè nou kapab viv reyalite
Wayòm nan depi jounen jodi a. Lè sa a nou kapab sote ponpe devan Bondye nan Sen
Sakreman an, nou kapab sote ponpe devan tout bèl temwayaj frè ak sè n’ yo ap
bay pou edifye nou. Nan levanjil la nou dekouvri yon epizòd nan lavi Jezi, ki
enpòtan anpil pou nou menm kretyen ak pou lòt moun tou ki pa ko fè eksperyans
ak Jezi men ki kapab rankontre ak li nan lekti ak meditasyon Pawòl Bondye a (Lectio
Divina). Nou kapab frè Jezi, nou kapab sè Jezi, nou kapab manman Jezi sèlman lè
nou fè sa Bondye Papa a mande n’ fè! Sètènman anpil moun mal konprann pasaj sa
a, kote yo di Jezi fè manman l’ malonèt, men yo pa konsyan yo vle fè Jezi pase
tankou yon moun ki pa obsève youn nan kòmandman yo ki te di pou yo respekte
manman ak papa nou! Vrè reyalite a, se pandan Jezi pale de moun ki dwe fè
volonte Papa l’ la li vle onore yon fason espesyal zantray fanm sa a ki te fè l’
tou piti pou te akeyi volonte Bondye nan lavi li. Mari te fè youn ak sa Bondye
te mande li, li te kopere, kolabore ak Bondye jous li vin tounen Madanm Bondye,
Manman Jezikri, Pitit Bondye a, li vin tounen fanm ki te bay satan pi gwo
souflèt ki te kapab ekziste akoz “wi” li a. Mari se sila a ki plen ak lagras
la, li plen ak prezans Bondye nèt ale, li menm Lespri Sen an te anvayi pou fòme
nan li menm Sèl gren Pitit Bondye a. Nan repons sa a Jezi te bay la, li te vle
fè moun yo sonje li enpòtan pou yo louvri kè yo ak reyalite Pawòl Bondye a menm
jan ak manman li, pou lavi yo kapab reyèlman chanje, pou Bondye kapab reyalize
volonte l’ nan yo menm, pou yo kapab fè pati ekip moun ki sòti nan fènwa a pou
yo rantre nan limyè a.
Repons Jezi bay moun yo fè n’ sonje
anpil fwa n’ap sèvi Bondye, nou nan legliz, men lespri nou an deyò sa Bondye
mande n’ nan. Nou kite sosyete a distrè nou ak anpil bagay nou kapab rele “zidòl”
ki pa ba nou tan vrèman pou nou mete sa Bondye mande nou yo nan premye pozisyon,
kifè si n’ pa viv jan Bondye vle, nou sèten nou p’ap kapab chanje, nou p’ap
kapab benefisye oubyen patisipe nan Wayòm li an. Se pou nou louvri kè nou pi
plis toujou pou Lespri Bondye a ki te vlope Mari a kapab rive reyalize anpil
mèvèy nan lavi nou, dekwa pou n’ rive di menm jan avè l’: «Nanm mwen ap sote
devan Granmèt la, Lespri m’ kontan nan Bondye ki sove m’ nan!».
LAPRIYÈ: Granmèt, aprann nou rekonèt sa ou
menm ou vle nan lavi nou. Se pou n’ toujou kite kè nou disponib pou chèche fè
sa ou mande nou. Amèn!
PWOPOZISYON: Ann kòmanse chache dekouvri nan lavi
chak jou nou yo sans sa n’ap fè yo, dekwa pou n’ rive ekzamine epi kesyone si
yo koresponn ak sa Bondye vle pou nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario