Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Si gen divizyon nan pami nou, nou pa kapab manje
soupe Granmèt la»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 11, 17-26
Frè m’ yo:
Se pa lwanj
m’ap fè nou nan remak sa a, paske nou pa reyini pou nou vin pi bon, men pou nou
vin pi mal. Tou dabò, lè nou rasanble nan legliz la, mwen tande gen divizyon
nan pami nou, mwen kwè gen laverite nan sa; se vre, fò gen separasyon, pou moun
yo ki byen fòme yo kapab parèt nan pami nou.Lè nou rasanble ansanm, se pa soupe
Granmèt la nou vin manje; sèke chak moun kòmanse pran soupe pa l’ pou l’ manje.
Yon lòt menm grangou, pandan yon lòt sou. Èske nou pa gen kay pou nou manje epi
pou nou bwè? Oubyen èske se legliz Bondye a n’ap meprize, epi èske se sila yo
ki pa gen anyen an n’ap fè wont? Ki sa pou m’ di nou? Pou m’ fè lwanj nou? Nan
bagay sa a mwen p’ap fè lwanj nou.
Mwen menm
mwen resevwa nan men Granmèt la sa m’ te transmèt nou an, sèke Granmèt Jezi nan
nuit yo te renmèt li a, li pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l’, li di:
«Pran, manje, sa a se kò m’, y’ap renmèt pou nou an: fè sa pou nou sonje mwen».
Menm jan tou pou kalis la; aprè li fin manje, li di: «Kalis sa a se nouvo
testaman an nan san m’: fè sa, chak fwa n’ap bwè, pou nou sonje mwen». Chak fwa
reyèlman vre n’ap manje pen sa a, n’ap bwè kalis sa a, se lanmò Granmèt la n’ap
anonse, joustan li vini.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 39, 7-8a. 8h-9. 10. 17 (r.: 1 Kor 11.
26b)
R/ N’ap anonse
lanmò Granmèt la, joustan li vini.
Sakrif'is ak
kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen.
Sakrif'is
antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: «Men m’ap
vini.R.
Nan woulo liv la
yo ekri sou mwen pou m’ f'è volonte ou.
Bondye mwen,
mwen dakò, lalwa ou la nan zantray mwen.R.
Mwen anonse
jistis ou a nan gran legliz la; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou
konnen.R.
Se pou yo fete,
se pou yo kontan nan ou, tout moun k’ap chèche ou yo, se pou yo di tout tan:
«Granmèt la gran» sila yo ki renmen delivrans ou a.R.
LEVANJIL
«Menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7,
1-10
Lè sa a:
Lè Jezi fin
pale tout pawòl li yo nan zòrèy pèp la, li antre Kafanawòm.Yon kapitèn te gen
yon sèvitè ki te malad, ki te prèt pou mouri, li te renmen sèvitè a anpil. Lè l’ tande pale sou Jezi, li voye ansyen yo nan Juif yo kote l’, pou
lapriyè l’, pou l’ vin sove sèvitè l’ la.
Yo menm, lè yo rive
kot Jezi, yo lapriyè l’ avèk ensistans, yo di l’: «Li merite pou ou rann li
sèvis sa a; li renmen nasyon nou an, se li menm ki bati kay reyinyon an pou
nou».Jezi menm t’a prale avèk yo.
Pandan li pa t’
lwen kay la, kapitèn nan voye zanmi l’ yo kote l’, li di: «Granmèt, pa fatige
ou; sèke mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.Se poutèt sa mwen pa t’
konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan
ap geri; sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen sòlda
anba lòd mwen, mwen di sila a: «Ale», epi li ale; epi lòt la «Vini», epi li
vini; epi sèvitè m’ nan: «Fè sa», epi li fè l’».
Lè Jezi tande
sa, li sezi, li vire kot foul yo ki t’ap suiv li a, li di: «An verite mwen di
nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a».
Sila yo li te
voye a, yo tounen lakay la, yo jwenn sèvitè a ki te malad la, li geri».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «An verite
mwen di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a».
Kapitèn nan te
gen anpil lafwa. Li te kwè Jezi te ka opere mirak, si li
te mande l’ sa, akoz bon kè li. Lafwa li te pèmèt li kwè, kèlkeswa kote Jezi te
ye, li te kapab geri sèvitè li a ki te malad la. Kapitèn nan te gen konviksyon
ke distans la pa t’ kapab anpeche Jezi, si l’ te vle fè yon aksyon.
Nou menm tou, nou
dwe gen lafwa nan lavi nou. Pafwa nou ka panse Jezi lwen nou, li pa tande priyè
nou yo. Men limyè lafwa a klere kè nou ak lespri nou pouf è nou kwè Jezi toujou
bò kote nou pou li ede nou. Vrèman vre, presans Jezi sovè nou an nan Lekaristi
a dwe fè nou sonje li toujou bò kote nou. Avèk je lafwa a, Sen Ogisten te kwè
nan reyalite sa: « Sa nou wè a, se pen an ak kalis la; se sa je ou di ou. Men
sa lafwa ou oblije ou aksepte a, sèke pen an, se Kò Jezikri e nan kalis la se
San Jezikri».
Se lafwa ki klere
lespri nou pou fè nou wè prezans Jezi nan mitan nou. Epi, tankou kapitèn nan
n’ap kapab di: «Granmèt, pa fatige ou; sèke mwen pa merite pou ou antre lakay
mwen» (Lik 6,7). Lè nou koube nou byen ba devan Granmèt nou an, Sovè nou an, Li
vini, Li pwoche kote nou pou li geri nou. Se konsa nou kite Jezi penetre lespri
nou, Li antre lakay nou pou li geri nou epi ranfòse lafwa nou, pou li mennen
nou nan sous lavi k’ap koule san rete a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tankou kapitèn nan, nou gen anpil
pwoblèm, tanpri di yon pawòl sèlman, konsa n’a jwenn yon solisyon.
PWOPOZISYON: Menm si lafwa mwen piti, m’ap fè Jezi konfyans nèt
ale.
No hay comentarios:
Publicar un comentario