Koulè Vèt
TRINITE KI SEN ANPIL LA
(Gran Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Anvan tè a te fèt, Sajès la te deja
anfante”.
NAN LIV PWOVÈB YO 8, 22-31
Men Pawòl Sajès Bondye a:
Granmèt la genyen m’ pou li nan
kòmansman chemen l’ yo, anvan nenpòt bagay te fèt depi nan kòmansman.
Depi tout tan mwen konsakre, depi
lontan, anvan tè a te fèt.
Pa t’ ko gen bafon anba yo, mwen menm mwen te deja nan
vant; sous dlo yo pa t’ ko eklate, mòn yo pa t’ ko gen konsistans ak gwo mas yo
a, anvan ti mòn yo mwen te anfante; Granmèt la pa t’ ko menm fè tè a, ni larivyè
yo, ni kat kwen fas tè a.
Lè l’ t’ap prepare syèl yo, mwen te
la; lè l’ t’ap antoure bafon anba yo pou fikse limit yo; lè l’ t’ap drese syèl
yo solid anlè a, lè l’ t’ap regle sous dlo yo; lè l’ t’ap trase wonn limit pou
lanmè a, lè l’ t’ap poze fondasyon tè a byen solid, mwen te avèk li, mwen t’ap
poze tout bagay ansanm avèk li, mwen te jwenn kontantman m’ chak jou, antan m’ap
jwe devan l’ tout tan, antan m’ap jwe sou fas tè yo, plezi m’ se te rete avèk
pitit moun yo. ”
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 8,4-5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt, Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a.
Lè m’ wè syèl ou yo, travay dwèt
ou yo, lalin ak zetwal yo fikse,
sa moun nan ye, pou ou sonje
l’ ? oubyen pitit moun nan, pou ou vizite l’ ? R.
Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras
anba Mesaje yo, ak bèlte ak konsiderasyon ou kouwonnen l’; ou enstale l’ anlè
travay men w’ yo. tout bagay, ou mete yo anba pye l’.R.
Ni mouton, ni bèf, yo tout, menm
bèt nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, tout sa k’ap mache nan
santye lanmè yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Gras a renmen an ki vide nan nou
pa lantremiz Lespri Sen an, nou rive kot Bondye pa pouvwa Jezikri”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 1-5
Frè m’ yo:
Kòm nou vin
kòrèk gras a lafwa a, se pou nou gen lapè kap fè nou pwoche kot Bondye pa lantremiz
Granmèt nou Jezikri; se pa lantremiz li tou, gras a lafwa a, nou kapab pwoche
nan favè sa a, kote nou kanpe fèm e ki pèmèt nou leve tèt nou ak kè kontan,
antan nap espere bèlte pitit Bondye yo. Se pa sa sèlman, men nou leve tèt nou
tou nan tray yo, antan nou konnen tray la donnen pasyans, pasyans la menm donnen
landirans, landirans la menm donnen espwa; espwa a menm pa fè nou wont, paske renmen
Bondye a vide nan kè nou pa pouvwa Lespri Sen an yo ba nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Tout sa Papa a genyen, se pou mwen
yo ye ; Lespri a ap pran nan sa m’ genyen an, l’ap anonse nou”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 12-15
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
“Mwen gen
anpil bagay ankò pou m’ di nou ; men nou pa kapab pote yo koulye a; men lè
Lespri laverite sa a ap vini, l’ap aprann nou tout laverite a; sèke se pa ak pwòp
fòs li l’ap pale, men tout sa l’ tande, l’ap deklare l’, epi sa k’ap vini yo, l’ap
anonse nou yo. Li menm l’ap fè bèlte m’ parèt, paske se nan men m’ l’ap resevwa
sa l’ap anonse nou. Tout sa Papa a genyen se pou mwen ; se pousa mwen
di: “Se nan men m’ l’ap resevwa sa l’ap
anonse nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap selebre
fèt Sent Trinite. Se youn nan pi gwo mistè ki pi difisil pou nou konprann nan
doktrin Kris la ak ti kapasite pou rezone Bondye ba nou an. Kòman sa fè posib
pou Bondye youn e twa an menm tan? (Se kòm si ou ta di: 1+1+1=1). Respons
kesyon sa a se pa yon solisyon lojik, men se yon repons lafwa. Repons la se: Renmen an. Tankou kretyen, nou
kwè ak tout fòs nou ke renmen Bondye a te manifeste yon fason ki fè ke se menm
renmen sa a, nan karaktè enfini li, ki eksprime relasyon Pitit la kote Papa a
ak Pitit la atravè Lespri Sen, youn tèlman renmen lòt, yo tounen yon sèl nan
menm renmen sa a.
Bondye te
montre lèzòm kalite renmen sa a depi nan kòmansman tan yo, paske nou deja wè
nan kreyasyon an chak pèsonaj sa yo te aji ansanm e yo chak te genyen yon wòl,
yon fonksyon espesifik nan plan oubyen
nan pwojè liberasyon an: Bondye Papa a kreye nou; lè tan yo te rive bout Pitit
la tounen moun e li delivre nou; aprè Granmèt la te monte nan syèl (Asansyon),
yo voye Lespri Sen an pou nou, pou sanktifye nou epi pouse nou aji kòm moun ki
te kreye epi ki libere. Men sa a, se pa yon aksyon nou kapab separe, puiske se
menm renmen ki te kreye nou an ki deplwaye, yon renmen ki pa kite nou tankou
moun ki abandone men ki vini pou leve nou, epi fè nou viv nan diyite pitit
Bondye. Redanmsyon Kris la, nou kapab konprann li sèlman nan dimansyon plan
renmen Bondye ki kreye nou an e nou kapab rele li “kreyasyon tou nèf la”. Nan
menm sans sa a tou, nou kapab konprann evènman Lapannkòt la an fonksyon liberasyon
Jezikri pote pou tout moun nan. E nou
kapab rele travay Lespri sen an “rekreyasyon (renouvèlman) kreyasyon an”.
Sa a se glwa Bondye Trinite a, don li fè nou nan renmen
Pitit la, nan yon lanmou ki kreye nou e ki fè nou di: “Granmèt, Granmèt
nou, ala gran non ou gran sou tout tè a!”.
LAPRIYÈ: Bondye ki Twa ak Youn, lave zye nou pou nou kapab wè
mèvèy travay ou nan kreyasyon an, e ba nou yon kè ki gran pou nou youn kapab
renmen lòt tankou Ou menm ak Pitit la youn renmen lòt nan Lespri Sena n.
PWOPOZISYON: Li epi medite lapriyè sa a: Viv Papa a, ak Pitit la ak Lespri Sen an,
tankou nan kòmansman, ni jodi a ni toulejou e pou tout tan gen tan. Amèn.
No hay comentarios:
Publicar un comentario