Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Tounen kot Granmèt la, rekonèt
jijman Bondye yo”.
NAN LIV SIRASID 17, 24-29
Bondye bay moun ki fè penitans yo
chemen jistis la, li asire moun ki pa reyisi kanpe fèm yo, li pare eritaj verite
a pou yo.
Tounen vin jwenn Granmèt la, kite
peche w’ yo; lapriyè devan fas Granmèt la, diminye okazyon pou ou tonbe yo. Tounen vin jwenn Granmèt la, vire do bay enjistis ou a, rayi bagay ki lèd.
Rekonèt jistis ak jijman Bondye
yo, kanpe nan pozisyon demann ak lapriyè Bondye ki anwo nèt la. Ale nan rejyon
syèk ki sen an, avèk moun ki vivan yo epi k’ap fè lwanj pou Bondye a.
Pa rete nan move chemen moun ki pa
kòrèk; anvan lanmò a, se pou ou fè lwanj; moun ki mouri a, ki tankou anyen li
pa kapab fè lwanj. Se pou ou fè lwanj antan ou vivan; se antan ou vivan, epi ou
an sante pou ou fè lwanj; w’a fè lwanj Bondye, w’a leve tèt ou nan kè sansib li
yo.
Se pa ti kras gran kè sansib
Granmèt la gran, ansanm ak padon l’, pou moun ki tounen vin jwenn li!
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 6. 7
R/ Fè kè nou kontan nan Granmèt la,
fete, nou menm ki kòrèk yo.
Se chans pou moun yo padonnen fot
li, yo kouvri peche l’.
Se chans pou moun Granmèt la pa
konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen
pa kache fot mwen an.
Mwen di: “M’ap deklare fot mwen devan
Granmèt la”. Ou menm ou padonnen fot peche m’ nan.R.
Se pousa tout
sen ap lapriyè kote ou nan tan favè a. Nan delij gran dlo yo, yo p’ap pwoche
kote l’.R.
Ou se kachèt
mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la; w’ap vlope m’ ak fèt delivrans la.R.
LEVANJIL
“Tout sa w’ genyen, vann li, epi
suiv mwen”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10,
17-27
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap
sòti sou wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li met jenou atè devan l’, li
t’ap lapriyè l’: “Bon Mèt, kisa pou m’ fè pou m’ eritye lavi tout tan an”?
Jezi menm di l’: “Poukisa ou rele m’
bon? Pèsòn pa bon, sof yon sèl Bondye a. Ou konnen kòmandman yo: “Pa fè adiltè,
pa touye, pa vòlè, pa sèvi temwen manti, pa fè moun ditò, respekte papa w’ ak
manman ou”.
Men li menm li reponn, li di: “Mèt,
tout bagay sa yo, mwen te obsève yo depi m’ tou jèn”.
Jezi menm gade l’, li renmen l’,
li di l’: “Yon sèl bagay manke ou; ale, tout sa w’ genyen, vann li, bay pòv yo,
epi w’a gen yon richès nan syèl la; apre sa, vini, suiv mwen”. Li menm li vin
tou tris nan pawòl sa a; li pati ak min li dekonpoze, sèke li te gen anpil byen.
Jezi menm gade toutalantou, li di
disip li yo: “Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre
nan rèy Bondye a”. Disip yo menm sezi nan pawòl li yo. Jezi menm rekòmanse pran
lapawòl, li di yo: “Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans
yo nan richès yo antre nan rèy Bondye a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon
je zegwi pase pou moun rich antre nan rèy Bondye a”.
Yo menm yo te pi sezi toujou, youn
t’ap di lòt: “Epi kilès ki kapab sove”?
Jezi menm gade yo, li di: “Sou bò
lèzòm, sa enposib, men pa sou bò Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Zanmi mwen, se sèlman Espri Sen
an ki kapab ede nou konprann byen sa ki vle di nan moso Labib yo. Jezi di nonm
nan jodi a fòk li ta vann tout byen li genyen pou l’ kapab swiv li. Nonm sa te oblije ale byen tris
paske li te gen anpil richès e sa ki te plis fè li tris, se paske li pa t’ prè
pou li pataje richès sa yo ak moun ki pa t’ gen anyen ditou. Frè m’ ak sè m’ yo, swiv Jezi se pa yon bagay ki fasil.
Premye disip yo te oblije kite tout fanmi yo, metye yo ak kote yo te rete pou
yo te kapab vini fè disip pou Jezi. Jodi a Legliz la kontinye ak menm tradisyon
sa, paske pè yo ak mè yo ak tout pil seminaris yo ki te tout fanmi yo ak tout
sa yo genyen pou yo swiv Jezi. Sakrifis sa a se pa sèlman moun nou sot site la a ki dwe
fè l’. Se nou tout kretyen depi lè nou fini batize, nou dwe bay misyon Kris la
premye plas nan lavi nou. Se li menm ki pou gen plis enpòtans nan lavi nou. Pa
bay byen materyèl plis plas nan lavi nou, paske tout bagay sa yo se pase y’ap
pase. Renmen Bondye gen pou nou an ap dire pou tout tan gentan. Gen moun, a koz
yon travay oubyen yon lòt okipasyon, ki toujou di yo pa gen tan pou y’ale Legliz.
Menm lapriyè yo pa gen tan pou yo lapriyè, paske lòt
okipasyon pran tout tan yo. Nan Levanjil jodi a, Jezi pa vle di nonm sa li pa
dwe gen anyen menm. Men Jezi te sispèk ke pil byen materyèl nonm sa te genyen
yo te plis enpòtan pou li. Se sa k’ fè lè Jezi di l’ pou l’ vann tout sa l’ genyen,
li te ale tou tris, paske li santi li pa t’ ko prè pou l’ detache l’ak pil byen
latè sa yo li te genyen an. Misyon Jezi te vini akonpli sou tè a, se misyon Papa
a menm kite voye l’. Li te vini sove e geri tout sa ki te gen gwo fado yo. Yon
fado se pa sèlman yon maladi, men yon fado kapab twòp atachman ak byen latè.
Nou menm kretyen ki batize nan renmen Bondye a, ann eseye bay Levanjil la plis
plas nan lavi nou, dekwa pou nou kapab rive genyen byen tout bon an, byen ki
p’ap pase a, ki se lavi Bondye a menm.
LAPRIYÈ: Ban nou fòs ou ak lafwa ou Bondye, pou nou kapab viv jan
ou mande, nan lanmou, nan lafwa, nan obeyisans, nan fè tout sa ki bon. Konsa
nou va lib de tout sa ki mal, lib de tout richès mond sa. Amèn
PWOPOZISYON: Byen latè pa ka
sove w’ paske se bagay k’ap pase. Sa w’ bezwen pou
repo nanm ou, se pawòl renmen an k’ap dire pou tout tan. Akeyi l’ jodi a paske
l’ap bon pou ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario