Páginas

JEDI 23

Koulè Blan
FÈT JEZIKRI: GRAN PRÈT KI LA POU TOUTAN AN
PREMYE MOSO LABIB
"Li blese poutèt peche nou yo".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 52,13-53,12
Men sèvitè m’ nan ap gen konprann, y’ap leve l’ anlè, y’ap leve l’ byen wo, l’ap anlè nèt. Menm jan anpil moun te sezi osijè ou, konsa figi l’ap san bèlte nan pami lèzòm, ni fòm li nan pami pitit moun yo. L’ap fè anpil nasyon kriye, sou li wa yo ap fèmen bouch yo, paske se bagay yo pa t’ rakonte y’ap wè osijè l’, se sa yo pa t’ tande y’ap gade, Kilès ki kwè sa nou tande a? Bra Granmèt la bay ki moun li devwale?
L’ap leve tankou yon ti kreyòl, tankou rasin ki sot nan tè sèk. Li pa gen aparans ni bèlte, nou te wè l’, li pa t’ gen fòm figi, nou te anvi l’; li te meprize, se dènye nan moun yo, moun soufrans, ki konn maladi, fas li te kòm kache, li te meprize, se pousa nou pa t’ menm gen konsiderasyon pou li.
Reyèlman vre se maladi nou li menm li t’ap pote, se soufrans nou li menm li t’ap pote, nou menm nou te konprann li te tankou yon moun maladi lalèp, yon moun Bondye frape, Bondye rabese. Li menm menm li blese pou peche nou, li frape poutèt kri nou yo, koreksyon kè poze nou an sou li, se gras a kote l’ blese yo nou geri.
Nou tout nou te pèdi chemen tankou mouton, chak moun te devye nan chemen pa l’, Granmèt la mete fot nou tout nan li. Li ofri tèt li, paske li vle, li pa louvri bouch, tankou mouton devan moun k’ap koupe lenn li, li ret an silans, li pa louvri bouch li.
Yo fè l’ pase tray, yo kondane l’, yo touye l’. Ki moun k’ap rakonte ras li? paske yo wete l’ sot sou tè vivan yo; poutèt krim pèp mwen an mwen te frape l’. Y’ap ba l’ mechan pou lantèman l’, ak rich pou lanmò l’, malgre li pa t’ fè peche, pa t’ gen manti nan bouch li.
Granmèt la te vle kraze l’ nan maladi. Si l’ bay lavi l’ pou peche a, l’ap wè yon desandans k’ap viv lontan, volonte Granmèt la ap dirije nan men l’. Poutèt nanm li te soufri, l’ap wè, l’ap konble. Nan syans li, sèvitè m’ nan ki kòrèk la ap rann anpil moun kòrèk, l’ap pote peche yo li menm menm.
Se pousa m’ap ba l’ anpil moun pou pòsyon pa l’, l’ap separe byen anpil moun ki gen pouvwa, poutèt li te bay lavi l’ nan lanmò, yo te konsidere l’ nan ran kriminèl, epoutan li t’ap pote peche anpil moun yo, li t’ap lapriyè pou sa k’ fè peche yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 39, 2 e 5. 7-8a. 8b-9. 10
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Se pa ti kras tann mwen t’ap tann, Granmèt la, li panche sou mwen.
Se chans pou moun ki mete espwa l’ nan Granmèt la, ki pa gade moun k’ap leve tèt yo, k’ap panche nan manti.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini. R.
Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè volonte ou. Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen”.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran Legliz la; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Sa yo li fè vin sen yo, li fè yo vin kòrèk nèt pou tout tan”.
NAN LÈT POU EBRE YO 10, 11-l8
Tout prèt blije kanpe chak jou pou sèvi, pou ofri menm sakrifis yo souvan, ki pa kapab wete peche yo; sa a menm li ofri yon sèl sakrifis pou peche yo, li chita pou tout tan adwat Bondye, l’ap tann aprè sa “joustan yo plase ènmi l’ yo kòm macheskalye pou pye l”. Avèk yon sèl sakrifis, li fè moun yo ki vin sen yo vin kòrèk nèt pou tout tan.
Lespri Sen an li menm menm ba nou temwayaj; aprè li fin di: “Men alyans la m’ap pase avèk yo aprè jou sa yo, deklarasyon Granmèt la; m’ap mete lalwa m’ yo nan kè yo, m’ap ekri yo nan lespri yo; mwen p’ap sonje peche yo ak fot yo ankò”.
Kote yo jwenn padon an, yo pa bezwen sakrifis pou peche a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
Se pa ti kras anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk nou, anvan m’ soufri a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 22, 14-20
Lè lè a rive, Jezi atable, avèk douz apot yo avèk li. Li di yo: “Se pa ti kras anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk nou, anvan m’ soufri a. Sèke mwen di nou, mwen p’ap manje l’ ankò, joustan li reyalize nan peyi wa Bondye a”.
Li pran kalis la, li di Bondye mèsi, li di: “Pran, separe antre nou. Mwen di nou sa: mwen p’ap bwè nan fwi pye rezen an, joustan peyi wa Bondye a rive”.
“Fè sa pou nou fè sonje mwen”.
Li pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l’, li ba yo, li di: “Sa a se kò m’, yo bay pou nou an: fè sa pou nou fè sonje mwen”. Menm jan an tou pou kalis la, lè l’ fin manje, li di: “Sa a se kalis nouvo testaman an nan san m’ nan, ki vide pou nou an”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete yon fèt ki trè enpòtan pou nou menm kretyen. Jou sa rezève yon fason espesyal pou nou kapab sonje gran moman kote Jezikri pitit Bondye a te bay kò ak san li pou nou kapab genyen lavi. Se konsa chak ane fidèl katolik yo toujou fè yon ti efò pou yo kapab patisipe nan gwo fèt sa. Fèt sa a se fèt ki montre nou reyèlman kijan renmen Bondye pou nou pa gen limit. Pa gen yon renmen ki kapab pi gran pase renmen sa. Si nou ta pran yon ti ekzanp, nou ta di n’ap pran youn nan mitan de frè pou youn sakrifye l’ pou lòt, nou t’ap gen yon veritab pwoblèm. Pa gen youn ki t’ap dakò pou pase nan plas lòt la pou jan li wè lavi a bèl devan li. Ebyen Jezi te bay lavi li pou li kapab sove nou, pou li kapab montre nou menm lèzòm ki fason nou dwe bay tèt nou san nou p’ap tann yon yon kado an retou nan sèvi lòt yo. Kijan nou kapab montre reyèlman vre, Kris la ki te mouri pou nou an prezan nan nou? Pi gwo fason pou nou montre prezans Kris la nan nou se nan fason n’ap aji ak frè ak sè nou yo. Kris la te bay tèt li pou nou se pou nou kapab gen lavi. Se pou sa lavi sa nou dwe simaye li nou menm tou nan kominote kote n’ap viv. Nou dwe aprann viv an kominyon ak frè ak sè nou yo. An kominyon ak moun ki bezwen prezans nou, moun yo sosyete a bliye, moun sosyete a meprize oubyen rejte. Nan ti sa nou genyen li enpòtan pou nou aprann pataje pen lavi a, lajwa, imilite nou ak lòt yo.
Li enpòtan pou nou raple nou chak fwa nou selebre lamès, nou refè aksyon Jezi te di nou fè jou jedi sen an. Lamès la se pa envansyon pè yo oubyen evèk yo, sinon se Jezi li menm ki te di nou, pou nou kapab sonje li nou dwe kontinye bèl selebrasyon sa. Se poutèt sa nou menm kretyen nou toujou bay valè sa merite lè n’ap selebre kò ak san Jezikri. Nou pa dwe pè nou menm kretyen pou nou ale lamès nan entansyon pou lòt moun pa pale nou mal. Nou dwe kontan epi apresye jès sa ki dwe sèvi yon modèl pou atire lòt yo. Se pou sa li enpòtan pou nou toujou kontinye fè jefò sa pou nou kapab toujou temwanye nan fason n’ap viv ke Kris la vivan nan Lekaristi e se lafwa sa nou pwoklame chak fwa nou patisipe nan gwo selebrasyon sa. 

LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ou menm ki te asepte bay vi ou pou te kapab sove nou, tanpri fè nou pa pè anyen lè nou  gen pou temwanye ke ou vivan tout bon nan lamès. Tanpri bay tout moun ki pa gen lafwa fòs pou yo kapab rive kwè reyèlman vre se ou menm ki sèl sovè nou.

PWOPOZISYON: M’ap konvenk yon zanmi m’ ki pa renmen ale lamès pou m’ mennen l’ jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario