Páginas

MÈKREDI 22

Koulè Vèt ou Blan

SEN FERNANDO
PREMYE MOSO LABIB
"Moun yo ki renmen bon konprann nan, Bondye renmen yo".
NAN LIV SIRASID  4, 12-22
Bon konprann nan soufle lavi a nan pitit li yo, li resevwa sila yo k’ap chèche l’ la, li mache devan yo nan wout jistis la. Moun ki renmen l’, li renmen lavi, moun k’ap veye kote l’, yo reyalize sa k’ fè l’ plezi. Moun ki kenbe l’, y’ap eritye lavi a, kote l’ antre, Bondye bay benediksyon. Moun k’ap sèvi l’, y’ap sèvi Sila a ki sen an, moun ki renmen l’, Bondye renmen yo. Moun ki koute l’, l’ap jije nasyon yo, moun k’ap fikse je l’ sou li, l’ap rete avèk asirans.
Si l’ fè l’ konfyans, l’ap eritye l’, pitit yo ap asire; paske nan tray k’ap eseye l’ la l’ap mache avèk li, l’ap chwazi l’ tou dabò. Se respè ak sezisman ak difikilte pou eseye l’ l’ap fe tonbe sou li, l’ap fè l’ pase mizè nan tray lansèyman l’ nan, joustan li eseye l’ nan panse l’ yo, li fè nanm li konfyans. L’ap asire l’, l’ap kondui chemen dirèk kote l’, l’ap fè kè l’ kontan, l’ap devwale l’ bagay li yo ki kache yo, l’ap ba l’ richès syans avèk entelijans jistis. Men si li pran chemen kwochi, l’ap kite l’, l’ap lage l’ nan men lenmi l’.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 118, 165. 168. 171. 172. 174. 175
R/ Anpil kè poze pou sila yo ki renmen lalwa w’ la, Granmèt.
Anpil kè poze pou sila yo ki renmen lalwa w’ la, pou yo li pa sèvi baryè.R.
Mwen kenbe kòmandman w’ yo ak temwayaj ou yo, paske tout wout mwen yo devan fas ou.R.
Bouch mwen deklare kantik lè w’ap aprann mwen desizyon w’ yo.R.
Lang mwen chante pwomès ou, paske tout lòd ou yo se jistis.R.
Mwen anvi delivrans ou a, Granmèt, lalwa w’ la se plezi m’.R.
Se pou nanm mwen viv, l’ap fè lwanj ou, jijman w’ yo ap pote m’ sekou.R.
LEVANJIL
“Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9,37-39
Lè sa a:
Jan reponn Jezi, li di: “Mèt, nou te wè yon mesye ki t’ap chase demon yo o non ou, se pa yon moun ki suiv nou, ebyen nou enpoze l’ sa”. Jezi menm di 1’: “Pa enpoze l’ sa; sèke pa gen pèsonn ki kapab fè mèvèy o non m’, epi ki kapab pale mal osijè m’ tousuit apre sa. Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Zanmi Sous lavi yo, lekti n’ap medite pou jounen jodi a vle ede nou antre  nan yon pwofon refleksyon. Nou pa bezwen ale pi lwen, an nou santre sèlman sou Levanjil la pou nou kapab chache konprann pi byen pawòl Bondye pou jounen jodi a. Nou menm lèzòm nou abitye di si: “w’ pa avèk mwen, ou kont mwen”. Pawòl Bondye a pou jounen jodi a di sa yon fason diferan, si w’ pa kont mwen, se pou mwen ou ye. Panse a pou kont li, se yon bagay ki ta dwe fè nou reflechi, paske kòm moun nou toujou gen tandans fè lènmi, pale moun mal, kreye divizyon. Lekti jounen jodi a, nan yon gwo senplisite mande n’ pou n’ ta chanje fason nou panse. Nou dwe toujou pre pou nou kapab kreye yon mond kote se lapè ki pote premye pri, kote nou kapab montre byen klè sansiblite nou genyen pou moun k’ap viv bò kote nou pandan n’ap sèvi li ak tout kè nou.
Nou kapab idantifye byen klè egoyis ki genyen nan nou menm lèzòm nan premye fraz Levanjil la: "Mèt, nou te wè yon mesye ki t’ap chase demon yo o non ou, se pa yon moun ki suiv nou, ebyen nou enpoze l’ sa". Sa se vrèman fason nou renmen aji anpil fwa. Moun pa gen dwa pran travay nou abitye fè. Se nou menm sèlman ki pou rache koupe kote nou ye pou nou kapab parèt, pou moun kapab aplodi nou epi pou nou kapab elimine lòt la. Jezi itilize yon parabòl byen senp pou li kapab di nou, fè atansyon ak tout konpòtman ki pa kontribiye pou lòt la kapab avanse.
Lòt leson pou nou tire ankò, anpil fwa nou la n’ap manje ak moun nan, l’ap fè tout bagay pou nou, nou menm ki ta pou defann li nan kèk sitiyasyon epi se nou menm k’ap kalonnen li nan do li. Pwovèb kreyòl la di nou, ou pa ka sou do bèf la pou w’ap pale li mal. Se sa menm Jezi di nou nan Levanjil la, si yon moun ap fè mèvèy sou non li, li pa ka pale li mal. Nou konprann byen klè kijan nou dwe santi nou alèz pou nou kapab temwaye mèvèy Bondye fè nan lavi pou lòt yo tou kapab goute jan Bondye nou an bon. Se konsa Levanjil la envite nou pridan nan konpòtman n’ap pran pa rapò ak sa n’ap di epi fè frè ak sè nou yo.  
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt tanpri ban m’ kouraj pou m’ kapab sèvi yon limyè pou lòt yo. Aprann mwen pa gade moun sou aparans epi non plis kritike yo. Aprann mwen sèvi ak yo tankou frè ak sè pou m’ kapab rive konstui wayòm ou an. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap kontinye temwanye jan Bondye gran pou mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario