Páginas

MADI 21

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
"Prepare nanm ou pou yo eseye l".
LEKTI LIV SIRASID  2, 1-13
Pitit, antan w’ap pwoche nan sèvis Bondye, kanpe nan jistis ak respè, prepare nanm ou pou yo eseye l’. Rabese kè ou, epi kenbe fè m’, panche zòrèy ou, resevwa pawòl entelijans la, pa prese nan tan kontraryete a. Kenbe fèm ak fòs Bondye; kole kò ou sou Bondye, epi kenbe fèm, pou lavi ou devlope ankò. Tout sa k’ rive ou, aksepte l’, nan doulè a kenbe fèm, nan rabesman w’ nan se pou w’ gen pasyans; paske se nan dife yo eseye lò ak lajan, moun yo menm yo bay prèv yo nan founèz rabesman an. Kwè nan Bondye, l’ap ranmase ou, dirije chemen ou, espere nan li; kenbe respè l’, rete toutan nan li. Nou menm ki respekte Granmèt la, tann kè sansib li, pa panche sot nan li pou nou pa tonbe, nou menm ki respekte Granmèt la, kwè nan li, rekonpans nou p’ap vide. Nou menm ki respekte Granmèt la, espere nan li, nan kontraryete a kè sansib la ap rive pou nou. Nou menm ki respekte Granmèt la, renmen l’, kè nou ap klere. Pitit yo, gade nasyon moun yo; aprann sa: pèsonn ki espere nan Granmèt la pa janm wont. Kilès ki rete nan kòmandman l’ yo epi li lage? Oubyen kilès ki te rele l’, epi 1i meprize l’? Sèke Bondye bon, li gen kè sansib, l’ap padonnen peche yo jou tray la; li pwoteje tout moun k’ap chèche l’ yo nan laverite.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SOM REPONS 36, 3-4. 18-19.27-28.39-40
R/ Renmèt Granmèt la chemen ou, se li menm k’ap aji.
Espere nan Granmèt la, fè sa k’ bon, w’ap abite tè a, w’ap manje ak konfyans. Jwi nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Granmèt la konnen jou moun ki san tach yo, eritaj yo ap la pou tout tan. Yo p’ap wont nan tan malè a, nan jou grangou y’ap jwenn kont manje yo.R.
Vire do bay sa k’ mal, fè sa k’ byen, w’ap abite pou toutan gen tan. Paske Granmèt la renmen jijman, li p’ap lage sen l’ yo. Moun ki pa kòrèk yo ap peri pou toutan, ras mechan yo ap detwi.R.
Delivrans moun ki kòrèk yo sot nan Granmèt la, li sèvi yo pwoteksyon nan tan tray la. Granmèt la ap ede yo, l’ap delivre yo, l’ap delivre yo sot nan men moun peche yo, l’ap sove yo, paske yo espere nan li.R.
LEVANJIL
“Y’ap renmèt Pitit moun nan. Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin tounen dènye nan yo tout".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9,29-36
Lè sa a:
Jezi pati kite mòn nan, ansanm ak patizan l’ yo, yo t’ap travèse Lagalile, li pa t’ vle pèsonn konnen. Li t’ap anseye patizan l’ yo, li t’ap di yo: "Y’ap renmèt Pitit moun nan nan men lèzòm, y’ap touye l’, l’ap mouri, sou twazyèm jou a l’ap leve". Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl la, epi yo te pè poze l’ kesyon. Yo rive Kafanawòm, Pandan yo te nan lakay la, li t’ap poze yo kesyon: "Kisa nou t’ap diskite sou wout la"? Men yo menm yo te pe bouch yo; paske sou wout la yo t’ap diskite kilès nan yo ki pi gran. Li chita, li rele douz yo, ti di yo: "Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin dènye nan pami tout moun, se pou l’ vin sèvitè tout moun". Li pran yon ti gason, li mete l’ kanpe nan mitan yo. Li anbrase l’, li di yo:"Nenpòt ki moun ki resevwa kalite ti moun sa yo o non mwen, se mwen menm li resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, se pa mwen menm li resevwa, men se sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si nou eseye analize tèks litiji Legliz la pwopoze nou medite jodi a, nou ta kapab di yo tèks sa yo fè nou sonje sa yo rele «vèti tewologal» yo: lafwa, esperans ak charite oubyen renmen. Kisa yo ye an reyalite epi kisa yo reprezante pou nou?
Lafwa, tankou nou konnen li deja, se aksepte kwè san ke ou pa wè, se gen asirans ke sa w’ espere ap rive pou ou kanmenm. Tankou Jezi te di Toma nan dezyèm dimanch Pak la: «Paske ou wè m’, Toma, ou kwè, se chans pou moun ki kwè san yo pa wè». Se chans pou tout moun ki genyen lafwa. Men sa pa lafwa sèlman ki pou mennen nou, fòk nou kite larezon mennen nou tou, pou nou pa tonbe nan yon lafwa ki fè nou tounen bègwè, jous pou ta fè nou egare pou nou kwè san ke nou pa konnen rezon ki fè nou kwè a. Se Pap Jan Pòl II ki te di: lafwa ak larezon, se tankou 2 zèl yon menm zwazo ki pèmèt epri moun nan leve byen pou li kapab kontanple Bondye, pou li kapab konnen li pi byen epi sèvi li pi byen.  
Esperans la, se sa ki pèmèt nou atann ke sa nou kwè a kapab reyalize; petèt nou ta vle konfonn li ak mo espwa. Plis ke espwa, yon espwa ki vag, esperans lan se yon konviksyon, yon vèti, yon kalite ki fè nou rete nan pèseverans ak pasyans jiskaske nou jwenn sa nou ap espere a. Nan kontèks relijye a, nou ta kapab di se yon gwo kalite ki pèmèt nou kenbe lafwa jiska lafen. Li pèmèt ou viv ak pasyans pandan w’ap tann sa ou kwè k’ap vini an. Li pèmèt ou viv ak andirans devan move van k’ap souke bak lavi w’; se nan sans sa a Liv Sirasid la di nou: « Nou menm ki respekte Granmèt la, espere nan li, nan kontraryete a kè sansib la ap rive pou nou.» Epi nou jwenn pawòl sa a tou: « Tout sa k’ rive ou, aksepte l’, nan doulè a kenbe fèm, nan rabesman w’ nan se pou w’ gen pasyans.» Genyen anpil fwa nan lavi a nou konn santi nou dekouraje, epi nou konn ap poze tèt nou kesyon. Pa ekzanp nan yon moman difisil (maladi, akzidan, grangou, pèsekisyon,...) nou konn santi nou pou kont nou, menm jan nan Jetsemani an Jezi te santi li te pou kont li atèl pwen li te di “Papa, pou kisa ou lage mwen?”. Jodi a, Bondye ap di nou nan moman difisil yo, fòk nou genyen pasyans, puiske kè sansib li a ap rive pou nou. Sèlman pou sa fèt, se pou nou kwè salmis la ki di nou nan sòm 36 la: “Renmèt Granmèt la chemen ou, se li menm k’ap aji.”
Pou fini, charite a (caritas = renmen) oubyen se vèti oubyen fòs ki pèmèt nou aji ak mizerikòd pou nou kapab sove sa ki nan detrès yo, sa ki nan danje, nan sitiyasyon lanmò. Nou konn tande yo pale de moun k’ap mande charite. Ebyen mande charite, se mande yon jès lanmou ak konpasyon oubyen mizerikòd, se mande yon reyon solèy renmen Bondye a. Nan lavi a, nou konn swaf yo lonje men ba nou, nou konn swaf yon pawòl delvrans oubyen ankourajman. Si pa gen lanmou, mond nou an pa gen sans, si pa gen lanmou pa gen lavi.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki renmen nou zan mezi, tanpri aprann nou renmen menm jan ak ou pou nou kapab kominike lanmou w’ nan bay lòt yo. Ede nou viv yon fason ki konfòm ak sa nou kwè. Fè nou viv tout bon vre tankou moun ki gen lafwa, esperans ak lacharite, dekwa pou nou kapab tounen limyè pou mond lan antan nou p’ap kouri dèye premye plas nan sosyete a, men pou nou travay pou lavi kapab vin pi bèl chak jou pou tout moun.
PWOPOZISYON:Pa kouri dèyè premye plas, sa p’ap itil ou anyen. Okontrè travay nan pozisyon ou ye a pou w’ kapab donnen bon kalite fwi. Bondye va renmèt ou rekonpans lan.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario