Páginas

LENDI 20

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
"Premye nan tout sa k’ kreye yo, se bon konprann nan".
NAN KÒMANSMAN LIV SIRASID            1, 1-10
Tout bon konprann se nan Granmèt Bondye li sòti, se avèk li li te toujou ye, li anvan syèk tan yo. Sab lanmè, ak gout lapli, ak jou syèk yo, kilès ki te konte yo? Wotè syèl la ak lajè tè a ak pwofondè bafon an, kilès ki te mezire yo? Bon konprann Bondye a ki ekziste anvan tout bagay la, kilés ki sonde l’?
Premye nan tout sa k’ kreye yo, se bon konprann nan, avèk entelijans finès la depi anvan syèk tan yo. Sous bon konprann nan, se pawòl Bondye a nan anwo nèt la, pòt li a se kòmandman tout tan yo.
Rasin bon konprann nan, bay ki moun yo te devwale l’? Finès li yo, kilès ki te konnen yo?
Disiplin bon konprann nan, bay ki moun yo te devwale l’, yo te montre l’? Tout pakèt pòt li yo, kilès ki te konprann li?
Se yon sèl ki anwo nèt la, sila a ki kreye tout bagay la, ki gen tout pouvwa a wa a ki gen pouvwa a, sila a ki merite yo respekte l’ anpil la, ki chita sou fotèy li a, k’ap kòmande a, Bondye.
Se li menm ki te kreye l’ nan Lespri Sen an, li wè l’, li konte l’, li mezire l’. Li vide l’ sou tout travay li yo, ak sou tout chè daprè kado l’, li renmèt li bay moun ki renmen l’ yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 92, 1ab. 1c-2. 5
R/ Granmèt la wa, li vlope ak bèlte.
Granmèt la wa, li vlope ak bèlte; Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs.R.
Reyèlman vre li rann fas tè a solid, pou l’ pa souke. Fotèy ou solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou yo merite konfyans nèt: kay ou a klere ak sa ki sen an, Granmèt, pou longè tan yo.R.
LEVANJIL
Mwen kwè, Granmèt, ede mank lafwa m’ nan".
LEKTU EVANJIL KI SIN-AN DAPRE MAK          9, 14-29
Lè sa a:
Jezi desann sot sou mòn nan, li rive kot disip li yo, li wè yon gran foul alantou yo, avèk pwofesè yo k’ap diskite avèk yo. Menm lè a tout pèp la wè Jezi, yo sezi, yo sote, yo kouri vin salye l’. Li poze yo kesyon: "Kisa n’ap diskite konsa a antre nou an"?
Yon moun nan foul la reponn, li di: "Mèt, mwen mennen pitit mwen an kote ou, li gen yon lespri baba, lè l’ pran l’ nenpòt ki kote, li maltrete l’; pitit la bave, li manje dan, li seche. Mwen te di disip ou yo pou yo chase l’, men yo pa t’ kapab".
Li reponn yo, li di: "Jenerasyon san lafwa, jouskilè m’ap avèk nou? jouskilè m’ap sipòte nou? Mennen l’ ban mwen". Yo mennen l’. Lè l’ wè l’, menm lè a lespri a souke l’, li maltrete l’ atè a, li kimen tankou kim savon.
Li poze papa l’ kesyon: "Depi pandan konbyen tan bagay sa a rive l"?
Li di: "Depi l’ tou piti; anpil fwa se nan dife ak nan dlo li voye l’, pou l’ touye l’. Men, si ou kapab, ede nou tanpri souple".
Jezi menm di l’: "Si ou kapab kwè, tout bagay posib pou moun ki kwè".
Menm lè a papa ti pitit la rele byen fò, avèk dlo nan je l’ li t’ap di: "Mwen kwè, Granmèt; ede mank lafwa m’ nan".
Lè Jezi wè foul la k’ap rasanble, li menase lespri papwòp la, li di l’: "Lespri ki soud, ki baba, mwen pase ou lòd: “Sòti nan li, epi pa janm antre nan li ankò”. Li rele byen fò, li souke l’ anpil, li pati sot nan li; li te tankou si l’ te mouri, atèl pwen moun t’ap di li mouri. Jezi menm kenbe men l’, li leve l’, li drese.
Lè l’ antre nan kay la, disip li yo poze l’ kesyon an sekrè: "Poukisa nou pa t’ kapab chase l"? Li di yo: "Kalite sa a pa kapab sòti ak anyen, sof ak lapriyè avèk jèn".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a raple nou ki sa bon konprann nan ye epi ki limit nou genyen lè lafwa nou manke solid.
Nan premye lèkti a anpil kesyon poze sou zafè bon konprann nan. Yo ede nou konprann Bondye se sous bon konprann, konsa bon konprann sòti nan li. Anpil fwa nou konn tande moun di tèl moun gen bon konprann nan fason li aji ak panse. Ebyen nan bon aksyon, se Bondye li kite manifeste nan li. Konsa li ta bon pou nou toujou kite bon konprann Bondye a manifeste nan nou, pou nou toujou aji jan Bondye li menm li vle la.
Nan levanjil la nou wè Jezi ki geri yon moun ki te gen malkadi depi li fèt. Apòt yo pa t’ ka fè anyen, paske yo te manke lafwa. Lè Jezi te fin geri ti pitit la, nou wè papa l’ ki te di” Mwen kwè Granmèt, ede mank lafwa mwen”. Papa sa a te rekonèt limit lafwa li. Sa montre li te gen dout Jezi te kapab geri ti pitit la tout bon vre. Sa konn rive nou, anpil fwa nou pa kwè vrèman Jezi kapab fè mirak nan lavi nou. Pafwa li fè mirak men nou pa rann nou kont se li menm k’ap aji.
Apot yo tou te al mande Jezi pou kisa yo pa t’ ka fè sa a. Rezon an se paske yo te manke lafwa, nou konprann sa a lè Jezi te repwoche yo li te di: Jenerasyon san lafwa, jouski lè m’ap avèk nou? Si menm disip yo ki te avèk Jezi te gen ti dout malgre tout sa yo te wè ak de je yo, alewè pou nou menm. Konsa fòk nou lapriyè chak jou pi plis pou nou kwè ke Jezi kapab fè kichòy kote nou menm nou pa kapab fè anyen, kote nou menm nou dezespere. Nan sans sa a fòk nou toujou sonje «Si yon moun kapab kwè, tout bagay posib pou moun ki kwè ».

LAPRIYÈ: Chak jou Granmèt mwen di mwen kwè nan ou, men anpil fwa aksyon mwen pa montre sa a. Fè m’ gras pou aksyon mwen se yon temwanyaj lafwa mwen. Amen!

PWOPOZISYON: M’ap lapriyè pi plis pandan semèn sa a pou m’ ka plis kwè nan Bondye epi montre sa a nan aksyon mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario