DIMANCH PANNTKOT
PREMYE MOSO LABIB
"Tout moun vin plen ak Lespri Sen an epi
yo kòmanse pale".
NAN TRAVAY APOT YO 2, 1-11
Lè jou lapanntkot yo rive bout, tout moun te ansanm nan menm
kote a; san zatann, vin gen yon bwi ki sot nan syèl la tankou bwi van ki rive
byen fò, li plen tout kay la, kote yo te chita a. Anpil ti mòso lang tankou dife
vin parèt sou yo, li chita sou yo chak. Tout moun vin plen ak Lespri Sen an, epi
yo kòmanse pale divès lang, daprè sa Lespri Sen an te pèmèt yo pale. Jerizalèm
menm te gen Juif yo ki abite peyi a, ni moun relijye ki sot nan tout nasyon ki
anba syèl la. Lè vwa a rive, foul la rasanble, lespri yo twouble, paske chak
moun t’ap tande nan pwòp lang li sila yo ki t’ap pale yo. Tout moun te sezi, yo
t’ap gade, yo t’ap di: "Èske tout mesye sa yo k’ap pale yo, se pa moun Lagalile
yo ye?
Kòman fè n’ap tande yo nou chak nan lang pa nou, kote nou
fèt la ? Pat, Mèd, Elamit ak moun ki abite Mezopotami, Lajide, Lakapadòs,
Pon ak Lazi, Friji ak Panfili, Lejip ak pati Libi a ki bò Sirèn nan, etranje ki
sot a Wòm, Juif tou ak payen ki antre nan relijyon an, Krèt ak Arab, nou tande
y’ap pale mèvèy Bondye yo nan lang nou".
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS
103. 1ab e 24ac. 29bc-30. 31 e 34
R/ Voye Lespri ou,
Granmèt, refè fas tè a.
Oubyen : Alelouya.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen : Granmèt
Bondye m’, ou gran anpil. Ala anpil travay ou yo anpil, Granmèt : tè a plen
ak kreyati ou.R.
Lè ou raple lespri yo, y’ap mouri, se nan pousyè yo y’ap
tounen. W’ap voye Lespri ou, y’ap kreye, w’ap refè fas tè a.R.
Se pou bèlte Granmèt la pou tout tan ; se pou
Granmèt la kontan nan travay li yo. Se pou pawòl mwen fè l’ plezi, mwen menm menm
m’ap kontan nan Granmèt la.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Se nan
yon sèl Lespri nou tout nou batize nan yon sèl kò".
PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO
2, 3b-7. 12-13
Frè m’ yo:
Pèsòn pa kapab di: "Granmèt Jezi", si se pa nan
Lespri Sen an. Gen divès
kalité favè, men se yon sèl Lespri a. Gen divès kalite sèvis, men se yon sèl
Granmèt la. Gen divès kalite aktivite, men se yon sèl Bondye a ki fè tout bagay
nan tout moun. Sèlman yo bay chak moun manifestasyon Lespri a pou bezwen an.
Sèke menm jan kò a fè yon sèl, men li gen anpil manb, tout manm kò a, malgre yo
anpil la, se yon sèl kò yo fè kan menm : se konsa tou pou Jezikri. Reyèlman
vre se nan yon sèl Lespri nou tout nou batize pou nou fè yon sèl kò, swa Juif,
swa payen, swa esklav, swa moun lib ; epi nou tout se nan yon sèl Lespri a
nou pase swaf nou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
KANTIK
Vini, Lespri Sen, voye yon reyon limyè ou sot nan syèl
la.
Vini, Papa pòv yo, vini, ou menm ki bay kado yo, vini,
limyè kè yo.
Ou menm ki konsole nou si byen, ki abite nanm nou avèk
dousè ou, frechè ki dous,
Nan travay ou se repo, nan chalè ou se frechè, nan lapenn
ou se konsolasyon.
Limyè ki sen anpil, plen fon kè fidèl ou yo.
San pouvwa ou, pa gen anyen nan moun, anyen ki pa pèvèti.
Lave sa k’ sal, wouze sa k’ sèk, geri sa k’ blese.
Asoupli sa k’ rèd, chofe sa k’ glase, drese sa k’ kwochi.
Bay fidèl ou yo ki met konfyans yo nan ou sèt kado sakre
yo.
Ankouraje bon kalite nan nou, bay lanmò delivrans, bay kè
kontan toutan.
LEVANJIL
"Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen voye nou :
resevwa Lespri Sen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 19-23
Lè aswè rive, jou sa a, premye jou semèn nan, tout pòt yo
te fèmen, kote disip yo te rasanble poutèt yo te pè Juif yo, Jezi rive, li kanpe
nan mitan, li di yo : "Lapè pou nou". Pandan l’ap di sa, li rnontre yo men yo
ak bò kòt la. Disip yo kontan, lè yo wè Granmèt la. Li di yo ankò :
"Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen voye
nou". Lè l’ fin di
sa, li soufle, li di yo: "Resevwa Lespri Sen an. Moun nou renmèt peche yo,
peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo, y’ap ret kenbe".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap selebre kloti fèt Paskal la. Avèk gwo fèt Lapannkòt la, kè kontan Pak la rive nan dènye bout li puiske Lespri Sen an vini estimile nou pou nou
kapab tounen temwen kè kontan sa antan nou sòti pou nou ale nan tout kwen.Tèks
nou li pou jodi a, yo fè nou sonje ke premye fwi Lespri Sen an, se tèt ansanm.
San konsiderasyon kilti, lang, tandans, elatriye; Lespri a ki se Granmèt voye
nou renouvle fas tè a, renouvle li paske nou pa senp manb tribi oubyen ras
diferan, men nou kòmanse fè pati yon sèl pèp:
yon pèp ki fòme ak tout pitit Bondye.Inite sa a nou jwenn nan Nouvo
Kreyasyon an, li soti nan batèm nan ke nou te resevwa a, kote nou kòmanse fè
pati yon sèl kò: Legliz Kris la. Se poutèt sa Dezyèm Lekti a pale nou sou don
divèsite ki genyen nan Legliz la.Li pa toujou fasil pou nou aksepte lòt gwoup
oubyen mouvman nan Legliz la, ki diferan ak gwoup oubyen mouvman pa nou, men
tèks nou li pou jodi a yo envite nou rekonèt ke gwoup ak mouvman sa yo fòme yon
sèl kò ak gwoup oubyen mouvman pa nou yo.
Levanjil
la asosye yon dezyèm dimansyon Lespri Sen an ak reyalite sa a, puiske tèt
ansanm n’ap viv ladan li a, se pa pou satisfaksyon pèsonèl nou, men se pou nou
kapab rete soude youn ak lòt nan misyon an. Misyon nou genyen kòm apot, se yon
misyon ki rale nou soti kote nou kache a akòz laperèz, kote nou kapab santi fòs
Lespri Sila ki resisite a, li menm ki ba nou lapè epi ki voye nou tounen mesaje
renmen ak padon. Jezi ki resisite, ou menm ki soufle Lespri ou sou disip ou yo,
fè fòs ak gras Lespri a pouse nou fòme yon sèl kò pou nou kapab anonse Bòn
Nouvèl renmen, padon ak espwa bay mond lan, pa sèlman ak pawòl nan bouch, men sitou
nan aksyon nou yo. Fè Lespri Sen an yon lapriyè pou li kapab fè tout kretyen
mete tèt yo ansanm, epi pou tout travay misyonè kapab pote fwi.
LAPRIYÈ: Jezi ki resisite, ou menm ki soufle Lespri ou sou disip ou yo, fè fòs ak
gras Lespri a pouse nou fòme yon sèl kò pou nou kapab anonse Bòn Nouvèl renmen,
padon ak espwa bay mond lan, pa sèlman ak pawòl nan bouch, men sitou nan aksyon
nou yo.
PWOPOZISYON: Fè Lespri Sen an yon lapriyè pou li kapab fè tout
kretyen mete tèt yo ansanm, epi pou tout travay misyonè kapab pote fwi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario