Páginas

SAMDI 18


Koulè Wouj
JAN I, PAP e MATI ( Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
"Li rete a Wòm, l’ap preche rèy Bondye a".
NAN TRAVAY APOT YO 28, 16-20. 30-31
Lè nou rive a Wòm, yo pèmèt Pòl rete pou kont li avèk sòlda a ki t’ap veye l’ la. Aprè twazyèm jou a, li rele chèf Juif yo. Lè yo rasanble, li di yo: "Frè m’ yo, mwen pa t’ fè anyen kont pèp la oubyen abitid zansèt yo, Juif yo mare m’, yo renmèt mwen nan men Women yo. Lè Women yo poze m’ kesyon, yo te vle lage m’, paske yo pa t’ jwenn okenn kòz lanmò nan mwen.
Men Juif yo anpeche yo, mwen blije rele Seza, se pa paske mwen gen kichòy pou m’ akize nasyon m’ nan. Se pousa mwen mande wè nou pou m’ pale ak nou; se poutèt esperans Izrayèl la mwen mare ak chenn sa yo".
Li rete dezan antye nan lakay li a; li te konn resevwa tout moun ki te konn vin kote l’; li t’ap preche rèy Bondye a, li t’ap aprann yo sa k’ konsène Granmèt Jezikri avèk asirans, san anpèchman.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS                                                   10 (Vulg.), 5. 6 e 8
R/ Moun ki kòrèk yo ap ouè fas ou, Granmèt.
Oubyen: Alelouya.
Granmèt la nan kay sakre l’ la ki sen an, Granmèt la gen fotèy li nan syèl la. Je l’ap gade sou pòv la, pòpyè l’ap poze pitit moun yo kesyon.R.
Granmèt la ap poze moun ki kòrèk la ak mechan an kesyon, moun ki renmen peche a, li rayi nanm li. Sèke Granmèt la kòrèk, li renmen jistis, moun ki dwat yo ap wè fas li.R.
LEVANJIL
"Se disip sa a ki ekri bagay sa yo, temwayaj li a vre".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN  KI SEN 21, 20-25
Lè sa a:
Pyè vire, li wè disip sa a Jezi te renmen an ki t’ap suiv; li menm ki te poze sou lestonmak li nan soupe a, epi ki te di: "Granmèt, kilès k’ap trayi w’ la"? Konsa kon Pyè wè l’, li di Jezi: "Granmèt, sila a menm sa k’ap rive l’"? Jezi di l’: "Si m’ vle li rete joustan mwen vini, sa sa fè ou? Ou menm, suiv mwen". Bwi sa a kouri nan pami frè yo: disip sa a p’ap mouri. Epoutan Jezi pa t’ di: "Li p’ap mouri", men: "Si m’ vle li rete joustan mwen vini, sa sa fè ou? Se disip sa a ki sèvi temwen sou bagay sa yo, epi ki ekri yo; nou konnen temwayaj li a vre. Gen anpil lòt bagay Jezi fè; si yo ta ekri yo chak, mwen pa kwè tè a ta kapab pran liv yo ta ekri yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a lekti yo ap envite nou reflechi sou kijan  n’ap mache sou wout Jezi te trase pou nou. Levanjil la montre nou yon Pyè ki montre li pi enkyete, ou pi byen toujou, okipe, a sa ki pa gen pou wè avèk li; li plis enkyete sou sa ki pral pase avèk lòt disip la, “Jan”, ke li menm menm. An menm tan tou, liv travay apot yo ap montre nou yon Pòl k’ap preche Rèy Bondye a san anpèchman.Pa fwa, nou ekzajere n’ap panse twòp sou kijan frè nou yo ap viv lafwa yo, san ke nou pa eseye evalye oubyen fè bilan sou pwòp tèt pa nou. Pwovèb la di «sa w’ genyen, se li menm ou bay».  Le Jezi rele nou pou swiv li li pwopoze nou yon pwojè: Rèy Bondye a. Kounye a, gason tankou fanm, ki kote nou kapab jwenn avèk Bondye Papa? Nou chak dwe fè yon refleksyon pèsonèl, pou nou wè ki kote nou ye sou chemen Kris la, nan ki pwen nou ye. Nou pa kapab ap chèche pwojte imaj, pou nou ap kritike, plenyen sou sitiyasyon lòt yo, men se pou nou gade nou nan pwòp miwa pa nou pou nou kapab fè chanjman ki nesesè nan lavi nou, chanjman k’ap pèmèt nou antre nan pwojè renmen ak lavi Bondye a. Jezi envite nou pou nou pran li kòm echantiyon, kòm modèl pou nou kapab bay lavi nou fòm: L’ap rele nou chak jou pou nou soulaje doulè moun k’ap soufri yo, pran defans pou yon lavi miyò, kanpe pou defann  lajistis, pou pote lapè pou tout moun kapab viv avèk kè kontan. Men travay la anpil, sa mande pou nou fè solidarite, kole zepòl.Travay la anpil, men manke travayè. Se yon travay ki mande nou atansyon ak kreyativite.Bondye deja bay sa ki nesesè pou travay la. Sa ki rete pou fèt, se pou chak moun mete don li, talan oubyen karism li nan travay Granmèt la; se konsa n’ap rive fè mèvèy menm nou wè se plizyè koulè ansanm ki fè mèvèy lakansyèl la.
Se chak jou Jezi ap envite nou swiv li pou nou kapab pote bon kalite fwi menm jan ak li; l’ap di chak moun pèsonèlman: “Ou menm swiv mwen”. Chak moun lib pou viv lafwa li nan fason li kwè ki plis makonnen ak talan li. Bondye pa rele nou tout pou menm sèvis la. Jodi a, ann poze tèt nou kesyon nan limyè lekti yo: tout chemen yo egzamine deja? Èske gen nouvo defi nan predikasyon an? Nou kapab jwenn nouvo chemen, vizyon epi motivasyon? An nou reflechi jodi a sou pwòp cheminman pa nou ak Jezi.
LAPRIYÈ: Jezi, tanpri fè mwen viv nan fidelite ak nan renmen pou ou menm ak lòt yo. Fè mwen tounen yon vrè patizan pou ou, sa vle di yon moun ki  kapab ofri yon temwayaj avèk fòs Levanjil la ak verite Legliz la.  
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap bliye tèt mwen yon ti kras pou mwen kapab chèche fè kè lòt yo kontan. M’ap aprann idantifye talan Bondye ban mwen pou mwen kapab mete li nan sèvis konstwiksyon wayòm li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario