Koulè
Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Jezi mouri, Pòl deklare li vivan".
NAN TRAVAY APOT YO 25, 13-21
Jou sa yo:
Wa Agripa ak Berenis te desann Sezare pou salye Festis.
Kòm yo t’ap pase plizyè jou la, Festis pale ak wa a osijè Pòl, li di:
"Gen yon mesye Feliks kite isit la kòm prizonye; lè m’
te Jerizalèm, chèf prèt yo ak ansyen Juif yo vin jwenn moun, yo mande kondanasyon
kont li. Mwen reponn yo, se pa abitid Women yo pou yo kondane yon moun, anvan
moun sa a yo akize a, li gen moun ki akize l’ yo ki konparèt, pou l’ gen lokazyon
defann tèt li pou l’ demontre akizasyon an pa vre.
Lè yo rasanble isit la san reta, mwen pran plas nan landmen
nan tribinal la, mwen pase lòd pou yo mennen mesye a. Sila yo ki te akize l’
la, yo kenbe pozisyon yo, men yo pa prezante okenn kòz sou bagay mwen ta konsidere
ki mal; se kèk kesyon sipèstisyon yo te genyen kont li avèk sou yon sèten Jezi
ki mouri, epi Pòl deklare vivan.
Kòm mwen pa wè klè nan kesyon sa a, mwen te mande l’ si l’
ta vle al Jerizalèm pou yo jije l’ laba a sou bagay sa yo. Men Pòl mande pou yo
kenbe l’ pou konesans Ogis, mwen pase lòd pou yo kenbe l’, joustan mwen voye l’
bay Seza".
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 102, 1-2. 11-12. 19-20
R/ Granmèt la pare fotèy li nan syèl la.
Oubyen: Alelouya.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li debòde sou sila yo ki respekte l’ yo; otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.R.
Granmèt la pare fotèy li nan syèl la, rèy li ap kòmande sou tout bagay; fè konpliman pou Granmèt la, tout mesaje l’ yo, ki gen pouvwa ak fòs pou reyalize pawòl li a.R
LEVANJIL
"Okipe mouton m’ yo, okipe mouton m’ yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 21, 15-19
Lè Jezi te parèt devan disip li yo, li te manje avèk yo a, li di Simon Pyè: "Simon pitit Jan, èske ou renmen m’ plis pase sila yo"? Li di l’: "Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou". Li di l’: "Okipe ti mouton m’ yo". Li di l’ ankò: "Simon pitit Jan, èske ou renmenm"? Li di l’: "Wi, Granmèt, ou konnen mwen renmen ou". Li di l’: "Okipe ti mouton m’ yo". Li di l’ pou twazyèm fwa a: "Simon pitit Jan, èske ou renmen m’"? Pyè pran lapenn, paske li te di l’ twazyèm fwa a "Èske ou renmen m’"? Li di l’: "Granmèt, ou konnen tout bagay; ou konnen mwen renmen ou". Li di l’: "Okipe bann mouton m’ yo. An verite, an verite mwen di ou, lè ou te pi jèn, ou te konn mare ren ou, epi ou ale kote ou vle; men lè w’ap vin vye, w’ap lonje men ou, yon lòt ap mare ren ou, l’ap kondui ou kote ou pa vle". Li te di sa pou l’ montre ki kalite lanmò li t’ap sèvi pou l’ fè wè bèlte Bondye. Lè l’ fin di sa, li di l’: "Suiv mwen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a ap fè n’ santi lè w’ renmen yon moun pa gen anyen w’ p’ap fè pou li. Se sa k’ fè nou di, travay misyonè se pa yon bagay fasil, li gen soufrans, pèsekisyon, men pa bliye nou gen yon rekonpans k’ap tann nou; Jwif yo te fè mete Pòl nan prizon pou verite li t’ap pale. Li t’ap bay Bòn Nouvèl Jezi ki leve byen vivan; kòm Jwif yo pa t’ kwè nan bagay sa yo, se pou sa yo te arete Pòl mete l’ nan prizon. Nan pouvwa Women yo, te gen anpil koripsyon moral, politik, ekonomik ak sosyal; Pòl te dwe jije, men yo pa t’ vle ba l’ jitis, lè n’ap gade jodi a, nan sosyete n’ yo bagay sa yo ekziste toujou. Chèf Women yo pa t’ wè pou ki kòz pou yo kondane yon moun konsa, yo te mande pou l’ale Jerizalèm pou yo kab jije l’, paske li pa t’ fè anyen kont Jwif, li menm li di se nan tribinal Seza li ye, se la pou l’ jije. Anpil fwa lè yo pa renmen yon moun, yo chèche zo nan kalalou pou yo pwofite fè l’ soufri; jodi a Legliz la bezwen moun tankou Pòl pou kontinye misyon an pou l’ kab pote fwi; nan Levanjil jodi a Jezi envite nou pou nou toujou rasanble pou nou viv nan tèt ansanm, nan kominyon, menm jan li fè avèk Apot yo, se sa ki misyon Legliz la. Nan yon jès amitye, lè Jezi fin manje ak patizan l’ yo, li poze Pyè kesyon: «Simon Pyè, èske w’ renmen m’ plis pase tout bagay?». Simon di l’:«Wi, Granmèt ou konnen mwen renmen w’». Jezi di l’: «Okipe ti mouton m’ yo, e Jezi te rive rele li twafwa, sou twazyèm fwa a Pyè te gen anpil lapenn paske l’ te konnen l’ renmen Jezi anpil ; Jezi te chwazi l’ tankou yon gadyen pou l’ pran swen mouton l’ yo, yon vrè gadyen ki ofri tèt li tout bon vre nan sèvis kominote a alaswit Jezi, Jezi renmen nou jis li bay lavi l’ pou l’ kapab sove nou. Jezi poze Pyè kesyon pandan twafwa, pou l’ fè l’ sonje li te nye l’ pandan twa fwa. Jezi te konnen sa k’ t’ap pase nan kè l’, se pou sa li te rele l’ pou l’ swiv li, pou li vin tounen vrè gadyen gadò mouton Jezi yo. Frè ak sè m’ yo, jounen jodi a moun sa yo pa la ankò, se nou menm kretyen batize Jezi konfye travay sa a; pa dekouraje, mete nou an aksyon pou n’ fè travay la mache pi devan. Sèl nou p’ap kapab, mande Jezi ba nou fòs Lespri Sen an pou n’ ale jous nan bout.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, m’ap di w’ mèsi pou rele w’ rele m’, ou chwazi m’ pou asosye w’ e ou konfye m’ yon misyon, wi Jezi mwen dakò men, tanpri souple, pa kite m’ pou kont mwen; anvan w’ te voye patizan yo nan misyon ou te priye pou yo pou yo te kab rete fidèl; ban m’ fòs pou m’ rive jous nan bout: Jezi, mwen konte sou ou anpil wi. Amèn

PWOPOZISYON: Mwen vle fè yon eksperyans renmen pèsonèl ak Jezi k’ap fè m’ sèvi l’ temwen nan
kominote kote m’ap viv la pou lòt yo kapab kwè Jezi se sovè tè a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario