PREMYE MOSO LABIB
“Sakrifis k’ap delivre a, se fè
atansyon kòmandman yo”.
NAN LIV SIRASID 35, 1 -15
Moun ki kenbe lalwa a, li ofri anpil sakrifis: sakrifis k’ap sove a, se fè
atansyon kòmandman yo, vire do bay tout peche; ofri sakrifis pou mande padon
pou sa k’ pa kòrèk yo, lapriyè pou pechè yo vire do bay sa k’ pa kòrèk. Li di mèsi, sila a ki ofri sakrifis flè farin nan; moun ki fè lacharite li
ofri sakrifis. Sa fè Granmèt la plezi lè nou vire do bay peche ak lè nou
lapriyè pou pechè yo vire do bay sa k’ pa kòrèk. Pa parèt devan fas Granmèt la ak men vid: tout bagay sa yo se pou kòmandman
Bondye a yo ye. Kado moun ki
kòrèk la li angrese lotèl la, se yon losyon ki dous devan fas Sila a ki anwo
nèt la. Sakrifis moun ki kòrèk la, yo aksepte l’, Granmèt la pa bliye sonje l’. Ak bon kè se pou ou bay Bondye bèlte,
pa diminye sou premye fwi men w’ yo. Nan tout sa w’ bay, fè figi w’
kontan, se ak kè kontan pou w’ ofri dizyèm pòsyon w’ yo ou mete apa a. Bay Sila a ki anwo nèt la daprè sa l’
ba ou ak bon je, fè daprè sa men ou jwenn; paske Granmèt la konn renmèt, l’ap renmèt
ou sèt fwa plis. Pa ofri kado ki gate: sèke li p’ap
aksepte yo. Pa met lide ou sou sakrifis ki pa kòrèk: paske Granmèt la se yon
jij, li p’ap konsidere figi moun.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 49, 5-6. 7-8. 14 e
23
R/ Moun ki san tach nan chemen an,
m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
“Rasanble sen m’ yo pou mwen, yo menm
ki te pase contra m’ nan nan sakrifis la”. Syèl yo ap anonse jistis li, paske
Bondye se yon jij.R.
“Koute, pèp mwen, m’ap pale; Izrayèl,
m’ap deklare temwayaj kont ou: Se Bondye, Bondye ou mwen ye. Se pa poutèt
sakrifis ou yo m’ap reprann ou; sakrifis antye ou yo devan fas mwen tout tan.R.
Sakrifye sakrifis lwanj pou Bondye, renmèt
Sila a ki anwo nèt la sa ou te pwomèt yo. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’
jwenn bèlte,moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye.R.
LEVANJIL
“N’ap resevwa san fwa plis nan
tan sa a avèk pèsekisyon, epi lavi ki p’ap janm fini an nan syèk k’ap vini an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 10, 28-31
Lè sa a:
Pyè kòmanse di Jezi: “Men nou kite tout bagay epi nou suiv ou”.
Jezi pran lapawòl, li di: “An verite mwen di nou, p’ap gen pèsòn k’ap
kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen pitit, oubyen
jaden, poutèt mwen ak poutèt levanjil la, ki p’ap jwenn san fwa plis depi koulye
a nan tan sa a nan kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, avèk pèsekisyon, epi nan
tan k’ap vini an lavi ki p’ap janm fini an. Men anpil premye ap vin dènye, epi
dènye yo ap vin premye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lekti Pawòl Bondye nou li pou jodi a pale nou
sou fason nou dwe ofri sakrifis bay Granmèt la, sakrifis nou yo dwe fè li
plezi; yo pale nou tou sou rekonpans nou kapab tann nan men Bondye. Liv Sirasid
la bay kretyen an twa eleman ki kapab gide li sou chemen lafwa a: se kè kontan,
bon kè ak lajistis. Bondye se yon bon Papa,
ki vle lavi an kantite pou tout
gason ak pitit fi li yo, se pa yon direktè enpo k’ap mande nou pou nou peye
enterè sou benefis nou resevwa pou sante nou oubyen lòt gras nou resevwa nan
lavi nou. Bondye li menm menm fè nou kado pwòp tèt li an premye, atravè Pitit
li a Jezi, moun Nazarèt la, li menm ki te tounen moun, ki mouri e ki resisite
pou li te kapab montre nou vrè vizaj Bondye. Aprè sa li ranpli nou ak
benediksyon, li ba nou lavi, yon fanmi; se gras a li menm ki fè kè nou ap bat e se li ki pèmèt nou respire. Devan tout kado sa yo, nou kapab
di Bondye Papa a: Granmèt, kisa mwen kapab pa ou ke ou menm ou pa t’ ban mwen?
Nou pa manke gen kè kontan chak fwa nou bay Bondye ti moso nan tan nou, nan
kalite nou oubyen nan byen nou genyen pou nou kapab anonse Wayòm li an.
Jenewozite se dezyèm bagay
ki karakterize yon kretyen ki konnen ke Bondye pi gran ke tout fason nou ta
kapab panse li ye. Nou manifeste bon kè Bondye a, oubyen nou montre bonte li,
se lè nou bay san nou pa espere anyen an retou. Lè nou akeyi ak sèvi yon moun
ki pa kapab remèt nou sa, lè sa a nou yon ti jan sanble ak Bondye, li menm ki
p’ap tann nou renmen li pou li fè nou kado solèy la chak maten. Gason ak fanm
ki gen jenewozite, yo gen anpil kè kontan paske nan chèche yo pa chèche
rekonpans lan, yo rive libere tèt yo anba esklavaj bagay materyèl yo epi anba
lògèy.
Pou fini, Bondye envite nou
pou nou konstwi yon mond jistis kote tout moun se frè ak sè, kote Bondye se
Papa tout moun; yon mond ki kapab tounen
kay tout moun. Sa se vrè sakrifis agreyab nou kapab ofri bay Bondye, paske se
yon bagay ki an amoni ak dezi kè li. Si nou envesti kapital enèji nou nan travay
sa a, sètènman n’ap rankontre anpil papa, manman, frè ak sè ki dispoze pou
akonpaye nou e k’ap fè nou kado amitye ak renmen. Konsa tou, sou chemen sa a
n’ap jwenn moun ki pa konprann nou ak moun k’ap pèsekite nou menm jan Jezi li
menm li te fè fas ak reyalite sa a. Nou p’ap fè bak devan bagay sa yo puiske
nou konnen Bondye genyen dènye mo a.
LAPRIYÈ:Bondye ki gen bon kè, nan
jou sa m’ap di ou mèsi pou Pitit ou a, li se pi gwo prèv renmen ou pou nou
menm. Mwen di w’ mèsi tou pou tout sa w’ fè m’ kado chak minit nan lavi mwen,
san ke w’ p’ap tann anyen nan men mwen. Ede mwen pou mwen pa viv dozado ak ou,
tankou moun ki avèg. Ede mwen kolabore ak ou pou konstwi mond jistis ak
solidarite ou vle a. Fè m’ tounen apot kè kontan, jenewozite ak jistis. Mwen
mande w’ sa nan non Jezikri, Pitit ou, Granmèt nou ak frè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Fè yon moun kado yon ti
jès renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario