PREMYE MOSO LABIB
“Se pou nasyon yo rekonèt pa gen dòt Dye pase ou menm”.
NAN LIV SIRASID 36, l-2a. 5-6. 13-17
Pran pitye pou nou, Bondye tout bagay, voye je gade nou, montre nou limyè bon kè ou.
Voye respè ou sou nasyon yo, pou yo rekonèt ou, tankou nou menm nou rekonèt pa gen dòt Dye sof ou menm, Granmèt.
Refè dòt siy, refè dòt mèvèy. Rasanble tout fanmi Jakòb yo, pou yo rekonèt pa gen Bondye sof ou menm, pou yo rakonte mèvèy ou yo; ba yo eritaj la tankou nan kòmansman.
Pran pitye pou pèp ou a, sa yo te lapriyè non ou sou li a, ak Izrayèl, li menm ou te fè vin tankou premye pitit ou a. Pran pitye pou vil ou a ki sen an, Jerizalèm, vil repo w’ la. Plen Siyon avèk pawòl ou yo yo pa kapab rakonte yo, plen pèp ou a avèk bèlte ou.
Rann temwayaj pou sila yo ou te kreye depi nan kòmansman an, reyalize prèch yo, sa premye pwofèt yo te pale o non w’ nan. Rekonpanse sila yo k’ap tann ou an, pou pwofèt ou yo kapab merite konfyans.
Koute lapriyè sèvitè w’ yo, daprè benediksyon Aawon sou pèp ou a, kondui nou sou chemen jistis la; se pou tout moun ki abite sou tè a konnen se ou menm Bondye k’ap ekzamine tout syèk tan yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 78, 8. 9. 11. 13
R/ Montre nou limyè bon kè ou, Granmèt.
Pa sonje fot zansèt nou yo, fè vit pran devan nou ak jès kè sansib ou yo, paske nou vin pòv anpil.R.
Pote nou sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen peche nou yo, poutèt non ou.R.
Se pou l’ antre devan fas ou, rèl prizonye yo; daprè grandè bra ou kite rès pitit lanmò yo.R.
Nou menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè lwanj ou tout tan; pou jenerasyon ak jenerasyon n’ap anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
“Men n’ap monte Jerizalèm, y’ap renmèt Pitit moun nan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 32-45
Lè sa a:
Disip yo te sou wout, yo t’ap monte Jerizalèm; Jezi t’ap mache devan yo, yo te sezi, moun ki t’ap suiv yo yo te pè. Li pran douz yo ankò, li kòmanse di yo sa k’ te gen pou rive l’:
“Men n’ap monte Jerizalèm, y’ap renmèt Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo ak ansyen yo, y’ap kondane l’ amò, y’ap renmèt li nan men nasyon yo; y’ap pase l’ nan rizib, y’ap krache sou li, y’ap bat li, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan”.
Jak ak Jan, pitit Zebede yo, pwoche kote l’, yo di: “Mèt, nou vle pou nenpòt ki sa nou mande w’, ou fè l’ pou nou”.
Li menm li di yo: “Ki sa nou vle pou m’ fè pou nou”?
Yo di: “Fè nou favè pou nou chita youn adwat ou epi lòt la agòch ou nan bèlte w’ la”.
Jezi menm di yo: “Nou pa konnen sa n’ap mande. Èske nou kapab bwè kalis la m’ap bwè a? Oubyen, batèm nan m’ap batize a, èske nou kapab resevwa li”?
Yo menm yo di l’: “Nou kapab”.
Jezi menm di yo: “Kalis la m’ap bwè a, n’ap bwè l’; epi batèm nan m’ap batize a, n’ap resevwa l’. Men kanta pou chita adwat mwen oubyen agòch mwen an, se pa wòl mwen pou m’ fè sa pou nou, men pou moun sa te pare pou yo a”.
Lè dis yo tande sa, yo kòmanse fache kont Jak ak Jan. Jezi menm rele yo, li di yo: “Nou konnen sila yo yo konsidere kòm chèf pou kòmande nasyon yo, yo fè otorite yo peze sou yo, epi chèf yo fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami nou; men nenpòt ki moun ki vle vin gran, se pou l’ vin sèvitè nou, epi nenpòt ki moun ki vle vin premye, se pou l’ esklav tout moun. Sèke Pitit moun nan pa vini pou yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ kòm delivrans pou tout pakèt moun yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a ki soti nan liv Sirasid la, yo prezante nou yon lapriyè siplikasyon nan pye Granmèt la, kote Sirasid ap mande padon pou peche pèp la, kote l’ap mande Bondye kenbe pwomès li a li te fè zansèt yo. Se lapriyè kote li vle eksprime konfyans li nan Bondye ki se Mèt linivè antye, se yon lapriyè kote l’ vle Bondye poze men beni li a sou vil li met apa pou li a, Jerizalèm, pou pèp la kapab wè reyalizasyon sa Granmèt la te pwomèt la. Sirasid ap mande Granmèt la pou l’ pèmèt pèp li a rasanble ansanm epi sitou pou yo kore lavi yo sou Lalwa Granmèt la.
Pwomès Bondye yo se toujou pwomès jistis, kè poze, kè kontan pou pèp li a. Sa Bondye mande n’ se obsèvans Pawòl li yo, se viv daprè sa l’ mande n’ yo pou n’ ka rive vrèman jwi lapè, kè kontan an, kè poze a. Bèl moman sa yo pèp la vle viv la ap posib sèlman lè pèp la mete lide l’ nan direksyon sa Bondye trase pou li a, lè pèp la ap chache viv nan lajistis ak laverite a. Toutotan n’ap viv nan manti, nan blòf, nan egoyis, nan mank respè youn pou lòt, nan enjistis, nan tout kalite vis n’ap toujou wè lavi a se bak l’ap fè. Toutotan n’ pa prèt pou n’ fè lavi n’ tounen yon sèvis pèmanan pou lòt yo, nou kapab di nou p’ap viv daprè ekzijans Pawòl Granmèt la.
Menm jan ak Sirasid nou dwe rele nan pye Granmèt la pou l’ede n’ sòti nan peche n’yo, sitou vye ajisman n’ ki mete n’ dozado ak pwochen n’. Mande Granmèt la ede n’ sòti nan ipokrizi n’ yo, mande l’ klere n’ak limyè l’ la pou nou ka konprann sa l’ vle epi akeyi volonte l’ sou nou, menm si n’ kontre difikilte.
Levanjil la montre n’ kote sa mennen Jezi lè l’ chache fè sa Bondye vle. L’ap monte Jerizalèm kote l’ konnen deja l’ pral rankontre anpil opozisyon k’ap koute l’ pwòp lavi l’. Men li t’ap viv tout tan anba pouvwa Lespri Bondye a, ki te tout tan ranpli l’ak fos li. Nou konnen Jezi pa janm pase tan li san l’ pa mete l’ nan kominikasyon ak Papa l’ nan lapriyè. Se la li jwenn fòs pou l’ale jous nan bout nan temwanyaj lavi li, nan anons Bòn Nouvèl Wayòm nan. «Si ti grenn ble a ki tonbe nan tè a pa mouri l’ ap rete pou kont li, men si l’ mouri l’ap donnen anpil », se sa Jezi te fè disip li yo konnen pou yo ka konprann vrè sans sakrifis lavi l’ pou sa l’ renmen yo. Li renmen limanite menm lè limanite pa bal regle anyen pou yo. Li vle kontinye renmen epi sèvi limanite atravè tout misyonè sou fas tè a.
Pi devan, li pral anseye disip li yo grandè a se nan sèvis la li ye. Kisa sa ap sèvi m’ pou m’ di m’ kretyen si lavi m’ pa koresponn ak sa Bondye mande m’ ? Tout kretyen dwe yon veritab sèvitè pou moun k’ap viv bò kote l’, espesyalman nan anndedan lakay li. Nou dwe travay nan tèt ansanm ak nan renmen tout bon vre a pou n’ ka temwaye prezans Jezi ki vivan sou fas tè a. Travay misyonè nou ap jwenn vrè sans li si nou chèche viv li nan sèvis lòt yo, espesyalman sa k’ pi meprize yo. Jezi te di nou, li vini pou yo gen lavi epi pou lavi a pote anpil fwi. Sèl otorite dirijan Legliz genyen se nan sèvis li dwe ekzèse l’, nan sèvis wayòm nan.
Nan seremoni lavman pye a, nou te dekouvri kòman Jezi te aprann disip li yo pou youn lave pye lòt, youn dwe mete yo o sèvis lòt. Nan jès sa a li te montre renmen l’ak bon jan espri sèvis li te vin ekzèse pou byen limanite. Nou sonje koman l’ te mete l’ nan tout lokalite pou l’ preche sou Wayòm Bondye a, epi nou sonje toujou gen mirak ki mache ak sa l’ te konn preche yo. Se menm jan an tou nou dwe ekzèse sèvis nou nan mitan mond n’ap viv la : Pawòl la ki mache ak bon zèv la.
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, ou menm ki te aksepte ofri lavi w’ an sakrifis pou byen
limanite, ede n’ nan lavi pa n’ tou konprann kòman nou dwe fè nou piti nan
sèvis la ak nan bon jan temwanyaj ki pote lavi pou lòt yo.
PWOPOZISYON: Mete w’ avèk lòt jèn kretyen nan kominote kote w’ap
viv la pou w’ ka fè yon travay apostola ki an menm tan yon sèvis epi anons Wayòm
Bondye a, epi temwanyaj lafwa w’ nan Sila a ki vivan an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario