Koulè
Blan
Gran Fèt: KÒ AK SAN JEZIKRI KI SEN
ANPIL LA
PREMYE MOSO LABIB
“Li ofri pen
ak diven”.
NAN LIV LAJENÈZ 14, 18-20
Jou sa yo :
Mèlkisedèk, wa Salèm, pote pen ak
diven (li te prèt Bondye ki anwo nèt la), li beni Abram, li di : “Konpliman pou Abram onon Bondye ki anwo
nèt la, li menm ki kreye syèl la ak tè a, konpliman pou Bondye ki anwo nèt la,
gras a pwoteksyon l’, lènmi yo nan men ou”.
Li bay Abram dizyèm pòsyon nan tout bagay.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 109, 1. 2. 3. 4
R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.
Granmèt la di Granmèt mwen:“Chita
adwat mwen, joustan mwen poze lènmi w’ yo kòm eskalye pye ou”.R.
Baton pouvwa ou, Granmèt la voye l’
sot nan Siyon: kòmande nan mitan lènmi w’ yo.R.
Pouvwa a avèk ou jou fòs ou a, nan
bèlte ki sen yo, nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R.
Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt
li: “Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk”.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Chak fwa n’ap manje, n’ap bwè, n’ap anonse lanmò Granmèt la”.
NAN PREMYÈ
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 11, 23-26
Frè m’ yo:
Mwen resevwa
nan men Granmèt la sa m’ transmèt nou an, sèke Granmèt Jezi, nannuit yo te renmèt
li a, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kasé l’, li di: “Pran, manje: sa a se
kò m’, sa yo renmèt pou nou an; fè sa pou fè sonje m”. Menm jan, aprè li fin
manje, li pran kalis la tou, li di: “Kalis sa a se kalis nouvo kontra a nan san
mwen; fè sa, chak fwa n’ap bwè, pou nou fè sonje mwen”.
Reyèlman vre, chak fwa n’ap manje
pen sa a, n’ap bwè kalis sa a, se lanmò Granmèt la n’ap anonse, joustan Granmèt
la va vini.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
LEVANJIL
“Yo tout manje vant plen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 9, llb-17
Lè sa a:
Jezi t’ap pale ak foul yo sou rèy
Bondye a; moun ki te bezwen swen, li geri yo. Jou a te kòmanse bese, douz yo pwoche
kote l’, yo di l’: “Voye foul yo ale, pou y’al nan vil yo ak bouk yo, ki
alantou yo, pou yo jwenn kote pou yo dòmi, epi pou yo jwenn manje; paske kote
sa a se nan yon dezè nou ye”. Li menm li di yo: “Nou menm, ba yo manje”. Yo di l’: “Nou pa gen plis pase senk pen ak de pwason; sof si n’al achte
manje pou tout foul sa a”.
Yo te prèske senk mil gason. Li di
disip yo: “Fè yo kouche senkant pa senkant nan dispozisyon pou yo manje”. Yo fè
sa, yo fè tout moun kouche.
Li pran senk pen yo ak de pwason yo,
li leve je nan syèl la, li beni yo, li kase yo, li separe bay disip li yo, pou
yo met devan foul yo. Tout moun manje vant plen. Yo ranmase sa k’te an twòp pou
yo, douz panye moso pen.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ ak
sè m’ yo, jodi a litiji Legliz la envite n’ fete Fèt Kò ak San Jezikri, Granmèt
nou an. Se yon fèt ki envite n’ reflechi sou renmen k’ap debòde kè Jezi Pitit
Bondye a ki te vin montre n’ renmen Bondye pou lèzòm. Renmen sa a ki pouse l’
bay lavi l’ pou nou sou yon kwa, renmen sa a ki pouse l’ kite yon siy san parèy
kote l’ vle rete prezan nan mitan nou, kote l’ vle pataje pwòp lavi n’, kote l’
vle vin tounen vrè manje k’ap fè nou viv la, lavi pou tout tan an. Siy sa a se
Kò ak San li, tankou li menm li te di l’ nan soupe ak disip li yo Jedi Sen an.
Sen Ogisten, youn nan gran tewolojyen Legliz la te di yon lè ak moun ki pral
resevwa losti a nan lamès: “ Tounen sa w’ap resevwa a”. Sa vle di, n’ap kominye
nan Kò ak San Jezikri pou n’ tounen Jezikri pou lòt yo. Relasyon nou ak Jezi
dwe pwoche n’ pi plis bò kote lòt yo, li dwe fè n’ angaje n’ pi plis nan travay
levanjelizasyon an. Jan Tèm Pastoral ane
a di nou an: “ Nan lafwa ak nan fratènite n’ap bati kominote nou an”. Se ansanm
nou dwe fè travay sa a, ale rankontre moun yo kote yo ye, pote Bòn Nouvèl la ba
yo, fè yo vin tounen disip Jezikri, manm Legliz la ki se yon sèl kò k’ap viv
gras a sakreman Lekaristi a, lavi Legliz la, paske Lekaristi a se aktyalizasyon
mèvèy pasyon ak rezireksyon Jezikri a. Daprè Liv
Katechis Legliz Katolik la nan nimewo
1328-1332, Sakreman Kò ak San Jezi a gen plizyè non. Non sa yo mache ak
sa l’ genyen nan li menm: Yo rele l’ Ekaristi, (Di Bondye mèsi), Gran fèt
Granmèt la( Jezi manje ak disip li yo jedi nan lasware avan arestasyon l’epi sa
montre gran repa l’al prepare pou disip li yo nan syèl la) , Pen ki pataje a
(jès li te fè pou l’ separe pen sa ak disip li yo), Asanble Ekaristik (paske se
pèp la ki sanble pou manje l’), Kominyon (sakreman sa ini kretyen yo youn ak lòt). Lekaristi a, jan Sen Pòl fè
moun Korent yo konnen, se anons mèvèy delivrans la: soufrans, lanmò ak leve
byen vivan Jezikri. Se bèl mevèy sa a tout pèp batize yo ap viv nan chak
selebrasyon lamès. N’ap selebre Lekaristi a ki se memwa gran sakrifis Jezi te
fè pou l’ te sove nou. An menm tan Lekaristi a se sakrifis Jezi k’ap fèt sou
lotèl la nan chak lamès, yon sakrifis ki pa gen san ki koule men ki reyèl. Se
mèvey lafwa pèp Bondye a ki fè l’ kwè nan prezans reyèl Jezi ki parèt sou fòm
Pen ak Diven an. Lafwa pèp Bondye a fè l’ kwè, Jezi prezan sou lotèl la aprè
chak konsekrasyon epi ki kwè ke Jezi kontinye ap pataje kò l’ ak san l’ pou
lavi l’ la kapab kontinye nan nou menm. Pèp ki manje kò ak san Jezikri a vin
tounen temwen vivan Jezikri nan mond lan. Moun ki manje kò Jezi vin tounen
pwofèt Granmèt la ki anwo nèt la, men ki nan lavi chak kretyen batize, konfime,
kominye epi ki konsyan de relasyon l’ ak Trinite a, ki konnen li se enstriman
kote Granmèt la pase pou l’ kontinye misyon delivrans li an. Se pou sa pèp
Bondye a dwe mete l’ deyò menm jan ak Jezi, Pitit Bondye a, pou l’al preche
lamisyon, pou l’al pote Bòn Nouvèl la nan tout kwen, bay tout moun, pou tout
sila a ki tande epi ki kwè nan pawòl la kapab gen lavi nèt ale a.
Nan Levanjil la nou wè Jezi, Pen Bondye Vivan an
k’ap kontinye misyon delivrans li resevwa nan men Papa l’ la: Preche Bòn Nouvèl
wayòm nan pataje mesaj renmen an ak nan pote tout kalite gerizon moun nan
bezwen. Anpil moun toujou antoure l’ pou yo jwenn delivrans pou pwoblèm yo,
sitou moun ki gen pwoblèm fizik, espirityèl, moun ki swaf yon demen miyò, moun
k’ap chache yon sans ak ekzistans yo. Jezi se solisyon pou tout pwoblèm k’ap
ravaje moun yo sou latè, se sa l’ te ye nan tan l’ t’ap viv la, se sa l’ toujou
ye jounen jodi a. Tout sila yo k’ap vanse kote l’ nan senplisite kè yo, nan
konfyans nan li, nan dezi yo genyen pou yo chanje lavi yo, Granmèt la toujou fè
eklate bèlte l’ nan yo menm. Li vle kontinye travay liberasyon pèp la nan Legliz
la ki gen misyon kontinye travay sa a,
jan li menm te vle la. Nou wè nan lekti jodi a, Levanjil miltiplikasyon pen an,
kote Jezi bay pen espirityèl la, Pawòl Bondye, epi li bay pen materyèl la.
Mirak sa a fè n’ sonje Lekaristi a ki se
pen espirityèl la, men li fè n’ sonje tou misyon Legliz la genyen pou l’
solidarize ak moun yo nan soufrans kòporèl yo tou. Se sa nou jwenn nan estrikti
mouvman sosyal Legliz la mete pou l’ marye reyalite espirityèl la ak reyalite
materyèl la dekwa pou se moun nan an antye, kò l’, nanm’ li ak lespri l’ ki
rive jwenn vrè liberasyon Granmèt Jezi te pote a. Kòm pèp Bondye a, patizan
Jezikri, ann fòme chenn solidarite sa a pou n’ kontinye kenbe relasyon n’ ak
Pitit Bondye a nan viv selebrasyon Lekaristi a pi dyanm chak jou, epi pou n’
vin tounen lekaristi pou lòt yo, dekwa pou lavi Bondye a kapab transfòme n’ nèt
ale.
M’ap swete n’ Bòn Fèt Kò ak San Jezikri pandan m’ap
envite n’ tounen chak jou Lekaristi pou lòt yo, nan sèvis nou, nan angajman n’,
nan temwanyaj n’ap bay!
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri, ede n’ konprann chak jou enpòtans sa genyen nan resevwa w’ nan Sakreman
Lekaristi a. Ede n’ konsyan chak jou nou se manm kò w’ epi nou pa dwe pè bay
tèt nou nan sèvis lòt yo menm jan ak ou, pou delivrans ou an kapab gaye
toupatou sou fas tèt a. Amèn...
PWOPOZISYON:Nou kapab reyini ak gwoup n’ap travay yo nan
Pawas nou pou n’ fè lekti diferan jan Liv Katechis Legliz Katolik la rele
sakreman Kò ak San Jezi a epi pou n’ eseye ansanm fè yon pataj sou chak aspè
nou jwenn ladan yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario