Koulè
Blan
VIZITASYON MARI KI SEN, KI VYÈJ
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Wa Izrayèl la
Granmèt la nan mitan ou”.
NAN LIV PWOFÈT SOFONI 3, 14-18
Fè lwanj, pitit fi Siyon; bat bravo, Izrayèl; fè kè ou
kontan, danse ak tout kè ou, pitit fi Jerizalèm: Granmèt la leve kondanasyon ou
nan, li pouse lènmi w’ yo; wa Izrayèl la Granmèt la nan mitan ou, ou pa bezwen
pè malè ankò.
Jou sa a y’ap di Jerizalèm: “Pa pè, Siyon; pa kite men ou
febli. Granmèt Bondye w’ la nan mitan ou, li menm ki fò a, l’ap sove ou; l’ap
kontan nan ou avèk anpil kontantman, l’ap fè silans nan renmen l’ nan, l’ap fete
pou ou avèk lwanj.
Moun ki te pèdi chemen, ki te pati lwen lalwa a, m’ap
rasanble yo, paske se nan ou yo te sòti; konsa ou p’ap gen lawont ankò sou ou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Iz
12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/ Li gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.
Men Bondye ki sove m’ nan, mwen gen konfyans, mwen p’ap
pè,
paske fòs mwen ak lwanj mwen, se Granmèt la, se li menm
ki vin sove m’. N’ap tire dlo ak kè kontan sot nan sous delivrans la.R.
Fè lwanj Granmèt la, rele non li, fè konnen mèvèy li yo
nan pèp yo,
fè sonje kijan non l’ anlè nèt.R.
Chante pou Granmèt la, paske li fè mèvèy, anonse sa sou
tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon, paske li gran nan mitan ou, Sen
Izrayèl la.R.
LEVANJIL
“Kote sa sòti
pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 39-56
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan
mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, lè Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse
nan vant li, Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
“Ou beni pase tout fi; li beni tou, fwi vant ou a. Kote
sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen an vin vizite m’? Gade, lè vwa w’ rive
nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la danse nan vant mwen ak kè
kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè sa Granmèt la voye di w’ yo, y’ap
reyalize”.
Mari di:
“M’ap fè lwanj Granmèt la, lespri m’ ap fete nan Bondye
sovè mwen an, paske li voye je sou pòv sèvant li a. Gade vre depi koulye a tout
jenerasyon ap di ala kontantman pou mwen: paske li fè gran mèvèy pou mwen, sa a
ki gen pouvwa a, non l’ sen, mizerikòd li sot nan ras al nan ras pou moun ki krenn
li yo.
Li mete fòs nan bra l’, li gaye sa k’ t’ap fè grandizè
nan kè yo a; li depoze sa k’ gen pouvwa
yo sot sou fotèy yo, li leve pòv yo; sa k’ grangou yo, li plen yo ak byen, rich
yo li ranvwaye yo grangou.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’; li sonje mizerikòd li a,
jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraam ak ras li a pou tout tan.”
Mari rete avèk li apeprè twa mwa, aprè sa, li tounen
lakay li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Mari vizite kouzin li Elizabèt ki te ansent Jan Batis: Nan
meditasyon nou n’ap gade Mari, yon fi total, senp, devwe, disponib, kourajez, obeyisan,
ki fè volonte Bondye nan tout bagay; Mari te gen yon misyon byen detèmine, kou
l’ te fin konnen Granmèt la te chwazi l’ pou l’ Manman pitit li a,li pa t’ rete
chita sou fotèy li ap tan moun vin sèvi l’, paske li te Manman Bondye, non, men
li te leve byen vit pati nan mòn Jide pou l’ rann kouzin li sèvis ki te ansent,
daprè revelasyon an, fòk li t’al konfime nouvèl sa a; pawòl Elizabèt ak Mari
vin tounen yon repons. Mari te resevwa tit Manman Bondye, li te tounen Tanp
Bondye, li se premye tabènak kit e konsève Jezi pandan nèf mwa; se Lesprisen ki
te kominike sa, e se te Lespri Jezi a menm; jan Levanjil Lik la rakonte l’, «bonjou»
Mari a poko rive nan zòrèy Elizabèt, ti
pitit la pran danse nan vant li, paske li te ranpli ak Lespri Sen an ki te fè
Elizabèt kriye ak yon vwa fò epi li di : Ou beni pase tout fi e pitit ki nan
vant ou a beni tou! Se yon gwo evènman pou Elizabèt, li di kote chans sa a sòti
pou mwen pou manman Granmèt mwen an vin vizite m’! Ata ti bebe a te kontan li
danse avèk fòs nan vant li, Elizabèt di Mari; se chans pou ou paske w’ te kwè
nan sa Granmèt la te mande w’ yo. Menm moman an Mari te eklate ak yon chan remèsiman
ak rekonesans, li pran fè lwanj pou Granmèt la nan mayifikat li t’ap chante, te
kontan paske Granmèt la voye je l’ sou ti pòv sèvant li a, pou mèvèy Bondye te
fè pou li, non l’ merite respè. Nou wè kijan Levanjil Lik la ale nan menm sans ak
lekti liv Sofoni an, kote l’ di fè kè w’ kontan Jerizalèm, nou menm pèp Izrayèl,
rele, chante, fè fèt pou n’ di jan nou kntan, danse ak tout nanm nou, paske pa gen
malè ki pou rive nou ankò, Granmèt la wete tout moun ki t’ap fini avèk nou kòm
pèp, paske li nan mitan nou. Nan meditasyon jodi a, ann mande Bondye, pa
lentèsesyon Lavyèj Mari, bannou yon kè ki pa gen foli grandè, men yon kè senp, devwe,
sèvyab, e aprann nou di mwen se sèvant Granmèt la, se pou volonte l’ fèt jan l’
vle nan nou, ede n’ di chak jou men mwen pou m’ fè volonte w’ Granmèt, tankou
Mari.
LAPRIYÈ: Manman Mari, m’ap di w’ mèsi paske w’aksepte pote Jezi
pou nou,tanpri mande Jezi fòs pou nou , konsa nou p’ap gen ògey ki pou fè n’
pawè lòt yo, fè nou disponib pou n’ aprann rann sèvis san nou pa tann se lòt ki
pou vin rann nou sèvis. Mèsi Jezi paske w’ fè nou kado Manman w’ Mari pou
Manman nou, fè nou obeyi lòd ou yo pou n’ kab disponib pou tout moun ki nan
bewen. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen vle rete disponib nan obeyisans tankou Mari; wi fò
m’ chante pou mèvèy Granmèt la fè pou mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario