Páginas

SAMDI 1

Koulè Wouj
JISTEN KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Sila a ki ban m’ bon konprann nan, m’ap fè konpliman pou li”.
NAN LIV SIRASID 51, 12-27
M’ap fè lwanj ou, m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non Granmèt la.
Pandan mwen te jèn toujou, anvan m’ te pèdi chemen, mwen te mande sajès la anpil fwa nan lapriyè m’ ; devan kay sakre a mwen te fè demann pou li, jous nan dènye jou yo m’ap chèche l’; li fleri tankou yon rezen ki vini anvan lè, kè m’ kontan nan li. Pye m’ mache nan chemen ki dwat; depi mwen tou jèn mwen t’ap chèche l’. Mwen panche zòrèy mwen yon ti kras, mwen resevwa l’. Mwen jwenn anpil sajès anndan mwen, mwen fè anpil pwogrè nan li. Sila a ki ban m’ sajès la, m’ap fè konpliman pou li. Mwen pran desizyon pou m’ fè sa l’ mande, mwen mete tout chalè m’ pou sa k’ byen an, mwen p’ap wont.Nanm mwen batay nan li, mwen pran asirans antan mwen reyalize sa l’ mande.Mwen leve men m’ anlè, mwen gen lapenn poutèt mwen pa fin konprann li byen. Mwen dirije nanm mwen kote l’, mwen jwenn li nan konesans la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
 
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 11
R/ Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la san melanj, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la se laverite, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase siwo myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
“Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo”?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 11, 27-33
Lè sa a:
Jezi rive ankò Jerizalèm avèk patizan yo. Pandan li t’ap mache nan kay sakre a, chèf prèt yo pwoche kote l’ avèk pwofesè yo, ak ansyen yo, yo di l’: “Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo? epi kilès ki ba ou pouvwa sa a, pou w’ap fè bagay sa yo”?
Jezi menm reponn, li di yo: “M’ap poze nou yon kesyon mwen menm tou, yon sèl pawòl; reponn mwen, epi m’ap di nou ak ki pouvwa m’ap fè bagay sa yo. Batèm Jan an, èske se nan syèl la li te soti, oubyen nan lèzòm? Reponn mwen”.
Men yo menm yo t’ap kalkile andan kè yo, yo t’ap di: Si nou di: “Nan syèl la”, l’ap di: “Poukisa nou pa t’ kwè nan li?” Si nou di: “Nan lèzòm”, nou pè pèp la: sèke tout moun konsidere Jan tankou pwofèt la reyèlman vre”. Yo reponn, yo di Jezi. “Nou pa konnen”.
Jezi reponn, li di yo: “Ebyen mwen menm tou mwen p’ap di nou ak ki pouvwa m’ap fè bagay sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premyen jou nan mwa jen an, chak ane Legliz toujou pran yon ti tan pou sonje Sen Jisten. Se yon gwo potorik gason ki te make istwa Legliz la depi nan premye syèk yo. Sen Jisten se te yon poto mitan Legliz la, ki te pran defans lafwa nan epòk dezyèm syèk. Yo di nou se te “pè apologist grèk” ki te pi enpòtan nan epòk dezyèm zyèk la e li se youn nan figi ki pi enpòtan nan ansyèn literati kretyèn nan.
Jisten te fèt an Palestin, nan zòn yo rele Flavia Neápolis, nan ansyen Sikèm. Paran li se te payen e se te moun Wòm. Li te frekante plizyè lekòl filozofik tankou lekòl stoyisyèn, pitagorisyèn, aristotelisyèn ak platonisyèn. Li te gen bon dòz filozofi. Verite li t’ap chèche a, kouraj mati yo ke li te genyen an, sa te pouse li konvèti nan relijyon Kris la. Depi lè sa li te rete layik toujou e li te mete konesans filozofik li te genyen an nan sèvis lafwa.
Li te ale lavil Wòm nan epòk wa Mak Orèl t’ap kòmande (138-161), se la li te fonde premyè lekòl filozofi kretyèn. Selon sa yon disip ki rele Tasyan rapòte, se akoz konplo yon filozòf malveyan yo te rele Kresan ki fè yo te rele Jisten tribinal. Ansanm ak 6 lòt kamarad yo te kondane li a mò nan ane 165.
Kidonk se avèk anpil rezon Legliz la ap sonje gason vanyan sa, ki te bay san li pou semans Legliz la te kapab boujonnen.  Jisten se yon modèl imilite, malgre li te yon gwo save li te rekonèt konesans lan, sajès li te genyen an, se nan Bondye li te sòti.Li te rekonèt li te dwe fè konpliman pou sila a ki te ba li sajès la. Jisten se yon modèl lafwa, yon modèl pèseverans, yon modèl esperans nou dwe swiv jounen jodi a, nan Ane Lafwa sa a. Ebyen, menm jan ak Jisten, an nou mande Bondye pou li fè nou konprann li enpòtan pou nou fè nou piti devan li, pou nou mete talan li ba nou nan sèvis lafwa ak nan sèvis frè ak sè nou yo. N’ap mande li sa ak konkou entèsesyon Jisten ki sen, e ki te mouri mati akoz lafwa a.
LAPRIYÈ:Granmèt, mèsi pou Jisten ou ba nou kòm yon modèl sou chemen lafwa a. Ede nou swiv ekzanp li kite pou nou, pou nou kapab fè fas ak tout sitiyasyon ki menase lafwa nou. Ba nou fòs ak kouraj pou nou travay pou tout moun rive rekonèt kòm sèl vrè Bondye a. Amèn.
PWOPOZISYON:Mete tout konesans Bondye ba ou nan sèvis wayòm li an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario