Páginas

DIMANCH 2


Koulè Vèt
NEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Lè etranje a ap vini, w’a koute l”.
NAN PREMYE LIV WA YO 8, 41-43
Jou sa yo: Salomon lapriyè nan kay sakre a, li di:
“Yon etranje, ki pa fè pati pèp ou a Izrayèl, lè l’ vin sot nan yon peyi byen lwen poutèt non ou (sèke tout kote yo tande non ou ki gran an, ak men ou ki gen fòs la ak bra ou ki drese a); konsa lè l’ rive, li lapriyè nan kote sa a, ou menm w’a koute l’ nan syèl la, nan platfòm kay ou a, w’a fè tout sa etranje a mande w’ la; pou tout pèp sou tè yo aprann respekte non ou, tankou pèp ou a Izrayèl, pou yo fè eksperyans kijan yo lapriyè non ou sou kay sa a mwen bati a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 116, 1. 2
R/ Ale sou tout tè a, preche levanjil la.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
paske li asire kè sansib li sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
“Si m’ t’ap chèche fè lèzòm plezi toujou, mwen pa t’a sèvitè Jezikri”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SIN POU GALAT YO 1, 1-2. 6-10
Pòl, apot pa ak pouvwa lèzòm ni pa lentèmedyè moun, men pa pouvwa Jezikri ak Bondye Papa a ki fè l’ leve vivan sot nan pami mò yo, ni sila yo ki avèk mwen an, tout frè yo, pou legliz Galasi yo.
Mwen sezi wè kijan nou deja gen tan kite sila a ki te rele nou nan favè Jezikri a, pou nou suiv yon lòt levanjil; se pa yon lòt n’ap suiv, men se kèk moun k’ap twouble nou, ki vle chanje levanjil Jezikri a.
Sèlman menm si nou menm oubyen yon Mesaje ki sòti nan syèl la te anonse nou yon levanjil ki pa levanjil sa mwen te anonse nou an, madichon pou li. Jan nou te deja di a, mwen repete l’ koulye a. Si yon moun anonse nou yon levanjil ki pa sa nou te resevwa a, madichon pou li.
Èske se daprè lèzòm m’ap chèche fè nou kwè oubyen daprè Bondye? Oubyen èske m’ap chèche fè lèzòm plezi? Si m’ t’ap chèche fè lèzòm plezi toujou, mwen pa t’ap sèvitè Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN LIK 7, 1-10
Lè sa a:
Lè Jezi fin pale tout pawòl li yo nan zòrèy pèp la, li antre Kafanawòm. Yon kapitèn te gen yon sèvitè ki te malad, ki te prèt mouri, li te renmen sèvitè a anpil. Lè l’ tande pale osjjè Jezi, li voye ansyen yo nan Juif yo kote l’, pou lapriyè l’, pou l’ vin sove sèvitè l’ la.
Yo menm, lè yo rive kot Jezi, yo lapriyè l’ avèk ensistans, yo di l’: “Li merite pou ou rann li sèvis sa a; li renmen nasyon nou an, se li menm ki bati kay reyinyon an pou nou”.
Jezi menm t’a prale avèk yo. Pandan li pa t’ lwen kay la, kapitèn nan voye zanmi l’ kote l’, li di: Granmèt, pa fatige ou, sèke mwen pa merite pou ou antre anba plafón m’. Se poutèt sa mwen pa t’ konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl; epi sèvitè m’ nan ap geri; sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sila a: “Ale, epi li ale; epi lòt la “Vini”, epi li vini; epi sèvitè m’ nan: “Fè sa”, epi li fè l’”.
Lè Jezi tande sa, li sezi, li vire kot foul yo ki t’ap suiv li a, li di: “An verite mwen di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a”. Sila yo li te voye a, yo tounen lakay la, yo jwenn sèvitè a ki te malad la, li geri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl ki frape m’ nan Levanjil jodi a se pawòl kapitèn nan ki di Jezi: “Mèt, mwen pa merite ou antre lakay mwen, annik di yon mo, domestik mwen an va geri”.
Pawòl sa yo, nou abitye avè yo. Nou konn di yo chak jou nan lamès lè nou pral kominye. Granmèt, mwen pa merite ou antre lakay mwen, men di yon sèl pawòl e nanm mwen va geri. Pawòl sa yo, yo bèl. Si nou di yo ak tout kè nou, yo montre kijan nou gen lafwa.
Sa Lik rakonte nou la te pase aprè prèch Jezi te fè nan laplenn nan. Dabò Lik fè nou wè Jezi Sovè nou an k’ap pale, lè fini li montre nou Jezi Sovè nou an k’ap aji. Jezi t’ap antre nan vil Kafanawòm, kote li te konn desann kay Pyè. Lè sa a, kèk ansyen yo vinn pale li osijè domestik kapitèn nan ki te malad. Yo mande Jezi geri gason an, paske kapitèn nan se yon moun debyen ki renmen pèp jwif, malgre li se yon etranje. Jezi ale avèk yo, men anvan li rive lakay kapitèn nan, li jwenn ak zanmi li, e se yo menm k’ap repete pawòl kapitèn nan bay Jezi: mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Lik di nou: Jezi tande pawòl sa a, epi li di moun yo: kalite lafwa sa a m’poko janm wè li, menm nan pèp Izrayèl la. Epi li geri jenòm nan.
Mezanmi, nan moso Labib sa a, nou jwenn 2 mesaj: Premye a, sèke fòk nou pa janm jije ni kondane yon moun menm si l’ pa gen menm lafwa avèk nou. Pinga nou mache ap plede di: Frè mwen, mwen sove, ou pa sove. Lespri Bondye ap travay kote li vle, epi kab gen moun ki pa nan menm relijyon avèk nou, men ki louvri kè yo pou li pi plis pase swadizan fidèl yo.
Dezyèm mesaj la, se yon mesaj sou lafwa. Kapitèn nan fè nou wè sa lafwa ye tout bon. Premye pa sou chemen lafwa se tande pawòl sou Jezi, sou sa li di, sou sa li fè. Anpil fwa se yon soufrans, yon pwoblèm, ki fè moun fè premye pa a. Moun ki nan ka pi fasil santi yo bezwen yon moun ki pi gran pase yo.
Lè fini, istwa kapitèn nan fè nou wè kijan lafwa makonnen ak respè, ak kè senp. Lafwa fè nou rekonèt kijan nou piti, kijan nou fèb. Li fè nou etale pwoblèm nou bay Bondye, san nou pa vle fòse li, men ak konfyans, paske nou konnen li gen yon kè sansib pou nou.
An nou kite tout bagay sa yo entèpele nou pou nou kapab rekonèt epi dekouvri reyèlman vre ki mèvèy Bondye reyalize nan lavi nou. Amèn.
LAPRIYÈ:Granmèt, pawòl ou se aksyon, tanpri di yon mo pou tout moun ki pa kapab pale e ki bezwen yon moun di yon pawòl pou yo. Moun ki nan prizon san yo pa fè anyen, moun ki malad ki pa jwenn swen, moun ki imilye, moun ki diskriminen nan sosyete a. Amèn.
PWOPOZISYON:Lafwa tout bon se fè nou tou piti devan Bondye, etale pwoblèm nou ba li ak respè san nou pa chache fòse li, men ak konfyans, paske nou konnen li renmen nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario