Páginas

LENDI 3

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Tobi te respekte Bondye plis pase wa a”.
KÒMANSMAN LIV TOBI 1, la. 2; 2, 1-9
Tobi, nan ras ak vil Neftali li, malgre yo te fè l’ prizonye sou tan Salmanaza, wa Lasiri, yo te kondui l’ an egzil, li pa t’ lage chemen laverite a.
Kòm se te jou fèt Granmèt la, te gen yon bon manje nan lakay Tobi, li di pitit li a: “Ale, mennen kèk moun nan ras nou, ki respekte Bondye, pou yo fete ansanm avèk nou”. Lè l’ ale, li tounen, li anonse l’ gen youn nan pitit Izrayèl yo yo te trangle, ki te kouche atè a sou laplas la. Menm lè a, li soti kote l’ te kouche a, li kite manje a, li rive san manje kot kò a. Li pran l’, li pote l’ lakay li an kachèt, pou, lè solèy kouche, li kapab antre l’ avèk prekosyon. Lè l’ fin kache kò a, li manje pen an avèk chagren, avèk respè, li sonje pawòl sa a Granmèt la te di pa lentèmedyè pwofèt Amòs la: “Jou fèt nou yo ap vin tounen dèy ak chagren”.
Lè solèy fin kouche, li pati, l’al antere l’. Tout fanmi li yo t’ap fè l’ repwòch, yo t’ap di: “Deja poutèt rezon sa a yo te kondane ou amò, epi apèn ou chape anba kòmandman lanmò a, ou rekòmanse ap antre mò yo ankò”? Men Tobi, te respekte Bondye plis pase wa a, li te konn pran kò moun yo touye yo, li te konn kache yo nan lakay li, epi nan mitan nannuit li te konn antere yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 111, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Se chans pou moun ki respekte Granmèt la.
Oubyen: Alelouya.
Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, ki met plezi l’ nèt nan lòd li yo.
Desandans li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo ap beni.R.
Bèlte ak richès nan kay li, jistis li ap rete pou tout tan gen tan, limyè a ap leve nan fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib, li pran pitye, li kòrèk.R.
Se chans pou moun sa a ki pran pitye, ki prete, ki regle afè l’ yo kòrèk, paske se pou tout tan li p’ap souke.Moun ki kòrèk la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
LEVANJIL
“Yo sezi pitit li rinmen anpil la, yo touye l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 1-12
Lè sa a: Jezi kòmanse pale an parabòl avèk chèf prèt yo, ak pwofesè yo, ak ansyen yo:
“Yon moun te plante yon jaden rezen, li antoure l’ ak miray, li fouye yon kote, li bati yon kay wo; li lwe jaden rezen an bay kiltivatè, epi li pati byen lwen.
Lè sezon an rive, li voye sèvitè l’ kot kiltivatè yo, pou yo ba l’ nan fwi jaden rezen an. Yo menm menm yo sezi l’, yo bat li, yo voye l’ tounen men vid. Aprè sa, li voye yon lòt sèvitè kote yo, li menm menm yo blese l’ nan tèt, you joure l’ byen joure. Li voye yon lòt ankò; sila a menm yo touye l’; li voye anpil lòt ankò e genyen yo bat, gen dòt, yo touye yo.
Li te gen yon pitit li te renmen anpil, yon sèl la, alafen li voye l’ kote yo, li di: “Y’a respekte pitit mwen an”. Men kiltivatè yo menm youn di lòt: “Men eritye a: vini, an nou touye l’, eritaj la ap pou nou”.Yo sezi l’, yo touye l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an.
Konsa ki sa mèt jaden an ap fè? Li vini, l’ap touye kiltivatè sa yo, l’ap bay dòt moun jaden rezen an. Èske nou pa t’ li nan Labib la: “Wòch la moun ki t’ap bati yo jete yon kote a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt la sa sòti, se bagay ki bèl anpil nan je nou”? Yo t’ap chèche sezi l’, men yo te pè foul la. Sèke yo te rekonèt se pou yo li t’ap di parabòl sa a. Yo kite l’, yo pati.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Granmèt la envite nou viv lavi kretyen nou tankou Tobi, yon nèg ki respekte lwa Bondye e ki mete yo anwo tout lwa, malgre l’ riske lavi l’ pou l’ ka fè volonte Granmèt la. Tankou kretyen, nou dwe vrèman klè sou kòmandman Bondye ba nou yo epi sitou mete yo an pratik. Nou wè byen nan tan n’ap viv la kòman mond modèn nan vle mache dèyè dòt dye, yo fè konnen sa k’ pi enpòtan, se viv pou tèt pa ou, ou pa gen rezon pou w’ap panse ak lòt, chak koukouy klere pou je li; epoutan Granmèt vle nou aprann viv nan renmen, pataj, toujou panse ak frè ak sè nou yo, sila yo k’ap viv pre nou oubyen lwen nou; li vle nou lite pou lavi yo ka respekte, pa sèlman lè y’ap viv, men tou lè yo mouri, nou dwe antere yo avèk diyite, e toujou rekòmande yo bay Bondye mizerikòd la.
Levanjil la fè nou konprann se Jezi ki se wòch mason yo te jete a, epoutan se li ki vin tounen wòch kwen an, ki bay edifis la tout fòm. Sa vle di se nan li nou jwenn lavi ak laverite a, malgre yo te pran li kòm eritye sa a yo te touye a, men Granmèt la leve l’ byen vivan li fè l’ tounen pòt pou nou kapab rantre nan syèl la.
Se poutèt sa li ta bon pou nou reflechi nan jounen sa, pou nou mande tèt nou ki plas Jezi genyan nan lavi nou, si vrèman nou menm kòm kretyen nou rekonèt se sèl nan li nou jwenn lavi, oubyen si se tankou kiltivatè jaden rezen an, si nou vle touye, oubyen maltrete Jezi nan fason n’ap viv, nan aksyon nou yo oubyen nan panse nou yo. Li ta bon pou nou fè ti ekzèsis sa a, konsa nou ka pran yon desizyon nan lavi nou, pou n’ ka bay Jezi plas li merite nan lavi nou ak nan fanmi ou.
 
LAPRIYÈ:Bondye, ba nou yon kè sansib pou nou kapab defann lavi a nan tout sikonstans, aprann nou viv kòmandman w’ yo, ban nou fòs pou n’ ka mete yo an pratik. Amèn.
 
PWOPOZISYON:M’ap fè yon ti revizyon nan lavi m’ pou m’ wè ki plas Granmèt la okipe ladan l’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario