Páginas

MADI 4

Koulè Vèt                        
PREMYE MOSO LABIB
“Li pa chagrin kont Bondye, poutèt malè sa a te rive l’ li te vin avèg la”.
NAN LIV TOBI 2, 10-23
Rive yon jou, Tobi te bouke a fòs li t’ap antere moun, li vin lakay li, li lage kò l’ bò miray la, li dòmi; men pandan l’ap dòmi an, gen ti salte tou cho ki sot nan nich iwondèl yo ki tonbe nan je l’, li vin avèg.
Bagay sa a k’ap eseye l’ la, Granmèt la te pèmèt li rive l’, pou l’ te kapab bay moun k’ap vin apre l’ yo yon modèl pasyans li, menm jan ak Jòb ki sen an. Sèke, depi l’ te piti, li te toujou respekte Bondye, li te kenbe kòmandman l’ yo, li pa chagren kont Bondye, poutèt malè sa a rive l’ la li vin avèg la; men li ret san ezite nan respè Bondye, li di Bondye mèsi pandan tout tan lavi l’.
Reyèlman vre, menm jan wa yo t’ap derespekte Jòb, konsa tou fanmi ak zanmi l’ yo t’ap pase lavi l’ nan rizib, yo t’ap di: “Kote espwa w’ la, ou t’ap fè lacharite pou li a, ou t’ap antere mò yo pou li a?” Tobi menm t’ap fè yo repwòch, li t’ap di: “Pa pale konsa; paske se pitit sen yo nou ye, epi n’ap tann lavi sa a Bondye ap bay moun yo ki pa janm lage lafwa yo sot nan li a”.
Án menm, madanm li, t’al nan travay koutiryèz chak jou, li te konn pote fwi travay men l’, sa l’ te kapab jwenn. Konsa rive li te resevwa yon ti kabrit, li pote l’ lakay la; men lè mari l’ tande vwa l’ k’ap rele, li di: “Atansyon, ou pa janm konnen si se pa vòlè yo vòlè l’; renmèt li bay mèt li yo, paske nou pa gen dwa manje nan bagay yo vòlè, ni touche l”. Men madanm nan fache poutèt sa, li reponn: “Sa klè se pou granmesi ou te gen espwa ou la, ou te montre lacharite ou yo jouskoulye a”. Se ak kalite mòd jan pawòl sa yo li te konn ap fè l’ repwòch.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
 
SÒM REPONS 111, 1-2. 7bc-8. 9
R/ Kè moun ki kòrèk la pare, li espere nan Granmèt la.
Oubyen: Alelouya.
Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, ki met plezi l’ nèt nan lòd li yo.
Desandans li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo ap beni.R.
Li p’ap pè, lè l’ tande move nouvèl. Kè l’ pare, li espere nan Granmèt la.
Kè l’ asire, li p’ap pè, joustan li meprize lènmi l’ yo.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis li rete pou tout tan gen tan, kòn li ap leve nan bèlte a.R.

LEVANJIL
“Renmèt Seza sa k’ pou Seza, epi Bondye sa k’ pou Bondye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 13-17
Lè sa a:
Yo voye kèk moun nan disip farizyen yo ak Ewodyen yo kot Jezi, pou yo pran l’ nan pyèj pawòl li. Yo menm yo rive, yo di l’: “Mèt, nou konnen ou kare, ou pa pè pèsòn; sèke ou pa konsidere figi moun, men se nan verite ou anseye chemen Bondye a, èske nou gen dwa peye taks bay Seza, oubyen nou p’ap bay”?
Li menm menm li te konnen fent yo, li di yo: “Poukisa n’ap eseye m’ nan? Pote yon pyès lajan ban mwen, pou m’ wè”. Yo pote ba li. Li di yo: “Pòtre ak tit ki moun ki la a”?
Yo di l’: “Seza”.
Jezi pran lapawòl, li di yo: “Ebyen, renmèt Seza sa k’ pou Seza, epi renmèt Bondye sa k’ pou Bondye”. Yo te sezi osijè l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
 
REFLEKSYON: "Li pa chagren kont Bondye, poutèt malè sa a te rive l’ li te vin avèg la". Atitid Tobi a se yon gran ekzanp pou nou, li aksepte tout sa Bondye ba li, malgre gwo pwoblèm ki t’ap trakase li, malgre tout difikilte li te rankontre nan lavi li, malgre jan tout fanmi ak zanmi l’ yo t’ap pase l’ nan rizib li pa t’ jann repwoche Bondye. Li se yon modèl pasyans. Premye lekti a fè nou sonje se yon nèg ki te gen anpil lafwa. Pafwa nou di nou kwè nan Bondye oubyen nou di se pou volonte l’ fèt nan nou, men depi yon ti van difikilte souke bak lavi nou, nou kòmanse ap plenyen, nou konn di menm Bondye bliye nou, nou konn panse li abandone nou. Lekti sa a fè nou konprann, poutèt nou se sèvitè Granmèt la, sa pa vle di se pou li  evite tout kontraryete ki ka rive nan lavi nou, okontrè moman difisil sa yo, se yon bon okazyon pou nou kapab grandi, pou lafwa nou kapab rèk, pou li kapab pouse rasin. Nou dwe di Granmèt la mèsi, nou dwe pran tan pou nou di l’ se li menm ki mèt nou, tout sa k’ rive, nou kwè se volonte li,paske li pa bay pitit li yo yon chaj yo pa ka pote.
Levanjil la montre nou jan gwoup farizyen ak pwofesè Lalwa yo te vle pran Jezi nan pyèj, men Lespri Bondye a ki te nan li  ba yo yon bèl repons ki an menm tan se yon ansèyman pou yo: "Renmèt Seza sa k’ pou Seza, epi Bondye sa k’ pou Bondye". Kisa pawòl sa vle di nou tou nan tan n’ap viv la? Fòk nou bay Bondye plas li merite nan lavi nou, menm jan tou fòk nou fè devwa sivik nou genyen, nou dwe peye taks yo, respekte lòd ak disiplin sosyete a. Paske nou gen you angajaman ak Bondye, men tou fòk nou respekte ak obeyi sa Lalwa peyi nou mande nou fè, fòk nou soumèt. Konsa tou nou kolabore pou lavi sosyete a ka òganize; epi tout kote k’ gen respè ak oganizasyon, se kote Bondye abite.
LAPRIYÈ: Granmèt ede m’ aksepte tout sikontans lavi a, pa kite m’ pèdi lafwa nan devan difikilte mwen mwen rankontre sou wout lavi a. Amèn
PWOPOZISYON:Mwen pran desizyon pou mwen bay Bondye tout sa k’ pou li; sa vle di sèvi l’ ak tout kè m’, menm jan tou pou mwen pote kontribisyon pa mwen nan sosyete a pou li ka pi bèl chak jou, pou tout moun rive viv kòmsadwa.

 

No hay comentarios:

Publicar un comentario