Páginas

MÈKREDI 5

Koulè Wouj   
BONIFAS KI SEN, Evèk e mati
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Lapriyè toulede jwenn repons devan fas Bèlte Bondye ki anwo nèt la”.
NAN LIV TOBI 3, 1-11. 24-25
Jou sa yo:
Tobi plenyen, li kòmanse lapriyè avèk dlo nan je l’, l’ap di “Ou kòrèk, Granmèt, tout jijman w’ yo kòrèk, tout chemen w’ yo se kè sansib ak verite ak jistis.  Koulye a, Granmèt, sonje m’; pa tire vanjans pou peche m’ yo, pa sonje fot mwen yo ni fot zansèt mwen yo. Sèke nou pa t’ obeyi lòd ou yo, se pousa yo renmèt nou nan piyaj, nan lanmò, nan rizib, nan repwòch anba men tout nasyon yo, kote ou te gaye nou an. Koulye a, Granmèt, jijman ou yo gran; paske nou pa t’ aji daprè lòd ou yo, nou pa t’ mache fran devan ou.Koulye a, Granmèt, aji avèk mwen daprè volonte ou, pase lòd pou yo resevwa lespri m’ ak lapè: sèke li pi bon pou mwen pou m’ mouri pase pou m’ viv”.
Nan menm jou sa a rive Sara, pitit fi Ragwèl la te nan Ragès, yon vil Mèd yo, li te tande repwòch youn nan sèvant papa l’ yo t’ap fè l’; paske yo te renmèt li nan men sèt gason, men gen yon demon yo rele Asmode ki te touye yo, osito yo te konn rive kote l’. Konsa, kòm poutèt fot li a, li t’ap fè sèvant la lobsèvasyon, sèvant la reponn li: “Nou pa gen dwa janm wè pitit gason oubyen pitit fi sot nan ou sou tè a, ou menm ki touye mari ou yo. Èske ou vle touye m’ tou, menm jan ou te touye sèt gason?” Lè l’ tande pawòl sa a, l’al anwo nan chanb lakay li, li pase twa jou ak twa nuit li pa manje, li pa bwè; men li rete ap lapriyè ak dlo nan je, li t’ap ensiste kot Bondye, pou Bondye te delivre l’ sot nan mank dega sa a.
Nan menm tan sa a, lapriyè toulede jwenn repons devan fas bèlte Bondye ki anwo nèt la; li voye Mesaje Granmèt la ki sen an, Rafayèl, pou l’ geri toulede, yo menm ki t’ap prezante lapriyè yo devan fas Granmèt la nan menm moman an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
 
SÒM REPONS 24, 2-4a. 4b-5ab. 6-7bc. 8-9
R/ Se kote ou, Granmèt, mwen leve nanm mwen.
Bondye mwen, nan ou mwen met konfyans mwen: mwen p’ap wont. Pa kite lènmi m’ yo fè fèt sou mwen, reyèlman vre tout moun ki konte sou ou, yo p’ap jwenn desepsyon. Sa k’ap pran desepsyon yo se sa k’ap aji san fidelite yo pou fè grandizè. Chemen w’ yo, Granmèt, montre m’ yo, tras wout ou yo, aprann mwen yo. Dirije m’ nan tras wout ou a, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste. Daprè kè sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen an; l’ap kondui moun ki dosil yo nan jijman an, lap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.

LEVANJIL
“Li pa Bondye moun mouri yo, men Bondye vivan yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 18-27
Lè sa a:
Sadiseyen yo vin kot Jezi, yo menm ki di pa gen kesyon leve vivan sot nan pami mò yo. Yo poze l’ kesyon, yo di: “Mèt, Moyiz te pase nou lòd, pou “si yon mesye gen yon frè l’ ki mouri, epi ki kite madanm, san l’ pa kite pitit, se pou frè l’ la pran madanm li an, pou l’ leve yon desandans pou frè l’ la”.
Konsa te gen sèt frè, premye a pran yon madanm, epi li mouri, san l’ pa kite desandans. Epi dezyèm nan pran l’, li mouri tou, epi ni li menm tou li pa kite desandans; ni twazyèm nan tou, menm jan. Konsa yo tou le sèt yo pran l’, men yo pa kite desandans. Alafen aprè yo tout, madanm nan tou vin mouri. Ebyen, nan koze leve vivan an, lè moun yo ap leve a, pou kilès nan sila yo madanm nan ap ye? Kòm yo tou le sèt te genyen l’ pou madanm”.
Jezi pran lapawòl, li di yo: “Èske nou pa twonpe, antan nou pa konnen sa ki ekri yo, ni pouvwa Bondye? Sèke lè y’ap leve sot nan pami mò yo, moun yo p’ap marye, ni gason, ni fi, men y’ap tankou Mesaje yo ki nan syèl la. Kanta pou kesyon mò yo menm k’ap leve a, èske nou pa t’ li nan liv Moyiz la, sou flanm dife raje a, kijan Bondye te pale avèk li, lè l’ te di: “Mwen se Bondye Abraam, Bondye Izaak, ak Bondye Jakòb?” Li pa Bondye moun mouri, men Bondye vivan yo. Konsa, nou twonpe anpil”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
 
REFLEKSYON: Zanmi m’ yo, nan levanjil jodi a gen yon gwoup sadiseyen ki poze kesyon lanmò a ak Jezi. Yo te fè sa nan lide pou yo pyeje l’. Pou Jezi, zafè leve byen vivan pami mò yo gen baz li nan Bondye ki se lavi ak renmen an. Se poutèt sa, menm Bondye sa, aprè lanmò, li pa abandone nou, men li pwomèt tout moun ki fè volonte li lavi ki p’ap janm fini an, lavi pa li a menm. Men frè m’/ sè m’, nou konnen trè byen pou n’ ka eritye bèl lavi ki p’ap janm fini an nan syèl la, fòk nou ka viv byen sou tè a ansanm ak frè ak sè nou yo. Se lavi nan renmen, pataj, tèt ansanm sou tè a k’ap fè lè nou mouri n’ap ka viv nan bèl kay Bondye prepare pou nou nan syèl la.  Jodi a, nou wè aklè kijan sadiseyen sa yo te twonpe yo nan koze leve byen vivan. Yo pa t’ konprann pawòl sa byen. Yo pa t’ ka konprann grandè Bondye ki gen pouvwa pou l’ fè tout sa yo ki mouri yo viv ak li nan syèl la nan bèlte li pou toutan.  Jezi te montre yo ke yo twonpe tèt yo, paske li di yo nan lavi tou nèf la p’ap gen maryaj, nou tout pral viv tankou zanj. Nou menm kretyen nou pa bezwen tann dènye jou a pou nou fè bèl transfòmasyon sa nan lavi nou. Mwen pa di nou depi kounya pou n’ kòmanse viv tankou zanj ; men nou dwe toujou fè efò nan lavi nou pou n’ kapab swiv ekzanp Jezi ak zanj yo. Jezi se renmen, se padon, se lavi, se kè kontan. Nou menm kretyen nou dwe swiv ekzanp sa yo nan jan n’ap viv ak moun ki bò kote nou yo. Pataje ak sa ki nan bezwen yo, vizite malad yo. Epi tou nan lide pou n’ swiv zanj yo, pa janm sispann al Legliz pou n’ priye, pou n’ adore Bondye, pou nou ba li glwa li menm sèl merite, paske lanmou san parèy li a se pou tout tan gen tan, se pou letènite.
LAPRIYÈ: Granmèt mwen konnen mwen se pechè, mwen pa merite lagras ou nan lavi mwen, men tanpri ede m’ pou m’ ka viv jan w’ vle ; konsa lè mwen mouri m’a va reviv bèl lavi ou pwomèt nou an.
PWOPOZISYON: Bay Bondye lwanj nan jan n’ap viv, nan jan n’ap renmen moun ki bò kote nou yo. Jezi di chak fwa ou ede yon frè oubyen yon sè, se li menm ou ede.

No hay comentarios:

Publicar un comentario