Páginas

JEDI 6

Koulè Vèt  ou  Blan
NÒBÈ KI SEN, Evèk
PREMYE MOSO LABIB
“Se pousa Granmèt la fè nou vin kote m’, pou sila a te kapab marye avèk ou.”
NAN LIV TOBI 6, 10-lla; 7, 1. 9-17; 8,4-10
Jou sa yo:
Tobi di Mesaje a: “Kote w’ vle pou nou fè ladesant?” Mesaje a pran lapawòl, li di: “Isit la gen yon mesye yo rele Ragwèl, se yon mesye ki pwòch paran w’ nan ras ou a; isit la, li gen yon pitit fi yo rele Sara”. Konsa yo antre kay Ragwèl, Ragwèl resevwa yo avèk kè kontan.
Men lè yo fin pale, Ragwèl pase lòd pou yo touye yon kabrit, pou yo pare tab la. Lè l’ fin envite yo manje, Tobi di: “Isit la jodi a mwen p’ap manje ni mwen pa bwè, anvan ou asire sa m’ap mande w’ la, pou w’ pwomèt mwen w’ap ban m’ Sara, pitit ou a”. Lè l’ tande pawòl sa a, Ragwèl sezi, sèke li te konnen sa k’ te rive sèt mesye yo, ki te antre kote l’ la; li kòmanse pè, pou menm bagay la pa rive sila a tou.
Kòm li te fè silans, li pa t’ bay okenn repons nan sa l’ mande a, Mesaje a di l’: “Pa pè renmèt ti fi a nan men sila a, paske pitit fi w’ la dwe vin tounen madanm sila a ki respekte Bondye a; se poutèt sa okenn lòt moun pa t’ kapab genyen l.”
Lè sa a atò Ragwèl di: “Mwen pa doute Bondye ap resevwa lapriyè m’ yo ak dlo ki koule sot nan je m’ yo devan fas li; epi mwen kwè se li ki fè nou vin kote m’ nan, se pou ti fi a te kapab marye avèk yon moun nan fanmi li, daprè lalwa Moyiz la; koulye a ou pa bezwen gen dout se ou menm m’ap renmèt li”.
Li pran men dwat ti fi a, li renmèt li nan men dwat Tobi, antan li di: “Se pou Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la avèk nou; se pou l’ marye nou li menm menm, se pou l’ plen nou ak benediksyon li”. Li pran yon papye, yo kouche kontra maryaj la. Aprè sa, yo fete, antan yo fè konpliman pou Bondye.
Lè sa a atò, Tobi envite vyèj la, li di l’: “Sara, leve; an nou lapriyè Bondye jodi a ak demen avèk aprè demen, paske pandan twa nuit sa yo n’ap kole kò nou sou Bondye, lè twazyèm nuit la a fin pase, n’a okipe kesyon maryaj pa nou an. Sèke se pitit sen nou ye, nou pa kapab okipe maryaj la menm jan avèk nasyon yo ki pa rekonèt Bondye a”. Konsa, yo tou le de yo leve, yo lapriyè avèk ensistans yo tou le de ansanm, pou yo jwenn gerizon.
Tobi di konsa: “Granmèt Bondye zansèt nou yo, se pou syèl la ak tè a fè konpliman pou ou, ni lanmè a, ni sous yo, ni larivyè yo, ni tout kreyati w’ yo ki nan yo a. Se ou menm ki te fè Adan sot nan labou tè a, se ou menm ki te ba l’ Èv kòm asosye. Koulye a, Granmèt, ou konnen se pa pou plezi mwen resevwa sè m’ kòm madanm, men se sèlman pou nou kapab gen yon desandans, kote y’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan gen tan.
Sara li menm tou li di: “Pran pitye pou nou, Granmèt, pran pitye pou nou: se pou nou tou le de nou viv byen vye, epi an sante”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5
R/ Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan wout li yo.
Se fwi travay men ou w’ap manje, se chans pou ou, w’ap jwenn avantaj.R.
Madanm ou ap tankou yon jaden rezen ki byen donnen sou bò lakay ou; pitit ou yo ap tankou jenn plant pye oliv alantou tab ou a.R.
Men se konsa moun nan ap beni, sa k’ respekte Granmèt la. Se pou Granmèt la beni ou sot Siyon, se pou ou wè byen Jerizalèm toulejou lavi ou.R.
LEVANJIL
“Sa a se premye kòmandman an; dezyèm nan sanble ak li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn li: “Premye nan tout kòmandman yo, se: “Koute, Izrayèl: Granmèt la Bondye w’ la se yon sèl Bondye a. Epi se pou ou renmen Granmèt la Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou epi ak tout fòs ou”. Sa a se premye kòmandman an. Dezyèm nan sanble ak li: “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm”. Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo”.
Pwofesè a di l’: “Se byen, Mèt, ou gen rezon di se yon sèl Bondye a, epi pa gen lòt andeyò l’, epi se pou yon moun renmen l’ ak tout kè l’, ak tout entelijans li, ak tout nanm li, epi ak tout fòs li, epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt li, sa pi gran pase tout kalite sakrifis antye ak kado yo”.
Jezi menm wè li te reponn ak sajès, li di l’: “Ou pa lwen rèy Bondye a”. Epi pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi mande nou yon bagay ki ta dwe reprezante baz lavi nou kòm kretyen batize ki deside swiv Bondye. Jezi envite nou jodi a pou nou reflechi sou relasyon nou ak Bondye papa a e sou relasyon nou ak sa yo k’ap viv bò kote nou yo. Jodi a yo mande Jezi kilès nan kòmandman yo ki pi enpòtan. Jezi fè yo konnen ke se lanmou ki dwe pi enpòtan. Lanmou pou Bondye ak lanmou pou frè ak sè nou yo dwe gen premye plas nan tout sa n’ap fè. Jezi te montre nou aklè kijan lanmou sa enpòtan pou li nan jan li te bay lavi li sou kwa a pou nou. Tout sa se sèlman pou l’ te kapab ban nou lavi. Lanmò sou kwa a se rezime 2 sakreman sa yo ke Jezi ban nou nan levanjil jodi a. Premyèman li te gen lanmou pou Bondye, paske li te kite volonte Bondye fèt nan lavi li. Malgre li te pè lanmò a men li te di se pou volonte papa a fèt nan lavi li. Nou menm tou, fòk nou aprann mande Bondye pou se volonte l’ ki fèt nan lavi nou. Pafwa nou ta vle pou n’ fè Bondye tounnen ti moun nou ; sa vle di se sa nou vle a pou l’ ta fè, men nou pa janm konprann ke li gen yon plan pou nou, e plan sa se toujou sa ki bon li ye, paske li p’ap janm vle sa ki mal pou pitit li. Dezyèmman jès li fè sou lakwa a montre nou ki kalite renmen Jezi genyen pou frè ak sè l’ yo. Jezi pa t’ fè anyen ki te merite lanmò, sèlman li te deside mouri pou l’ te kapab ban nou lavi. Nou menm tou fòk nou aprann renmen pwochen nou yo nan sakrifis n’ap fè pou yo. Nan jan n’ap renmen yo, konsa n’a va viv de bèl sakreman sa yo ke Jezi ba nou nan Levanjil la.

LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri aprann mwen mete an pratik de bèl sakreman sa yo ou ba nou jodi a. Ede mwen renmen w’ plis toujou nan jan m’ap renmen frè m’ ak sè m’ yo.

PWOPOZISYON: Renmen Bondye, se renmen frè w’ ak sèw yo. Jodi a fè yon jès renmen ak moun ki pi meprize nan kote w’ap viv la. Gen dwa se yon pòv, oubyen yon moun malad, oubyen yon moun ki gen yon pwoblèm kèlkonk. Mwen pa konn kisa w’ap deside fè, men fè yon bagay pou w’ montre ke w’ renmen moun sa.

 

No hay comentarios:

Publicar un comentario