Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Se ou menm ki
korije m’, se ou menm ki sove m’, epi men mwen wè pitit mwen an”.
NAN LIV TOBI 11, 5-17
Jou sa yo:
Án te chita bò wout la chak jou sou tèt mòn nan, kote li te kapab wè byen lwen.
Antan nan kote sa a menm li t’ap kalkile kilè pitit li a ap vini, li gade byen
lwen, menm lè a li rekonèt pitit li a k’ap vini; li kouri l’al anonse mari l’,
li di: “Men pitit ou a ap vini”.
Rafayèl di Tobi: “Gade, osito ou antre lakay ou, menm lè a adore Granmèt
Bondye w’ la; epi di l’ mèsi, aprè sa, pwoche kot papa w’, epi anbrase l’. Menm lè a, fwote je l’ ak fyèl pwason sa a, ou pote avèk ou a; se pou w’
konnen yon ti moman apre, je l’ap louvri, papa w’ap wè limyè syèl la, l’ap
kontan wè figi ou”.
Lè sa a chyen an ki te avèk yo sou wout la, li kouri devan, li rive tankou
yon mesaje, l’ap fè karès ak ke l’ tèlman li kontan. Papa l’ menm leve tou avèg
la, li kòmanse ap kouri, antan l’ap bite ak pye l’; li bay ti gason an men l’,
li kouri al rankontre pitit li a. Li anbrase l’, li bo l’, ansanm ak madanm li,
yo tou le de yo kòmanse kriye ak kontantman. Lè yo fin adore Bondye, yo fin di l’
mèsi, yo chita.
Lè sa a atò, Tobi pran nan fyèl pwason an, li fwote je papa l’; li kite l’
prèske pandan demi èdtan. Gen tach blanch ki kòmanse soti nan je l’, tankou kal
ze. Tobi pran l’, li wete l’ sot nan je l’, menm lè a li rekòmanse wè. Yo fè
konpliman pou Bondye, ni li menm, ni madanm li, ni tout moun ki te rekonèt li.
Tobi t’ap di: “Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt Bondye Izrayèl, paske se ou menm
ki te korije m’, epi se ou menm ki sove m’; gade men mwen wè Tobi, pitit mwen an”.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 145,
2abc. 7. 8-9a. 9bc-10
R/ Fè lwanj Granmèt la, nanm mwen.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, nanm mwen; m’ap fè lwanj Granmèt la nan lavi m’, m’ap
chante kantik pou Bondye m’ nan, tout tan m’ap viv.R.
Li menm ki kenbe verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete
yo, ki bay moun ki grangou yo manje. Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen
moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Òfelen an ak vèv la, li soutni yo, men wout pechè yo, li gaye yo.
Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye w’ la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
“Kijan yo fè
di Kris la se pitit David?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 35—37
Lè sa a:
Jezi pran lapawòl, li di, antan l’ap bay lansèyman nan kay sakre a: “Kijan
pwofesè yo fè di Kris la se pitit David? David menm di nan Lespri Sen an:
“Granmèt la di Granmèt mwen: Chita adwat mwen, joustan mwen mete lènmi
w’ yo kòm macheskalye pye ou”.
Konsa David li menm rele l’ Granmèt; ebyen kòman fè li se pitit li?” Anpil
moun t’ap koute l’ avèk satisfaksyon.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Istwa Tobi a
prèske sanble ak istwa ti gason banbochè a, yon istwa ki prezante nou yon papa
ak yon manman kè sansib; se konsa nou menm tou lè nou pati kite Jezi, li rete
la l’ap veye, l’ap gade, l’ap tann kilè n’ap retounen vin jwenn li: pafwa, se
peche nou yo ki fè nou vire do ba li epi pati kite l’, men lè nou pran konsyans
de eta nou, nou deside kase tèt tounen vin jwenn li, tounen nan plas nou lakay
nou, lè sa a se kè kontan, se fèt ak gerizon. Men se toujou Lespri Bondye k’ap
veye sou nou, k’ap dirije nou menm jan zanj Rafayèl te dirije Tobi, se sa k’ fè
tout sa n’ap fè, dwe makònen avèk plan Bondye, epi obeyi tout sa li di nou fè,
menm jan Jezi te obyi Papa l’ jis nan bout; se sa k’ fè l’ te jwenn glwa, li te
jwenn plas li kote l’ chita adwat papa a. Èske Kris la se pitit David li ye? Yo
rele Jezi “Pitit David la”; sa vle di yo ta renmen wè Jezi pran menm pouvwa ak
avèK li tankou wa: pou l’ mete pèp Izrayèl la anba pouvwa li epi gouvènen tout
lòt peyi, poutan Jezi te gen pwojè pa l’, pou tout nasyon, tout ras nan tout
lang, se rèy kè poze, jistis, lapè ak lanmou toupatou ke Jezi te vle kòmanse.
Nou menm tou, an nou mete tèt ansanm, pou n’ travay pou rèy Bondye a kab tabli
toupatou sou tè a.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou se papa m’, ou se
manman m’, pou jan kè w’ sansib pou nou, nou pa janm twò lèd pou ou ni twò pòv,
ou renmen nou jan nou ye a; tanpri Granmèt, ba nou yon kè ki sansib menm jan
avèk w’, dekwa pou nou pa gen moun nou meprize, konsa n’a ede tout moun goute
jan w’ bon; epi y’a kòmanse goute peyi kote ou wa a.
PWOPOZISYON: M’ap fè nan yon jès kè sansib pou m’ fè renmen Bondye
gen pou mwen an jayi pou lòt yo tou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario