Páginas

SAMDI 8

Koulè Vèt                         
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap tounen al jwenn sila a ki voye m’ nan; nou menm fè konpliman pou Bondye”.
NAN LIV TOBI 12, 1. 5-15. 20
Jou sa yo:
Tobi rele pitit li a, li di l’: “Kisa nou kapab bay mesye sa a ki sen an, ki vini avèk ou a?” Yo rele l’, ni papa a ni pitit la, yo pran l’ apa, yo kòmanse mande pou l’ aksepte resevwa mwatye pòsyon nan tout sa yo pote yo.
Lè sa a atò, li di yo an kachèt: “Fè konpliman pou Bondye syèl la, epi devan tout vivan yo se pou nou fè lwanj pou li, paske li fè kè l’ sansib pou nou. Reyèlman vre sekrè wa a li bon pou yo kache l’, men aktivite Bondye yo, yo merite pou yo devwale yo, pou yo fè lwanj yo.
Lapriyè, ak jèn, ak lacharite pi bon pase kache trezò lò; paske lacharite delivre sot nan lanmò, se li menm ki pwòpte peche yo, li fè jwenn kè sansib ak lavi ki p’ap janm fini an.
Moun yo k’ap fè peche ak fot, se lènmi nanm yo yo ye. M’ap montre nou laverite a, mwen p’ap kache pawòl sekrè a pou nou.
Lè ou te konn ap lapriyè a avèk dlo nan je w’ yo, lè ou te konn ap antere mò yo, lè ou te konn kite manje w’ la, epi ou te konn ap kache mò yo lajounen nan lakay ou a, epi ou te konn antere yo lannuit la, mwen menm menm mwen te prezante lapriyè w’ la bay Granmèt la.
Paske ou te fè Bondye plezi, li te nesesè pou tray te eseye w’. Koulye a menm Granmèt la voye m’ pou m’ geri ou, ni Sara, madanm pitit ou a, pou m’ delivre l’ anba men demon an.
Se mwen menm Rafayèl, Mesaje a, youn nan sèt yo ki kanpe devan Granmèt la.
Li lè pou m’ tounen kot sila a ki te voye m’ nan. Kanta nou menm, fè konpliman pou Bondye, rakonte tout mèvèy li yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS                                                     Tob 13, 2. 6. 7. 8
R/ Granmèt, ou gran pou tout tan.
Sèke se ou menm ki pini, ki sove, ki kondui anba tè, ki ramne, pèsonn pa chape nan men ou.R.
Konsidere sa l’ fè pou nou, avèk respè ak krent se pou nou fè lwanj pou li, fè lwanj Wa syèk tan yo nan aksyon nou yo.R.
Mwenn menm nan tè kote m’ ekzile a, m’ap fè lwanj li, paske li montre bèlte l’ nan yon nasyon ki nan peche.R.
Konsa se pou nou tounen, pechè yo, fè jistis devan Bondye, antan nou kwè l’ap fè kè l’ sansib pou nou.R.
ALELOUYA                                                                           Mt 5, 3
R/ Alelouya. Se chans pou moun ki pòv nan lespri a,
paske se pou yo rèy syèl yo ye.   R. Alelouya.
LEVANJIL
“Pòv vèv sa a mete plis pase tout moun”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 38-44
Lè sa a:
Jezi t’ap di foul yo nan lansèyman l’ nan: “Fè atansyon pwofesè yo ki renmen pwomennen nan gran manto, epi ki renmen pou moun yo salye yo sou laplas la, yo renmen chita nan premye plas yo nan kay reyinyon yo, yo renmen plas donè nan resepsyon yo; y’ap devore byen vèv yo sou pretèks lapriyè long yo fè sanblan ap fè; moun sa yo ap resevwa pinisyon ki pi rèd”.
Jezi chita an fas sal kèt la; l’ap gade kijan foul la t’ap mete lajan nan kèt la; anpil moun rich t’ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive, li mete de ti pyès, ki vo vensenk kòb.
Jezi rele disip li yo, li di yo: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete plis pase tout moun ki met lajan nan kèt la; sèke tout moun, se nan sa yo genyen an twòp yo bay; li menm menm se nan ti sa k’ pa menm kont pou li a, li pran, tout sa l’ te genyen, li bay li, tout sa l’ te bezwen pou l’ viv la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Repons sòm nan bay premye lekti a:“Se chans pou moun ki pòv nan lespri a, paske se pou yo rèy syèl yo ye”. Premye lekti a soti nan liv Tobi, liv sa a ki se youn nan liv Labib la ki sanble woman k’ap rakonte  istwa yon fanmi oubyen istwa yon moun, men sa ki komen ladan yo, se plan Bondye k’ap fè chemen l’ nan lavi yo. Istwa sa a se sou lavi yon nonm ki rele Tobi, desandan tribi neftali, ki t’ap viv nan tan ekzil pèp Izrayèl nan mitan yon pèp  Asiriyen an, lè wa Salmanaza t’ap gouvènen. Nonm sa a te gen anpil byen, se te yon nonm de byen devan Bondye, li te konn fè anpil lacharite ak sa ki pi pòv yo. Si nou li tout liv istwa Tobi a, n’ap wè istwa sa a sanble avèk istwa liv Jòb la. Se menm istwa a ki repete, premyèman se yon nonm korèk devan Bondye, ki beni ak anpil byen, madanm ak pitit; dezyèmman yon maladi tombe sou li, li pèdi byen l’ yo e, alafen Bondye retounen ba li plis toujou ke sa l’ te pèdi yo. Gras Bondye nou kapab di se yon kado ke li menm ak pwòp volonte l’ li deside ban nou, se lanmou nan kè Bondye ki pèmèt nou jwenn favè, jan sen Ogisten di a: “tout bagay [nou resevwa] se lagras Bondye”. Poukisa yon nonm ki kòrèk tankou Tobi dwe pase nan kalite gwo tribilasyon sa yo? Se yon kesyon ke anpil moun konn poze tèt yo lè yo wè yon sèvitè Bondye ap soufri anba gwo maladi oubyen yon pwoblèm kèlkonk. Ebyen sèvi Bondye, pa vle di ke ou pa gen dwa janm gen pwoblèm nan lavi a, sa pa vle di ke bòn kondwit nou ap jistifye nou devan Bondye. Non, sa ki gran nan chemen lafwa a, se lè yon sèvitè Bondye an devenn, li anba maladi, epi sèvitè sa a rete fidèl ak Bondye. Se nan move moman yo pou w’ konnen vrèman si ou se moun pa Bondye. Se lè sa a ou kapab fè eksperyans puisans Bondye, fòs li ap deplwaye pou moun ki mete tout konfyans yo nan li. Paske nan moman jwisans, tout moun ka kretyen. Men nan moman maladi yo, konbyen ki al chèche gerizon kay ougan oubyen bòkò? Lè gen difikilte konbyen ki konn madichonnen di Bondye lage yo?  Levanjil la vin kore istwa sa ak ofrann vèv la, Jezi di patizan l’ yo pran ekzanp sou pòv vèv sa a, ki pa bay pou fè wè l’, men nan tout sa l’ genyen ak tout sa l’ ye, e se sa ki fè Granmèt la plezi, se ofrann ki sòti nan fon kè nou. Se lè nou kite lavi depann de li e non sou pwòp efò pa n’. Frè m’/sè m’, mete tout konfyans ou nan Granmèt la.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, nan istwa lavi nou, ou toujou montre prezans ou ak anpil lanmou, mizerikòd. N’ap di w’ mèsi pou tout favè ke w’ fè nou. Pa kite nou febli nan moman difisil yo, men ba nou fòs ak kouraj pou n’ sipòte yo, dekwa pou n’ ka wè delivrans ou ki toujou rive pou sila yo ki kwè nan ou. Amèn.
PWOPOZISYON:Pèseverans la se yon kle enpòtan pou kèlkeswa sa yon moun ap chèche; kidonk nan lavi yon kretyen tou, k’ap chèche viv lavi ki korèk devan Bondye. Jodi sa a, an nou rete pèseveran. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario