NEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Men pitit ou a vivan”.
NAN PREMYE LIV WA YO 17, 17-24
Jou sa yo:
Pitit yon mèdfanmi te malad;
maladi a te grav atèl pwen li pa t’ ret souf nan li. Madanm nan di Eli: “Sa k’
genyen ant mwen ak ou menm, moun Bondye? Ou antre lakay mwen pou ou fè m’ sonje
fot mwen yo, pou ou touye pitit mwen an?”
Eli di l’: “Ban m’ pitit ou a”. Li
pran l’ sot nan lestomak li, li pote l’ nan chanmòt la, kote l’ te fè ladesant
la. Li mete l’ sou kabann li a, li rele kot Granmèt la, li di: “Granmèt Bondye
mwen, èske menm vèv sa a, ki resevwa m’ lakay li a, k’ap swen m’ nan, w’ap fè l’
lapenn pou ou touye pitit li a?” Li lonje kò l’, li rete sou pitit la pandan twa
fwa, li rele kot Granmèt la, li di: “Granmèt Bondye, tanpri, fè nanm pitit sa a
tounen nan zantray li?”
Granmèt la koute vwa Eli, nanm
pitit la tounen nan li, li reviv. Eli pran pitit la, li pote l’ sot nan chanmòt
la, li mete l’ nan red-chose a; li renmèt manman l’ li, li di l’: “Men pitit ou
a vivan”.
Madanm nan di Eli: “Koulye a nan
bagay sa a mwen rekonèt ou se moun Bondye, pawòl Granmèt la ki nan bouch ou se
verite”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 29,
2 e 4. 5-6. 11 e 12a e 13b
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske
ou delivre m’, ou pa bay lènmi m’ yo kè kontan sou do m’. Granmèt, ou wete lavi
m’ sot anba tè a, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan fòs la.R.
Chante pou Granmèt la, sen l’ yo,
fè lwanj pou souvni l’ ki sen. Sèke pou yon moman kòlè l’ rive, men se pou lavi
renmen l’ nan dire. Nan aswè gen dlo nan je, nan maten se kè kontan.R.
Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen,
Granmèt, pote m’ sekou. Ou chanje plent mwen an nan chante dans. Granmèt Bondye
m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Li devwale Pitit li a nan mwen, pou m’ anonse l’ bay nasyon yo”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU GALAT YO 1, 11-19
Mwen fè nou
konnen, frè m’ yo, levanjil la mwen te anonse nou an, se pa nan moun li sòti.
Ni non plis tou se pa nan men moun mwen te resevwa l’, ni mwen te aprann li, men
se nan revelasyon Jezikri.
Nou te tande
konduit mwen te genyen lontan nan relijyon jwif la, kijan mwen t’ap pèsekite Legliz
Bondye a depase mezi, kijan mwen te fè l’ lagè. Mwen te fè pwogrè nan relijyon
juif la plis anpil pase moun ras mwen yo ki gen menm laj avèk mwen, mwen te gen
jalouzi anpil pou abitid zansèt mwen yo te kite pou nou an.
Men Sila a ki
te mete m’ apa depi nan vant manman m’ nan, ki te rele m’ gras a favè l’ la, lè
l’ deside devwale Pitit li a nan mwen, pou m’ anonse l’ bay nasyon yo, menm lè a
mwen pa konsilte ni chè ni san; mwen pa vin Jerizalèm kot apot yo ki te la
anvan m’ yo; men m’al Larabi, aprè sa mwen tounen Damas. Aprè twazan mwen vin Jerizalèm
pou m’ wè Pyè, mwen rete kenz jou kote l’. Mwen pa wè okenn lòt apot, sof
Jakòb, frè Granmèt la.
LEVANJIL
“Jenòm, mwen di ou, leve”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7,
11-17
Lè sa a:
Jezi t’a pral
nan yon vil yo rele Nayim; disip li yo ak yon gran foul t’a pral avèk li tou.
Pandan y’ap pwoche bò pòt lavil la, te gen yon mò yo t’ap pote, sèl pitit gason
manman l’; madanm sa a te vèv, te gen anpil foul lavil la avèk li.
Lè Granmèt la wè sa, li pran pitye
pou li, li di l’: “Pa kriye”. Li pwoche, li touche sèkèy la. Moun yo ki t’ap pote yo,
yo kanpe. Li di: “Jenòm, mwen di ou, leve”. Mò a chita, li kòmanse pale; Jezi renmèt
li bay manman l’.
Sezisman pran tout moun, yo fè lwanj
Bondye, y’ap di: “Yon gran pwofèt leve nan pami nou, Bondye vizite pèp li a”. Pawòl sa a gaye nan tout Lajide sou li, ak nan tout rejyon alantou a.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan dizyèm
dimanch Tan Òdinè, Pawòl Bondye ap raple nou Bondye se pa yon Bondye lanmò li
ye, men se yon Bondye lavi. Bondye Abraam, Izaak ak Jakòb la, se Bondye
rezireksyon. Se Bondye mizerikòd, Bondye konpasyon. Lè nou konsidere tèks
litiji Legliz pwopoze nou jodi a, nou ta kapab di dimanch semèn òdinè sa se yon
“dimanch pak” anndan tan òdinè a! Yon dimanch kote gen moun ki fè pasaj soti
nan lanmò pou ale nan lavi.
Ebyen nou dwe sonje jou dimanch la, se jou Granmèt la. Se
jou li manifeste glwa li. Se jou sa Papa Bondye te kase kòd lanmò a antan li te
fè Jezi Pitit li a leve byen vivan, jou kote lanmò pèdi pouvwa pou lavi te
kapab triyonfe.
Depi nan tan lontan nou wè Bondye te toujou manifeste li
kòm yon Bondye lavi. Liv Wa yo te ekri plizyè syèk avan Jezi te vini sou tè a.
Vwala ke yo rakonte nou nan Premyen liv Wa yo jodi a istwa yon madanm ki te gen
yon pitit ki te malad atèlmwen souf li te prèt pou koupe, nan moman kote pwofèt
Eli te fè ladesant lakay li. Mandanm nan te dezespere, li se santi pa gen espwa
pou pitit la viv ankò e li te kòmanse plenyen bay pwofèt kòmkwa se li menm ki
te vini pou touye pitit li a. Paske madanm sa te rekonèt li te plen peche nan
lavi li, li te kwè se te yon malediksyon ki te tonbe nan fanmi an ki fè li t’ap
pèdi pitit li a. Eli te mande li pitit la, li pran li, li monte nan chanm kote
yo te akeyi li a ak li epi li lapriyè konsa: “Granmèt Bondye, tanpri, fè nanm pitit sa a tounen nan zantray li?”.
Bondye te tande vwa li, li geri pitit la. Aprè sa Eli renment madanm nan pitit
li. E madanm nan te rekonèt pouvwa Bondye nan pwofèt la, li te rekonèt li kòm
temwen verite pawòl Bondye a.
Nan dezyèm moso Labib la ki soti nan Lèt Pòl te voye bay
Legliz Galasi a, Apot la ap di Galat yo avèk anpil fyète: “Li [Bondye] devwale Pitit li a
nan mwen, pou m’ anonse l’ bay nasyon yo”. Lè nou revize istwa lavi Pòl nou te kapab di tou, se yon moun ki te fin
mouri paske li te lwen chemen Granmèt la; espirityèlman sila ki te rele Sòl la
se te yon mò. Men Bondye te pale ak li pandan li te sou wout pou li al pèsekite
kretyen yo, antan li di li: “Sòl, Sòl, poukisa w’ap pèsekite mwen konsa?” Depi
lè sa li te tounen yon vrè apot ki t’ap pote flanbo Levanjil la tout kote. Se
Pòl menm k’ap fè nou konnen jodi a, nan Lèt li voye bay Galat yo Se Bondye ki
te mete l’ apa depi nan vant manman l’, se li ki te rele l’ gras a favè l’ la.
Istwa nou jwenn nan Levanjil jodi a, li sanble anpil ak
sa nou te li nan premye moso Labib la. Nan Levanjil la yo di nou Jezi te sou
wout pou ale lavil Nayim e li te fè fas a yon sitiyasyon ki te bay anpil
lapenn. Sèke gen yon vèv ki te pèdi sèl grenn pitit gason li te genyen, e Jezi
te jwenn y’ap pote kò toupre lavil la. Kè Jezi te fè li mal anpil e li te di
madanm nan: “pa kriye”. Aprè sa li
pase Jenòm nan ki te nan sèkèy la lòd, li di li: “Jenòm, mwen di ou, leve”. Jenòm nan ki te nan sèkèy la leve epi li kòmanse pale, aprè sa
Jezi renmèt li bay manman li. Mezanmi, kisa pou Jezi te fè ankò! Lè nou gade
tout istwa sa yo ansanm, tout sa nou sot li yo, nou wè yo tout pale de yon
chanjman radikal nan lavi plizyè moun ki te viv nan epòk trè diferan.
Kòm konlizyon, sa pou nou genbe
jodi a, sèke Bondye pa rete endiferan devan pwoblèm nou yo, Bondye pale epi li
aji; li pote lajwa kote ki gen tristès, li pote espwa kote ki gen dezespwa, li
pote lavi kote ki gen lanmò. Bondye aji dirèkteman oubyen endirèkteman pou li
chanje siyisyon lavi nou. Fè Bondye konfyans, paske li vle e li kapab pote
chanjman ki nesesè nan lavi ou. Kenbe lanp lafwa ou limen, pran kouraj. Granmèt
la tou pre. Se pou sa nou kapab chante sòm 29 la pou nou di: “M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou
delivre mwen”.
LAPRIYÈ:Gramèt, menm
jan ak vèv la ki te enkyete devan pwoblèm maladi pitit li a, menm jan ak madanm
ki te pèdi pitit li, nou menm tou nou konn fè fas ak anpil sitiyasyon ki
dekouraje nou, ki fè nou pèdi espwa. Men tanpri jodi a, n’ap mande ou souple
plis lafwa pou nou kapab sonje epi kwè tout bon vre pa gen anyen ki enposib pou
ou, pa gen maladi ou pa geri, pa chenn ou pa kase, pa gen sèkèy ou pa kraze.
PWOPOZISYON:Lè mwen santi
tout bagay fini, m’ap fè Bondye konfyans, paske li kapab fè sa mwen pa ta janm
panse. Tout bagay kapab rekòmanse ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario