Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye konsole nou, pou nou kapab konsole sila yo ki nan tray yo”.
KÒMANSMAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI
SEN, POU KORENTYEN YO 1, 1-7
Pòl, apot Jezikri, gras a volonte
Bondye, avèk Timote, frè a, pou legliz Bondye a ki korent la, avèk tout sen yo,
ki nan tout lagrès la: Favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt
Jezikri.
Konpliman pou Bondye ak Papa
Granmèt nou Jezikri, Papa kè sansib ak Bondye tout konsolasyon, li menm ki
konsole nou nan tout tray nou, pou nou menm tou nou kapab konsole sila yo k’ap
pase tout kalite tray yo, gras a ankourajman Bondye ba nou.
Sèke, menm jan soufrans Jezikri yo
anpil nan nou an, konsa tou konsolasyon nou ap anpil gras a Jezikri. Swa n’ap pase
tray pou ankourajman nou ak delivras nou, swa nou jwenn konsolasyon pou
konsolasyon pa nou, swa nou jwenn ankourajman pou ankourajman pa nou ak delivrans
pa nou, sa fè nou jwenn pasyans pou nou sipòte menm soufrans n’ap sipòte yo:
pou espwa nou kapab asire pou nou, antan nou konnen menm jan nou patisipe nan
soufrans nou yo, konsa tou n’ap patisipe nan konsolasyon an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn
konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou
nou leve non l’ anlè ansanm, mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout
sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li li sove
l’.R.
Mesaje Granmèt la ap veye alantou
moun ki respekte l’ yo, pou l’ delivre yo. Goute, n’a wè
jan Granmèt la bon; se chans pou moun ki espere nan li.R.
LEVANJIL
“Se chans pou pòv yo nan lespri a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
5, 1-12
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou mòn
nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse
ba yo lansèyman, li di:
Se chans pou moun ki pòv yo nan lespri
a, paske se pou yo rèy syèl la ye.
Se chans pou moun ki dou yo, paske
se yo menm k’ap posede tè a, se chans pou moun k’ap kriye yo, paske y’ap konsole.
Se chans pou moun ki grangou, ki swaf
jistis la, paske y’ap jwenn kont yo.
Se chans pou moun ki gen kè sansib
yo, paske y’ap jwenn kè sansib.
Se chans pou moun ki gen kè yo
nèt, paske y’ap wè Bondye.
Se chans pou moun k’ap travay pou
lapè a, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Se chans pou moun k’ap soufri pèsekisyon
poutèt jistis la, paske se pou yo rèy syèl la yo.
Se chans pou nou, lè y’ap
madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont
nou, antan y’ap fè manti, akoz mwen; fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans
nou anpil nan syèl la. An verite, se konsa yo te pèsekite pwofèt yo ki te la
anvan nou yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lekti litiji Legliz
la pwopoze nou pou jounen jodi a gen kòm tèm prensipal “konsolasyon”. Nan
premye lekti nou li nan kòmansman dezyèm lèt Pòl ekri moun legliz Korent yo, apot
la ap mande kretyen yo pou youn sipòte lòt nan tribilasyon; lèt sa a Pòl ekri l’
pandan li te nan wout kote li ta pral vizite legliz Korent la li te apèn fonde
e l’ te kite Tit nan tèt li kòm responsab. Se te nan tan gwo pèsekisyon kont
Legliz Jezikri a, Pòl pa t’ neglije kominote sa a, li te apèn fin anonse
levanjil la, sitou nan mitan yo te gen anpil moun ki t’ap chèche detwi travay
sa a nan mitan kominote kretyen nan. Kidonk l’ap mande yo pou yo pran fòs nan
Jezikri pou yo pa tonbe nan tribilasyon. Li di yo se pou yo pran ekzanp pasyans
Jezi: “Sèke, menm jan soufrans Jezikri yo anpil nan nou an, konsa tou konsolasyon
nou ap anpil gras a Jezikri. Swa n’ap pase tray pou ankourajman nou ak delivrans
nou, swa nou jwenn konsolasyon pou konsolasyon pa nou, swa nou jwenn
ankourajman pou ankourajman pa nou ak delivrans pa nou, sa fè nou jwenn pasyans
pou nou sipòte menm soufrans n’ap sipòte yo”. Levanjil la nou sot li a mete nou
nan menm beny lan. Li pale nou de kosolasyon. Men li enpòtan pou nou fè diferans
ant konsolasyon ak reziyasyon: se de bagay diferan. Jezi di moun ki t’ap tande
l’ sou tèt mòn nan, “Se chans pou moun...” menm jan li te k’ab di “pran kouraj,
konsole”. Kategori moun nou te jwenn nan
fou l’ moun Jezi te gen devan l’, li t’ap
preche yo, se te malad, pòv, fanm, timoun, pechè piblik, moun ki pa t’
konte nan sosyete a. Jezi pale ak sila yo, li di yo se chans pou yo nan divès
kalite soufrans y’ap travèse. Si nou entèprete espresyon “se chans...” la, nan
kontèks istorik Jezi ak foul li gen devan l’ yo, nou ka ranplase se chans la pa
“konsole...” . Ki vle di Jezi mande yo, e li mande nou tou nou menm kretyen
kosole n’ nan tout kalite soufrans, paske mal la pa janm genyen batay, dènye
pawòl la, se Granmèt la ki genyen l’. Byen an ap toujou pote laviktwa sou mal
la.
LAPRIYÈ:Granmèt,
tanpri pa kite nou santi nou pou kont nou devan tribilasyon n’ap rankontre sou
chemen lavi a. Fè nou bwè nan sous konsolasyon w’ lan, dekwa pou n’ kab siye
dlo nan je frè n’ yo k’ap kriye. Pa kite nou bliye ke avèk ou n’ap pote
laviktwa sou mal la. Amèn.
PWOPOZISYON: Nan jounen jodi
sa a, ann montre nou kanpe avèk frè nou yo ki gen plis nesesite, pandan nou
solidè avèk yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario