Páginas

MADI 11

Koulè Wouj               
BANABE, Apot
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Se te yon moun ki bon, ki plen Lespri Sen ak lafwa”.
NAN TRAVAY APOT YO 11, 21b-26; 13, 1-3
Jou sa yo:
Anpil kantite moun ki kwè te vin tounen kot Granmèt la. Pawòl la rive nan zòrèy Legliz la ki Jerizalèm nan, sou bagay sa yo, yo voye Banabe jous Antyòch. Lè l’ rive, li wè gras Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan bon dispozisyon kè yo nan Granmèt la; paske se te yon mesye ki bon, ki te plen ak Lespri Sen ak lafwa. Anpil foul vin jwenn Granmèt la.
Banabe pati al Tas, pou l’ chèche Sòl; lè l’ jwenn li, li mennen l’ Antyòch. Yo rete pandan tout ane a la nan Legliz la, yo t’ap bay anpil foul ansèyman, atèl pwen pou premye fwa yo rele disip Antyòch yo “kretyen”.
Nan Legliz la ki Antyòch la, te gen pwofèt ak savan sakre, nan pami yo se te Banabe ak Simon, sa yo rele Nwa a, Lisiyis, moun Sirèn nan, ak Manayèn (ki te grandi tou piti ansanm avèk Ewòd, chèf ka peyi a), epi Sòl.
Pandan y’ap fè sèvis yo pou Granmèt la, epi y’ap fè jèn, Lespri Sen an di yo: “Mete Sòl ak Banabe apa pou mwen, pou travay la mwen chwazi pou yo a”. Yo fè jèn, yo priye, yo poze men sou yo, yo kite yo ale.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.

SÒM REPONS 97, 1. 2-3a. 3c-4. 5-6
R/ Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale jistis li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje mizerikòd li, ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
“Ale, preche, rèy syèl yo tou pre”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 7-13
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
“Ale, preche, di peyi wa syèl yo tou pre. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte lepre yo, chase demon yo: nou resevwa gratis, bay gratis.
Pa pote lò ni lajan, ni ti monnen nan pòch nou, ni sak sou wout la, ni de chemiz, ni soulye, ni baton; travayè a merite manje l’; nan nenpòt vil oubyen bouk nou antre, mande si gen yon moun respektab la, rete la joustan nou pati.
Lè nou antre nan yon kay, salye l’, di: “Lapè pou kay sa a”, si kay sa a merite, lapè nou an ap vin sou li; otreman si l’ pa merite, lapè nou an ap tounen kote nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.

REFLEKSYON: Jodi 11 jen nan lane 2013 la, Legliz la ap sonje Sen Banabe ki se youn nan apot Jezikri yo. Se yon opòtinite pou nou kapab fè yon ti gade istwa lavi li, pou nou konnen kilès li te ye epi pou kisa Legliz la prezante nou li kòm yon modèl pou nou swiv. Non orijinal Banabe se te Jozèf, se apot yo ki te chanje non li pou yo rele li Banabe: sa vle di “Pitit ekzòtasyon an”, malgre selon Sen Lik non sa a vle di “Nonm k’ap ankouraje a”. Nan chapit 4, vèsè 34 a 37, liv Travay Apot yo fè nou konnen Banabe te vann jaden li te genyen ak tout pwodui li te rekòlte e li te pote lajan renmèt Apot yo pou yo te kapab separe bay pòv yo, sila yo ki pa t’ gen anyen ditou. Se te yon gwo kolaboratè Sen Pòl. Sen Pòl, lè li te tounen Jerizalèm twa lane aprè konvèsyon li, li te resevwa sipò nan men Banabe devan tout lòt Apot yo e Banabe te entèsede pou li pou lòt apot yo te kapab rive aksepte li Jerizalèm pou ekzèse ministè li kòmsadwa.
Banabe pa t’ fè pati 12 apot Jezi te chwazi yo, men li pwobab pou li te youn nan 70 disip ki mansyone nan Levanjil la, se pa nan Levanjil sa a men nan yon lòt pasaj. Tout premye defansè doktrin Kris la, ansanm ak Sen Lik, yo te admèt Banabe kòm apot, akoz misyon espesyal Lespri Sen an Te konfye li.
Apot yo te apresye li, yo te konsidere li anpil, paske se te “Se te yon moun ki bon, ki plen Lespri Sen ak lafwa”. (Travay 11,24), se pou sa yo te chwazi li pou li te kapab ale evanjelize lavil Antyòch. Predikasyon li te kòz anpil moun konvèti, kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Remak nou kapab fè, se Lespri Sen an menm ki te chwazi Banabe lè li te di: “Mete Sòl ak Banabe apa pou mwen, pou travay la mwen chwazi pou yo a”. Se nan sans sa a sòm 97 la di nou “Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale jistis li a”.
Misyon sa a Lespri Sen te konfye Apot yo, nan chapit 10 Levanjil li a, Matye ap fè nou sonje li jodi a: “Ale, preche, di peyi wa syèl yo tou pre. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte lepre yo, chase demon yo: nou resevwa gratis, bay gratis…”. Se sa ki misyon Legliz la, se sa ki misyon nou chak jodi a, se sa ki misyon tout Batize. Ann nou mande Sen Banabe pou li entèsede pou nou dekwa pou menm jan ak li nou rive akonpli misyon liberasyon sa a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mwen di w’ mèsi pou Sen Banabe, Apot, ou ba nou kòm modèl sèvis ak devouman. Tanpri, ede nou swiv ekzanp li kite pou nou, pou nou kapab kontinye travay liberasyon Jezikri a, pou lwanj pa ou ak pou delivrans pa nou. Menm jan ak Banabe, aprann nou pataje sa nou genyen ak moun ki pa gen anyen ditou. Aprann nou divòse ak byen latè, paske se bagay k’ap pase yo ye, e nou menm n’ap pase. Fè nou chèche vrè byen an, ki se ou menm menm. Nou mande ou sa nan non Jezikri Sovè nou an. Amèn

PWOPOZISYON: Mwen ap antre nan mwen menm, pou mwen wè kisa ki vle antrave relasyon mwen ak Bondye. Mwen pral fè yon jès  renmen ak yon moun ki pòv. M’ap pataje yon bagay ki gen anpil enpòtans pou mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario